< Ezekyèl 25 >
1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:
2 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Amon an. Denonse sa moun sa yo ap fè.
Fis a lòm, mete figi ou vè fis a Ammon yo e pwofetize kont yo,
3 W'a di moun peyi Amon yo: Koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè sèl Mèt la voye di yo: Nou te twò kontan lè yo te derespekte kay ki apa pou mwen an. Nou te twò kontan lè yo t'ap devalize peyi Izrayèl la, lè yo t'ap depòte moun Jida yo.
Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la,
4 Se poutèt sa m'ap lage nou nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Yo pral moute kan yo nan mitan peyi nou an, se la y'ap rete. Yo pral manje tout rekòt nou yo, y'ap bwè tout lèt bèt nou yo.
pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo.
5 M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mwen va fè Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
6 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la.
Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,
7 Se poutèt sa m'ap lonje men m' sou nou pou m' pini nou, m'ap lage nou nan men moun lòt nasyon k'ap piye nou. Ras nou an ap fini nèt sou latè, peyi nou an ap disparèt. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
8 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Moun peyi Moab yo ak moun lavil Seyi yo te di peyi Jida a tankou tout lòt nasyon yo.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’
9 Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim.
pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm,
10 M'ap lage peyi Moab ansanm ak peyi Amon nan men moun ki soti nan dezè bò solèy leve a. Y'ap pran yo pou yo. Konsa, yo p'ap janm chonje te gen yon peyi yo te rele Moab ankò sou latè.
epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo.
11 Se konsa m'ap pini peyi Moab la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
12 Seyè sèl Mèt la pale, li di konsa: -Moun peyi Edon yo te tire revanj yo sou peyi Jida a. Se sa ki fè yo antò anpil lè yo t'ap tire revanj yo sou peyi Jida a.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,”
13 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.
akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe.
14 Se pèp mwen an, pèp Izrayèl la, ki pral tire revanj pou mwen sou peyi Edon an. Li pral fè moun Edon yo santi jan mwen konn ankòlè, jan m' konn move. Lè sa a, Edon va konnen jan m' konn tire revanj mwen sou moun. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.
Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.
15 Seyè sèl Mèt la di konsa: -Moun Filisti yo pran revanj yo, yo tire revanj sou moun yo pa vle wè depi lontan yo, yo detwi yo avèk raj.
“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,”
16 Enben, men sa Seyè sèl Mèt la di: M'ap lonje men m' sou moun Filisti yo pou m' pini yo, m'ap disparèt yo, m'ap detwi ti rès moun ki rete nan plenn Filisti ki bò lanmè a.
akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a.
17 Se pa ti pini m' pral pini yo, m'ap tire revanj mwen sou yo. M' pral move anpil sou yo. Lè m'a tire revanj mwen sou yo, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.”’”