< 2 Wa 19 >

1 Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, li chire rad sou li tèlman sa te fè l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyè a.
Lorsque le roi Ezéchias eut entendu ce rapport, il déchira ses vêtements, se couvrit d’un sac et alla dans la maison de Yahweh.
2 Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo, bò kote pwofèt Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad sak sou yo.
Il envoya Eliacim, chef de sa maison, Sobna, le secrétaire, et les anciens des prêtres, couverts de sacs, vers Isaïe, le prophète, fils d’Amos.
3 Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: —Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
Ils lui dirent: « Ainsi dit Ezéchias: Ce jour est un jour d’angoisse, de châtiment et d’opprobre; car les enfants sont près de sortir du sein maternel, et il n’y a pas de force pour enfanter.
4 Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.
Peut-être Yahweh, ton Dieu, entendra-t-il toutes les paroles du grand échanson, que le roi d’Assyrie, son maître, a envoyé pour insulter au Dieu vivant, et le punira-t-il à cause des paroles qu’a entendues Yahweh, ton Dieu. Fais donc monter une prière pour le reste qui subsiste encore. »
5 Lè moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi,
Les serviteurs du roi Ezéchias se rendirent auprès d’Isaïe;
6 men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: —Men sa Seyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.
et Isaïe leur dit: « Voici ce que vous direz à votre maître. Ainsi dit Yahweh: “Ne t’effraie pas des paroles que tu as entendues, par lesquelles les serviteurs du roi d’Assyrie m’ont outragé.
7 Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
Voici que je mets en lui un esprit tel que, sur une nouvelle qu’il apprendra, il retournera dans son pays, et je le ferai tomber par l’épée dans son pays.” »
8 Chèf gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' t al atake lavil Libna. Se la l' al jwenn wa a,
Le grand échanson s’en retourna et trouva le roi d’Assyrie qui attaquait Lobna; car il avait appris que son maître était parti de Lachis.
9 paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas.
Le roi d’Assyrie reçut une nouvelle au sujet de Tharaca, roi d’Ethiopie; on lui dit: « Voici qu’il s’est mis en marche pour te faire la guerre. » Et il envoya de nouveau des messagers à Ezéchias, en disant:
10 Li di yo: —Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.
« Vous parlerez ainsi à Ezéchias, roi de Juda: Que ton Dieu en qui tu te confies, ne t’abuse pas en disant: Jérusalem ne sera pas livrée entre les mains du roi d’Assyrie.
11 Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi anvan ou yo. Yo te soti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m!
Voici que tu as appris ce qu’ont fait les rois d’Assyrie à tous les pays, les soumettant à l’anathème!... Et toi, tu serais délivré!...
12 Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, èske bondye nasyon sa yo te delivre yo?
Est-ce que leurs dieux les ont délivrées, ces nations que mes pères ont détruites: Gosan, Haran, Réseph, et les fils d’Eden qui étaient à Thélasar?
13 Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
Où sont le roi d’Emath, le roi d’Arphad et le roi de la ville de Sépharvaïm, d’Ana et d’Ava? »
14 Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Seyè a.
Ezéchias ayant pris la lettre de la main des messagers, la lut; puis Ezéchias monta à la maison de Yahweh et la déploya devant Yahweh.
15 Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: —Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
Et Ezéchias pria devant Yahweh, en disant: « Yahweh, Dieu d’Israël, assis sur les Chérubins, c’est vous qui êtes le seul Dieu de tous les royaumes de la terre, vous qui avez fait les cieux et la terre.
16 Panche zòrèy ou non, Seyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m', pawòl ki manke Bondye vivan an dega!
Yahweh, inclinez votre oreille et écoutez; Yahweh, ouvrez vos yeux et regardez. Entendez les paroles de Sennachérib, qui a envoyé le grand échanson pour insulter au Dieu vivant.
17 Nou konnen, Seyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.
Il est vrai, Yahweh, que les rois d’Assyrie ont détruit les nations et dévasté leurs territoires,
18 Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak an wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.
et qu’ils ont jeté leurs dieux dans le feu; car ce n’étaient pas des dieux, mais des ouvrages de mains d’homme, du bois et de la pierre; et ils les ont anéantis.
19 Koulye a, Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye.
Maintenant Yahweh, notre Dieu, sauvez-nous de la main de Sennachérib, et que tous les royaumes de la terre sachent que vous seul, Yahweh, êtes Dieu. »
20 Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: —Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
Et Isaïe, fils d’Amos, envoya dire à Ezéchias: « Ainsi dit Yahweh, Dieu d’Israël: La prière que tu m’as adressée au sujet de Sennachérib, roi d’Assyrie, je l’ai entendue.
21 Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
Voici la parole que Yahweh a prononcée contre lui: Elle te méprise, elle se moque de toi, la vierge, fille de Sion; elle branle la tête derrière toi, la fille de Jérusalem.
22 Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Qui as-tu insulté et outragé? Contre qui as-tu élevé la voix, et porté les yeux en haut? Contre le Saint d’Israël!...
23 Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avèk tout kalite cha lagè m' yo, mwen moute sou tèt tout mòn, ata sou tèt mòn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo, pi bèl pye rezen li yo. Mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
Par tes messagers tu as insulté le Seigneur, et tu as dit: Avec la multitude de mes chars, j’ai gravi le sommet des montagnes, les extrémités du Liban; Je couperai les plus élevés de ses cèdres, les plus beaux de ses cyprès; et j’atteindrai sa dernière cime, sa forêt semblable à un verger.
24 Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.
J’ai creusé et j’ai bu des eaux étrangères; avec la plante de mes pieds je dessécherai tous les fleuves de l’Égypte.
25 Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
N’as-tu pas appris que depuis longtemps j’ai fait ces choses, que je les ai formées dès les temps anciens? A présent je les fais s’accomplir, pour que tu réduises en monceaux de ruines les villes fortes.
26 Moun ki te rete la te san fòs. Yo te pè, yo pa t' konn sa pou yo fè. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.
Leurs habitants sont sans force, dans l’épouvante et le trouble; ils sont comme l’herbe des champs et la tendre verdure, comme le gazon des toits, comme le blé niellé qui sèche avant sa maturité.
27 Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen pran nouvèl jan ou fin anraje sou mwen.
Mais je sais quand tu t’assieds, quand tu sors et quand tu entres, je connais ta fureur contre moi.
28 Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou, ak yon mò nan bouch ou. Mwen pral fè ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
Parce que tu es furieux contre moi, et que ton arrogance est montée à mes oreilles, je mettrai mon anneau dans ta narine et mon mors à tes lèvres, et je te ferai retourner par le chemin par lequel tu es venu.
29 Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: —Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.
Et ceci sera un signe pour toi: On mangera cette année le produit du grain tombé; la seconde année, on mangera ce qui croît de soi-même; mais la troisième année, vous sèmerez et vous moissonnerez, vous planterez des vignes et vous en mangerez le fruit.
30 Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò.
Ce qui aura été sauvé de la maison de Juda, ce qui restera, poussera encore des racines par-dessous, et portera du fruit par-dessus.
31 Va gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm ak sou mòn Siyon an ki va chape. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè sa, paske li renmen ou anpil.
Car de Jérusalem il sortira un reste, et de la montagne de Sion des réchappés. Voilà ce que fera le zèle de Yahweh des armées.
32 Men sa Seyè a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sèl grenn flèch sou li. P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l'.
C’est pourquoi ainsi parle Yahweh sur le roi d’Assyrie: Il n’entrera pas dans cette ville, il n’y lancera pas de flèches, il ne lui présentera pas de boucliers, il n’élèvera pas de retranchements contre elle.
33 Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyè a menm, ki di sa.
Il s’en retournera par le chemin par lequel il est venu, et il n’entrera pas dans cette ville, — oracle de Yahweh.
34 M'ap pwoteje lavil sa a. M'ap delivre l' pou m' fè respè tèt mwen, pou m' kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m' lan.
Je protégerai cette ville pour la sauver, à cause de moi et à cause de David, mon serviteur. »
35 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.
Cette nuit-là, l’ange de Yahweh sortit et frappa, dans le camp des Assyriens, cent quatre-vingt-cinq mille hommes; et quand on se leva le matin, voici que c’étaient tous des cadavres.
36 Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.
Et Sennachérib, roi d’Assyrie, ayant levé son camp, partit et s’en retourna, et il resta à Ninive.
37 Yon jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.
Comme il était prosterné dans la maison de Nesroch, son dieu, Adramélech et Sarasar, ses fils, le frappèrent avec l’épée, et s’enfuirent au pays d’Ararat. Et Assarhaddon, son fils, régna à sa place.

< 2 Wa 19 >