< 2 Korint 4 >

1 Konsa, se Bondye menm, nan kè sansib li gen pou mwen an, ki te renmèt mwen travay sa a pou m' fè. Se poutèt sa, mwen pa janm pèdi kouraj.
Difor, då me hev denne tenesta, etter som me hev fenge miskunn, so misser me ikkje modet,
2 Mwen voye tout bagay lèd lèzòm ap fè an kachèt yo jete. Mwen pa fè okenn riz. Mwen pa chanje anyen nan pawòl Bondye a. Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l' ye a. Se konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
men me hev avsagt dei skamlege løynvegar og gjeng ikkje fram med svikråd eller forfalskar Guds ord, men ved å kunngjera sanningi steller me oss fram for alle manns samvit for Guds åsyn.
3 Si malgre sa, bon nouvèl m'ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k'ap peri yo.
Er då enn vårt evangelium dult, so er det dult millom deim som vert fortapte,
4 Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bon nouvèl la. Se bon nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki pòtre Bondye. (aiōn g165)
dei som guden til denne verdi hev blinda den vantruande hugen på, so ljoset frå evangeliet um Kristi herlegdom, han som er Guds bilæte, ikkje skal skina for deim. (aiōn g165)
5 Konprann sa byen, se pa tèt pa m' m'ap fè nou konnen: men se Jezikri, Seyè a, m'ap fè nou konnen. Mwen menm mwen di nou se sèvi m'ap sèvi nou poutèt Jezi.
For ikkje oss sjølve forkynnar me, men Kristus Jesus som Herre, men oss sjølve som dykkar tenarar for Jesu skuld.
6 Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.
For Gud, som sagde at ljos skulde skina fram or myrkret, han er den som og let det skina i våre hjarto, so kunnskapen um Guds herlegdom i Jesu Kristi åsyn skulde lysa fram frå oss.
7 Men, nou tout k'ap pote richès Bondye sa a nan kè nou, nou tankou veso ki fèt an tè. Tou sa se pou tout moun ka wè kokenn chenn pouvwa sa a pa soti nan nou, men se nan Bondye li soti.
Men me hev denne skatten i leirkjerald, so den rike krafti skal vera av Gud og ikkje av oss,
8 Mwen jwenn tout kalite fikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m' fè, ni sa pou m' di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.
med di me stødt er i trengsla, men ikkje i stengsla, tvilande, men ikkje mistvilande,
9 Yo pèsekite m', men Bondye pa janm lage mwen. Mwen pran gwo so, men mwen pa rete atè a.
forfylgde, men ikkje uppgjevne, nedslegne, men ikkje tynte,
10 Se konsa, kote m' pase mwen pote soufrans lanmò Jezi a nan kò mwen, pou tout moun ka wè pouvwa lavi Jezi a ap travay nan kò m' tou.
alltid berande Jesu daude med oss i likamen, at og Jesu liv må verta openberra i vår likam;
11 Nan lavi m', se tout tan m'ap pase toupre lanmò poutèt Jezi, pou pouvwa lavi Jezi a ka parèt aklè nan kò mwen ki la pou mouri.
for endå medan me liver, vert me alltid yvergjevne til dauden for Jesu skuld, at og Jesu liv må verta openberra i vårt døyelege kjøt.
12 Konsa, lanmò ap travay nan mwen, men se lavi k'ap travay nan nou menm moun Korent.
Soleis er då dauden verksam i oss, men livet i dykk.
13 Men sa ki ekri nan Liv la: Mwen te gen konfyans, se poutèt sa mwen te pale. Mwen menm tou, mwen gen menm konfyans sa a, se poutèt sa m'ap pale.
Men då me hev den same Ande med trui - etter det som stend skrive: «Eg trudde, difor tala eg» - so trur me og, difor talar me og,
14 Mwen konnen Bondye ki te fè Seyè Jezi leve soti vivan nan lanmò a, li gen pou l' fè m' tounen vivan ankò ansanm ak Jezi, li gen pou l' fè m' parèt ansanm ak nou devan li.
då me veit, at han som vekte upp Herren Jesus, skal og vekkja oss upp med Jesus og stella oss fram med dykk.
15 Se poutèt nou menm, moun Korent, kifè tout bagay sa yo rive, paske fòk gen plis moun toujou k'ap resevwa favè Bondye a pou sa gen plis moun tou k'ap lapriyè pou di Bondye mèsi pou pouvwa li.
For det hender alt for dykkar skuld, so nåden kann vinna so mange fleire og verka rikleg takk til Guds æra.
16 Se sak fè mwen pa janm dekouraje. Menm si kò m' ap bese chak jou, lespri m' ap vin pi fèm chak jou tou.
Difor misser me ikkje modet, men um og vårt ytre menneskje gjeng til grunns, so vert då det indre uppnya dag etter dag.
17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil. (aiōnios g166)
For vår kortvarande og lette trengsla verkar for oss ei æveleg nøgd av herlegdom i yvermål på yvermål, (aiōnios g166)
18 Paske, mwen p'ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè. Sa moun wè, se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou tout tan. (aiōnios g166)
med di me ikkje fester oss ved det synlege, men ved det usynlege; for det synlege er timelegt, men det usynlege ævelegt. (aiōnios g166)

< 2 Korint 4 >