< Ezekyèl 48 >

1 Sou bò nò, fwontyè peyi a ap soti bò lanmè Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fwontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap soti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan.
Alò, sila yo se non a tribi yo: soti nan pwent nò a, akote chemen a Hethlon rive Lebo-Hamath, Hatsar-Énon nan lizyè Damas la, vè nò a akote Hamath, ki kouri soti nan lès pou ale nan lwès Dan, yon pòsyon.
2 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a.
Akote lizyè a Dan nan, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Aser, yon pòsyon.
3 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a.
Akote lizyè Aser a, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Nephthali, yon pòsyon.
4 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a.
Akote lizyè Nephthali a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Manassé, yon pòsyon.
5 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan.
Akote lizyè Manassé a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Éphraïm, yon pòsyon.
6 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Woubenn lan.
Akote lizyè Éphraïm nan, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Ruben, yon pòsyon.
7 Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a.
Akote lizyè Ruben an, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Juda, yon pòsyon.
8 Apre pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè soti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap soti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan.
Epi akote lizyè Juda a, soti nan kote lès la, jis rive nan kote lwès la, va yon pòsyon ke nou va mete akote, venn-senk-mil koude nan lajè ak nan longè, kon youn nan pòsyon yo, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la; epi sanktiyè a va nan mitan li.
9 Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè mete l' apa nèt pou Seyè a.
Pòsyon ke nou va rezève pou SENYÈ a, venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil koude nan lajè.
10 Y'a bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Seyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Seyè a.
Pòsyon sen an va pou sila yo; pou prèt yo, vè nò, venn-senk-mil koude nan longè vè lwès, di-mil nan lajè, e vè sid, venn-senk-mil nan longè; epi sanktiyè SENYÈ a va nan mitan l.
11 Moso tè sa a va rete pou prèt ki soti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pa t' pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo.
Li va pou prèt ki sen pami fis a Tsadok yo, ki te kenbe responsabilite Mwen an, ki pa t vin egare lè fis Israël yo te vin egare, jan Levit yo te egare a.
12 Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Seyè a.
Li va yon pòsyon pou yo soti nan pòsyon peyi a, yon kote ki sen pase tout kote, akote pòsyon Levit yo.
13 Moun Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè soti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè soti nan nò rive nan sid.
Akote lizyè prèt yo, Levit yo va gen venn-senk-mil koude nan longè, e di-mil nan lajè. Longè total la va venn-senk-mil koude, e lajè a va di-mil koude.
14 Yo p'ap gen dwa ni vann tè a, ni boukante l' ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l' apa pou Seyè a, se pou li li ye nèt.
Anplis, yo p ap ni vann ni fè echanj okenn ladann, ni anile okenn nan pòsyon chwazi nan teren sa a; paske li sen a SENYÈ a.
15 Rès tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l' apa pou Seyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la dwat nan mitan l'.
Rès la, senk-mil koude nan lajè e venn-senk-mil koude nan longè, va pou sèvis vil la, pou kay yo ak pou espas ouvri yo; epi lavil la va nan mitan li.
16 Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2520) mèt chak bò.
Sa yo va mezi li: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude, kote sid la, kat-mil-senk-san koude, kote lès la, kat-mil-senk-san koude, e kote lwès la, kat-mil-senk-san koude.
17 Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè.
Vil la va gen espas ouvri yo: Nan nò, de-san-senkant koude, nan sid, de-san-senkant koude, nan lès, de-san-senkant koude e nan lwès, de-san-senkant koude.
18 Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la.
Rès longè akote pòsyon ki sen an, va di-mil koude vè lès, e di-mil koude vè lwès; epi li va kouri akote pòsyon sen an. Epi pwodwi li yo va vin manje pou ouvriye vil yo.
19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a.
Ouvriye vil yo, ki sòti nan tout tribi Israël yo, va kiltive li.
20 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou.
Tout pòsyon an va venn-senk-mil pa venn-senk-mil koude; nou va mete apa pòsyon sen an, yon pòsyon an fòm kare, ak teren vil la.
21 Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'.
Tout sa ki rete va pou prens lan, de yon kote a yon lòt kote, de pòsyon sen an ak teren vil la; devan venn-senk-mil koude a pòsyon an vè lizyè lès la, e vè lwès, devan venn-senk-mil koude vè lizyè lwès la, akote pòsyon yo, li va pou prens lan. Epi pòsyon sen an ak sanktiyè kay la va nan mitan li.
22 Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.
Apa de teren Levit yo ak teren vil la, ki nan mitan a sila ki apatyen a prens lan, tout bagay antre lizyè Juda a ak lizyè Benjamin an va pou prens lan.
23 Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a soti depi sou fwontyè bò solèy leve a rive sou fwontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an.
Pou tout rès tribi yo: Soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Benjamin, yon pòsyon.
24 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an.
Akote lizyè Benjamin an, soti nan kote lès la pou rive nan lwès la, Siméon, yon pòsyon.
25 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a.
Akote lizyè Siméon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Issacar, yon pòsyon.
26 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an.
Akote lizyè Issacar a, soti nan kote lès la, pou rive nan kote lwès la, Zabulon, yon pòsyon.
27 Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la.
Akote lizyè Zabulon an, soti nan kote lès la pou rive nan kote lwès la, Gad, yon pòsyon.
28 Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fwontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fwontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.
Akote lizyè Gad la, soti nan kote vè sid la, lizyè a va soti Thamar jis rive nan dlo a Meriba yo nan Kadès, nan flèv Égypte la, jis rive nan Gwo Lanmè a.
29 Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.
Sa se peyi ke nou va divize selon tiraj osò bay tribi Israël yo, kon eritaj e sila yo se pòsyon pa yo,” deklare Senyè BONDYE a.
30 Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè.
“Sa yo se kote pou sòti nan vil la: Nan kote nò a, kat-mil-senk-san koude pa mezi,
31 L'a gen twa pòtay: pòtay Woubenn, pòtay Jida, pòtay Levi.
Sa yo va pòtay vil yo, ki gen non a tribi Israël yo, twa pòtay vè nò: pòtay Ruben an, youn; pòtay Juda a, youn; pòtay Levi a, youn.
32 Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann.
“Nan kote lès la, kat-mil-senk-san koude, va gen twa pòtay sila yo: pòtay Joseph la, youn; pòtay Benjamin an, youn; pòtay Dan nan, youn.
33 Miray sid la va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon.
“Nan kote sid la, kat-mil-senk-san koude pa mezi, va gen twa pòtay: pòtay Siméon an, youn; pòtay Issacar a, youn; pòtay Zabulon an, youn.
34 Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali.
“Nan kote lwès la, kat-mil-senk-san koude, twa pòtay: pòtay Gad la, youn; pòtay Aser a, youn; pòtay Nephthali a, youn.
35 Tout miray la nèt va mezire dimil katreven (10.080) mèt longè antou. Depi jou sa a, y'a rele lavil la: Se la Seyè a ye!
“Vil la va diz-ui-mil koude antoure nèt; epi non a vil la soti nan jou sa a va: ‘SENYÈ a la’.”

< Ezekyèl 48 >