< Ezekyèl 37 >

1 Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.
Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo.
2 Li fè m' pwonmennen nan tout fon an, nan mitan zosman yo. Mwen wè te gen anpil anpil zosman atè nan fon an. Zosman yo te fin chèch nèt.
Li te fè m pase toutotou nan yo, e gade byen, te gen anpil sou sifas vale a. Epi gade byen, yo te byen sèch.
3 Li di m' konsa: -Nonm o! Eske zosman sa yo ka tounen vivan ankò? Mwen reponn: -Seyè sèl Mèt la, se ou ki konnen!
Li te di mwen: “Fis a lòm, èske zo sila yo kapab viv?” Konsa, mwen te reponn: “O Senyè BONDYE! Ou menm ki konnen.”
4 Lè sa a, li di m' konsa: -Bay mesaj sa a pou zosman yo. W'a di zosman ki fin chèch yo pou yo koute pawòl Seyè a.
Ankò li te di mwen: “Pwofetize sou zo sila yo pou di yo: ‘O zo sèch yo, tande pawòl SENYÈ a.
5 Wi, men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral fè yon van soufle sou nou pou nou ka tounen vivan ankò.
Konsa pale Senyè BONDYE a a zo sila yo: “Gade byen, Mwen va fè souf lavi antre nan nou pou nou kapab vin vivan.
6 M'ap mete venn sou nou, m'ap fè vyann pouse sou nou, m'ap kouvri nou ak po. M'ap mete souf nan nou, m'ap fè nou viv ankò. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mwen va mete venn sou nou, kite chè vin grandi sou nou ankò, e mete souf nan nou pou nou ka vin vivan. Epi nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”
7 Mwen bay mesaj Bondye a jan li te ban m' lòd la. Antan m'ap pale konsa, mwen tande yon gwo bri, zosman yo pran deplase jouk yo jwenn plas yo yonn bò kote lòt.
Konsa, mwen te pwofetize jan mwen te kòmande a. Epi pandan mwen t ap pwofetize a, te gen yon bri e, gade byen, yon son tankou yon bagay k ap souke. Konsa, zo yo te vin rive ansanm, zo ak zo parèy yo.
8 Mwen gade, mwen wè zosman yo te gen venn sou yo. Vyann t'ap pouse sou yo. Lèfini po kouvri yo tout. Men pa t' gen souf nan yo.
Mwen te gade e vwala, venn te vin sou yo, chè te vin grandi, e po yo te vin kouvri. Men pa t gen souf nan yo.
9 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Bay mesaj Bondye a, pale ak van an. W'a di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Vini non! Soti nan kat bòn direksyon yo. Soufle sou tout mò sa yo, fè yo tounen vivan ankò.
Epi li te di mwen: “Pwofetize a souf lavi a! Pwofetize, fis a lòm, e di a souf lavi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYÈ a: “Vin sòti nan kat van yo, O souf lavi, e soufle sou sila ke yo te touye yo, pou yo ka vin vivan.”’”
10 Se konsa, mwen bay mesaj la, jan li te ban m' lòd la. Souf la antre nan kadav yo, yo vin vivan ankò, yo kanpe sou de pye yo. Te gen anpil anpil moun, kont pou fè yon gwo lame.
Konsa, mwen te pwofetize jan Li te kòmande mwen an. Souf lavi a te antre nan yo. Yo te vin vivan e te kanpe sou pye yo, yon lame gran depase.
11 Bondye di mwen: -Nonm o! Moun pèp Izrayèl yo tankou zosman sa yo. Y'ap di: Nou fin deperi, nou pa gen espwa ankò. Nou fini nèt.
Konsa li te di mwen: “Fis a lòm, zo sila yo se tout lakay Israël. Gade byen, yo di: ‘Zo nou yo vin sèch e espwa nou fin peri. Nou fin koupe retire nèt.’
12 Se poutèt sa, ba yo mesaj sa a. Di yo konsa: Men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral louvri tonm yo. Mwen pral fè yo soti ladan yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi Izrayèl la.
Pou sa, pwofetize e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va ouvri tonm nou yo pou fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an; epi Mwen va mennen nou antre nan peyi Israël.
13 Wi, m'a louvri tonm kote pèp mwen an te antere a, m'a fè yo soti nan tonm yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin ouvri tonm nou yo e fè nou monte sòti nan tonm nou yo, pèp Mwen an.
14 M'ap mete souf mwen nan yo, m'ap fè yo tounen vivan ankò. M'ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m' te di m'ap fè a, m'ap fè l' vre. Se Seyè a menm ki di sa.
Mwen va mete Lespri M anndan nou, nou va vin vivan e Mwen va mete nou sou pwòp teren pa nou. Nan lè sa a, nou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, te fin pale, e te fè sa,” deklare SENYÈ a.’”
15 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen ankò. Li te di:
16 -Nonm o! Pran yon moso bwa. Ekri sou li: Jida ak moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo. Lèfini, pran yon lòt moso bwa. Ekri sou li: Jozèf osinon Efrayim ak tout moun pèp Izrayèl k'ap mache avè l' yo.
“Ou menm, fis a lòm, pran pou kont ou yon mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Juda e pou fis a Israël parèy li yo’. Epi pran yon lòt mòso bwa e ekri sou li: ‘Pou Joseph, bwa Éphraïm nan, ak tout lakay Israël parèy li yo.’
17 Pran de moso bwa yo, kole yo bout pou bout, kenbe yo yon jan pou yo parèt tankou si se yon sèl bout bwa ou gen nan men ou.
Konsa, pou kont ou, fè yo vin jwenn youn ak lòt pou vin fè yon sèl bwa, pou yo ka vin youn nan men ou.”
18 Lè moun pèp ou yo va mande ou: Manyè di nou sa sa vle di.
“Lè fis a pèp ou yo mande ou e di: ‘Èske ou p ap deklare a nou menm sa ou vle di ak sa yo?’
19 W'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen.
Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran bwa Joseph la, ki nan men Éphraïm nan, ak tribi Israël parèy li yo, epi Mwen va mete yo avèk li, avèk bwa a Juda a. Konsa, yo va fè yon sèl bwa. Yo va vin youn nan men M.
20 Kenbe de bout bwa yo nan men ou pou tout pèp la ka wè yo.
Bwa sou sila ou ekri yo, va nan men ou devan zye yo.”’
21 Lèfini, w'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Mwen pral mache chache dènye moun pèp mwen an nan mitan tout nasyon kote yo te ale a. M'ap sanble yo soti toupatou, m'ap mennen yo tounen nan peyi pa yo a.
Pale ak yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va pran fis Israël yo soti nan nasyon kote yo te ale yo. Epi Mwen va rasanble yo soti tout kote pou mennen yo antre nan pwòp peyi pa yo.
22 M'ap fè yo tounen yon sèl pèp nan peyi a ankò, sou mòn Izrayèl yo. Yo pral gen yon sèl wa pou gouvènen yo. Yo p'ap fè de peyi ankò. Yo p'ap fè de gouvènman ankò.
Konsa, Mwen va fè yo vin yon nasyon nan peyi a, sou mòn Israël yo, epi yon wa va wa pou yo tout. Konsa, yo p ap fè de nasyon ankò e yo p ap divize an de wayòm ankò.
23 Yo pa pral avili tèt yo ankò nan fè sèvis pou zidòl, nan fè bagay derespektan devan Bondye, nan fè sa yo pa t' gen dwa fè. M'ap delivre yo anba tout zidòl ki te fè yo vire do ban mwen an, ki te fè yo fè peche a. M'ap mete yo nan kondisyon pou yo ka sèvi m' ankò. Y'ap tounen yon pèp ki rele m' pa m'. Mwen menm, m'ap Bondye yo.
Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”
24 Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo.
“‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.
25 Y'ap rete nan peyi mwen te bay Jakòb, sèvitè m' lan, peyi kote zansèt yo te viv la. Yo pral viv la pou tout tan, yo menm, pitit yo ak pitit pitit yo pou tout tan. Se yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, ki pral gouvènen yo pou tout tan gen tan.
Yo va viv sou tè ke M te bay a Jacob la, sèvitè Mwen an, nan sila papa zansèt nou yo te rete a. Yo va viv sou li, yo menm, fis yo ak fis a fis yo, jis pou tout tan, epi David, sèvitè Mwen an, va prens yo jis pou tout tan.
26 M'ap pase yon kontra ak yo k'ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M'ap mete yo kanpe ankò, m'ap fè yo peple. M'ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo.
Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.
27 Se la m'ap viv avèk yo. Se mwen menm k'ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m' pa m' lan y'ap ye.
Anplis, abitasyon Mwen an va avèk yo, epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
28 Wi, m'a fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Lè sa a, lòt nasyon yo va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te chwazi pèp Izrayèl la pou l' te ka viv apa pou mwen.
Konsa, nasyon yo va konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye Israël la, lè sanktyè Mwen an nan mitan yo jis pou tout tan.”’”

< Ezekyèl 37 >