< Ezekyèl 38 >
1 Seyè a pale avè m' ankò. li di m' konsa:
Epi pawòl Bondye te vin kote mwen. Li te di:
2 -Nonm o! Vire tèt ou gade sa Gòg ap fè a. Se li ki pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo nan peyi Magòg. Bay mesaj mwen ba ou sou li a.
“Fis a lòm, mete figi ou vè Gog nan peyi Magog, prens a Rosch la, Méschec, ak Tubal e pwofetize kont li.
3 W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou.
Di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, O Gog, prens a Rosch la, Méschec ak Tubal.
4 M'ap fè ou kase tèt tounen, m'ap mete bayonn nan machwè ou. M'ap trennen ou, ou menm ansanm ak tout lame sòlda ou yo, chwal ou yo ak kavalye ou yo, ak bèl inifòm yo sou yo. Yon gwo lame w'ap genyen lè sa a, chak sòlda ak nepe yo nan yon men ak yon gwo osinon yon ti plak fè pwotèj nan lòt men an.
Mwen va fè ou detounen. Mwen va mete yon kwòk nan machwè ou, e Mwen va rale ou deyò ak tout lame ou a; cheval ak chevalye yo, yo tout byen abiye, yon gran twoup moun, boukliye ak pwotèj, tout k ap manyen nepe;
5 Moun peyi Pès, moun peyi Letiopi ak moun peyi Pout ap mache avè ou. Yo tout gen gwo plak fè pwotèj sou ponyèt yo ak kas fè sou tèt yo.
Perse Ethiopie e Put avèk yo, yo tout ak boukliye ak kas;
6 Tout sòlda peyi Gome yo, tout moun lavil Bèt-Togama ki nan nò nèt la, yo kanpe avè ou tou, ansanm ak kantite moun anpil lòt nasyon.
Gomer ak tout twoup li yo; Beth-Togarma soti kote ki pi lwen nan nò a avèk tout twoup li yo—anpil moun avèk ou.”
7 Di l' konsa: Li mèt pare, li mèt pare tout sòlda l' yo ki sanble bò kote l' pou yo tann lòd mwen yo.
“‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo.
8 Apre kèk tan m'ap ba li lòd pou l' al anvayi yon peyi kote moun ki te rive chape nan lagè yo te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Wi, li pral anvayi mòn peyi Izrayèl yo ki te rete pandan lontan tankou yon dezè. Men, moun peyi Izrayèl yo soti nan mitan moun lòt nasyon yo. Koulye a y'ap viv lakay yo ak kè poze, san ankenn danje.
Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan teren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout.
9 L'a moute vin atake yo ansanm ak tout lame li ak tout kantite moun lòt nasyon ki avè l' yo. L'ap tankou yon van tanpèt. L'ap kouvri tout peyi a tankou yon gwo nwaj.
Ou va monte. Ou va vini tankou yon tanpèt. Ou va tankou yon nwaj k ap kouvri peyi a, ou menm ak tout twoup ou yo, ansanm ak anpil lòt nasyon yo.”
10 Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Li va rive nan jou sa a, ke kèk panse va vin antre nan lespri ou e ou va anvizaje yon move plan.
11 Ou pral deside pou ou anvayi yon peyi san defans, kote moun ap viv ak kè poze, san bri san kont, kote moun rete nan lavil san miray ranpa, san pòtay ni ba fè.
Konsa ou va di: ‘Mwen va monte kont peyi a ak vil san miray yo. Mwen va ale kont sila ki an repo yo, ki viv ansekirite yo, yo tout k ap viv san miray yo, san fè fòje ni pòtay yo,
12 Ou pral piye, ou pral devalize, ou pral pran tou sa moun yo genyen nan lavil ki te fin kraze yon lè a. Moun sa yo tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo. Koulye a, yo gen anpil bèt ak anpil byen, y'ap viv nan gran kalfou latè a.
pou kaptire e sezi piyaj la, pou vire men ou kont kote dezè ki, koulye a, gen moun yo, e kont pèp ki vin rasanble soti nan nasyon yo, ki te vin genyen byen ak bèt, ki viv nan mitan mond lan.’
13 Moun peyi Cheba ak moun peyi Dedan ansanm ak kòmèsan ki soti nan peyi Tasis yo ak lòt peyi nan vwazinaj yo pral mande ou: Eske se pou ou pran tou sa moun yo genyen kifè ou vin atake yo la a? Eske se pou piye ou sanble tout lame sa a? Eske ou soti pou devalize tou sa yo genyen ki fèt an lò ak an ajan, pou ou pran bèt yo ak byen yo, lèfini pou ou bwote tou sa ou pran al lakay ou?
Séba, Dedan, komèsan Tarsis yo ak tout ti vil li yo va di ou: ‘Èske ou vini pou kaptire piyaj la? Èske ou te rasanble twoup ou yo ou pou sezi piyaj la, pou pote ale ajan ak lò, pou pote ale bèt ak anpil byen, pou sezi gwo piyaj la?’”’
14 Se poutèt sa, nonm o, bay mesaj mwen an! Ale di Gòg konsa men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a pèp Izrayèl la, pèp mwen an, ap viv ak kè poze san ankenn danje, se lè sa a wava bay kò ou mouvman.
“Pou sa, pwofetize, fis a lòm e di a Gog: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nan jou ke pèp Mwen an ap viv ansekirite a, èske ou p ap konnen sa?
15 W'ap kite kote ou ye a, nan pwent nò a, w'ap vini ak yon gwo lame sòlda ou ranmase nan mitan anpil nasyon, yo tout moute sou chwal yo.
Ou va sòti nan plas kote ki pi lwen yo nan nò a, ou menm ak anpil pèp avèk ou, yo tout ap galope cheval, yon gwo asanble e yon lame pwisan.
16 Ou pral tonbe sou pèp Izrayèl mwen an tankou yon van tanpèt k'ap pase sou tout peyi a. Lè lè a va rive, m'ap voye ou anvayi peyi mwen an pou m' ka fè lòt nasyon yo konnen ki moun mwen ye, pou yo rekonèt se yon Bondye apa mwen ye lè y'a wè travay ou menm Gòg, ou pral fè pou mwen an.
Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”
17 Se sou ou mwen t'ap pale nan tan lontan lè mwen te sèvi ak pwofèt pèp Izrayèl yo, sèvitè m' yo, pou m' te fè yo konnen mwen gen pou m' te voye yon moun vin atake yo lè jou a va vini. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske ou se moun sou sila ke M te pale nan ansyen jou yo pa sèvitè Mwen yo, pwofèt Israël yo? Sila ki te pwofetize nan jou sa yo pandan anpil ane pou M ta mennen ou kont yo?
18 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Jou Gòg pral anvayi peyi Izrayèl la, kòlè m' ap moute m'.
Li va vin rive nan jou sila a, lè Gog monte kont peyi Israël”, deklare Senyè BONDYE a: “ke gwo chalè mekontantman Mwen va monte nan kòlè Mwen.
19 M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.
Nan devouman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, Mwen deklare ke nan jou sa a, va anverite gen yon gwo tranbleman detè nan peyi Israël.
20 Pwenson nan lanmè, zwezo nan syèl, bèt nan bwa, bèt k'ap trennen sou vant, tout moun ki rete sou latè pral tranble paske y'ap pè m'. Mòn yo pral anfale, falèz yo pral vide desann. Tout miray yo pral tonbe atè.
Pwason lanmè yo, zwazo syèl yo, bèt nan chan yo, tout bèt sila k ap kouri atè yo ak tout moun sou sifas tè a va souke devan prezans Mwen. Mòn yo tou va jete anba, ti wout apik yo va vin bouche e tout miray va tonbe atè.
21 Mwen pral voye tout kalite malè sou Gòg pou fè li pè. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sòlda li yo, yonn pral touye lòt ak nepe yo.
Mwen va rele yon nepe kont li sou tout mòn Mwen yo”, deklare Senyè BONDYE a. “Nepe a tout moun va kont frè yo.
22 M'ap pini l', m'ap voye maladi sou li, m'ap mete san l' deyò. Mwen pral voye gwo lapli avèk lagrèl, dife ak souf sou li, sou lame li a ak sou tout nasyon ki kanpe avè l' yo.
Ak ensèk ak maladi, e ak san, Mwen va antre an jijman ak li. Mwen va voye lapli sou li ak twoup li yo e sou kantite moun ki vini avèk li yo, yon gwo lapli ak gwo wòch lagrèl, ak dife, ak souf.
23 Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”