< Ezekyèl 31 >
1 Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Now it came to pass in the eleventh year, in the third month, on the first day of the month, that the word of Jehovah came to me, saying:
2 -Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a!
Son of man, say to Pharaoh, king of Egypt, and to his multitude: To whom art thou like in thy greatness?
3 Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo.
Behold, the Assyrian was a cedar upon Lebanon, with fair branches; An overshadowing thicket, high of stature; And his top was among thick boughs.
4 Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan.
The waters made him great; the deep waters made him high; Their streams went around their plantation, And sent forth their channels to all the trees of the field.
5 Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long.
Therefore his height was exalted Above all the trees of the field. And his boughs were multiplied, and his branches became long, Because of the abundance of water when he shot forth.
6 Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita.
In his boughs all the birds of heaven made their nests, And under his branches all the beasts of the field brought forth their young; And under his shadow dwelt all the great nations.
7 Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a.
Thus was he beautiful in his greatness, in the length of his branches; For his root was by many waters.
8 Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'.
The cedars in the garden of God could not hide him; The cypress-trees were not like his boughs, And the plane-trees were not like his branches. Not any tree in the garden of God Was like to him in his beauty.
9 Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'.
I made him beautiful in the multitude of his branches, So that all the trees of Eden, which were in the garden of God, envied him.
10 Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li.
Therefore thus saith the Lord Jehovah: Because he lifted himself up in stature, And shot up his top among the thick boughs, And his heart was lifted up on account of his height,
11 Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo.
Therefore I delivered him into the hand of the mighty one of the nations, To deal hardly with him; I drave him out for his wickedness;
12 Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li.
And strangers, the terrible of the nations, cut him off and cast him away. Upon the mountains and in all the valleys his branches fell; And his boughs were broken in all the valleys of the land. And all the nations of the earth withdrew from his shadow and left him;
13 Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.
Upon his ruin dwelt all the birds of the heavens, And upon his branches were all the beasts of the forest.
14 Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.
To the end that none of all the trees by the waters Might exalt themselves for their stature, Nor shoot up their top among the thick boughs, And that none of the trees that drink water should cleave to them on account of their height; For all of them are delivered to death, to the lower parts of the earth, In the midst of the sons of men, To them that have gone down to the pit.
15 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li. (Sheol )
Thus saith the Lord Jehovah: In the day when he went down to the grave, I caused the deep to mourn, I covered it for him; I restrained on account of him the streams, and the great waters were kept back; And I caused Lebanon to mourn for him, And all the trees of the field fainted for him. (Sheol )
16 Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a. (Sheol )
At the sound of his fall I made the nations to shake, When I cast him down to the grave, To them that have gone down to the pit; And all the trees of Eden, The choice and best of Lebanon, Even all that drink water, Were comforted in the lower parts of the earth. (Sheol )
17 Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo. (Sheol )
They also went down into the grave with him, To them that have been slain with the sword; They also that were his arm, That dwelt under his shadow among the nations. (Sheol )
18 Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
To whom art thou thus like in glory and greatness among the trees of Eden? Thou shalt be brought down with the trees of Eden To the lower parts of the earth; Thou shalt lie down in the midst of the uncircumcised, With them that are slain by the sword. Thus shall it be with Pharaoh and all his multitude, Saith the Lord Jehovah.