< 2 Piè 1 >

1 Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.
Simon Peter, a bondservant and Apostle of Jesus Christ: To those to whom there has been allotted the same precious faith as that which is ours through the righteousness of our God and of our Saviour Jesus Christ.
2 M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze, gremesi konesans Bondye ak Jezikri, Seyè nou an, nou genyen.
May more and more grace and peace be granted to you in a full knowledge of God and of Jesus our Lord,
3 Pouvwa Bondye a ban nou tou sa nou bezwen pou nou ka viv, pou nou ka sèvi li. Li fè nou konnen moun ki te rele nou an, lè li te fè nou wè pouvwa li ak bèl bagay li yo.
seeing that His divine power has given us all things that are needful for life and godliness, through our knowledge of Him who has appealed to us by His own glorious perfections.
4 Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.
It is by means of these that He has granted us His precious and wondrous promises, in order that through them you may, one and all, become sharers in the very nature of God, having completely escaped the corruption which exists in the world through earthly cravings.
5 Se poutèt sa, nou dwe fè tou sa nou kapab pou nou pa rete ak konfyans nou gen nan Bondye a sèlman. Men, apa konfyans lan se pou nou gen bon kondit. Apa bon kondit la, se pou nou gen konesans.
But for this very reason--adding, on your part, all earnestness-- along with your faith, manifest also a noble character: along with a noble character, knowledge;
6 Apa konesans la, se pou nou konn kontwole tèt nou. Apa konn kontwole tèt nou an, se pou nou gen pasyans. Apa pasyans la, se pou nou sèvi Bondye.
along with knowledge, self-control; along with self-control, power of endurance;
7 Apa sèvi Bondye a, se pou nou gen renmen pou frè yo. Apa renmen nou gen pou frè nou an, se pou nou gen renmen pou tout moun.
along with power of endurance, godliness; along with godliness, brotherly affection; and along with brotherly affection, love.
8 Si nou gen tout bagay sa yo nan nou, si nou devlope yo nan nou, nou p'ap rete bra kwaze. Se p'ap pou gremesi nou konnen ki moun Jezikri, Seyè nou an, ye.
If these things exist in you, and continually increase, they prevent your being either idle or unfruitful in advancing towards a full knowledge of our Lord Jesus Christ.
9 Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y'ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.
For the man in whom they are lacking is blind and cannot see distant objects, in that he has forgotten that he has been cleansed from his old sins.
10 Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe.
For this reason, brethren, be all the more in earnest to make sure that God has called you and chosen you; for it is certain that so long as you practise these things, you will never stumble.
11 Konsa, la ban nou dwa antre lib nan peyi kote Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou an, ap gouvènen tankou wa pou tout tan an. (aiōnios g166)
And so a triumphant admission into the eternal Kingdom of our Lord and Saviour Jesus Christ will be freely granted to you. (aiōnios g166)
12 Se poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo.
For this reason I shall always persist in reminding you of these things, although you know them and are stedfast believers in truth which you already possess.
13 Wi, toutotan mwen poko mouri, mwen kwè se yon devwa pou m' fè nou chonje bagay sa yo pou dòmi pa pran nou.
But I think it right, so long as I remain in the body, my present dwelling-place, to arouse you by such reminders.
14 Paske, mwen konnen mwen pa lwen mouri. Se Seyè a menm ki fè m' konn sa.
For I know that the time for me to lay aside my body is now rapidly drawing near, even as our Lord Jesus Christ has revealed to me.
15 Men, m'ap fè tout posib mwen pou nou pa janm bliye bagay sa yo lè m' fin ale.
So on every possible occasion I will also do my best to enable you to recall these things after my departure.
16 Paske, lè m' t'ap fè nou konnen jan Jezikri, Seyè nou an, te vini avèk pouvwa li, se pa t' istwa moun envante nan tèt yo mwen t'ap rakonte nou. Men, se paske mwen menm, mwen te wè Seyè a nan tout pouvwa li ak je pa mwen.
For when we made known to you the power and Coming of our Lord Jesus Christ, we were not eagerly following cleverly devised legends, but we had been eye-witnesses of His majesty.
17 Mwen te la lè Bondye Papa a te ba li respè ak lwanj, lè nan mitan tout pouvwa a, vwa Bondye te pale, li di konsa: Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.
He received honour and glory from God the Father, and out of the wondrous glory words such as these were spoken to Him, "This is My dearly-loved Son, in whom I take delight."
18 Nou te tande vwa ki te soti nan syèl la, lè nou te la ansanm avè l' sou mòn kote Bondye te pale ak nou an.
And we ourselves heard these words come from Heaven, when we were with Him on the holy mountain.
19 Se poutèt sa, mwen pran pawòl pwofèt yo pou pawòl ki sèten nèt. Nou menm tou nou byen fèt lè nou pran pawòl sa yo ak gwo konsiderasyon, tankou yon lanp k'ap klere nan fènwa a jouk jou a va pwente, jouk zetwal ki klere chak maten an va leve nan kè nou.
And in the written word of prophecy we have something more permanent; to which you do well to pay attention--as to a lamp shining in a dimly-lighted place--until day dawns and the morning star rises in your hearts.
20 Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle.
But, above all, remember that no prophecy in Scripture will be found to have come from the prophet's own prompting;
21 Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
for never did any prophecy come by human will, but men sent by God spoke as they were impelled by the Holy Spirit.

< 2 Piè 1 >