< 2 Istwa 19 >

1 Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalèm san anyen pa rive l'.
Konsa, Josaphat, wa a te retounen sof a lakay li Jérusalem.
2 Yon pwofèt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fè al ede moun k'ap fè mal? Ki jan ou rive fè zanmi ak moun ki pa vle wè Seyè a? Se poutèt sa, Seyè a fache sou ou anpil.
Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou?
3 Men malgre sa, ou fè kèk bagay ki bon. Ou te kraze tout pòtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lèfini ou te chache fè volonte Bondye.
Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”
4 Jozafa te rete lavil Jerizalèm. Men, li pran vizite pèp la nan tout peyi a ankò, depi lavil Bècheba nan sid, rive jouk nan mòn Efrayim yo nan nò, pou l' te fè pèp la tounen vin jwenn Seyè a, Bondye zansèt yo a.
Konsa, Josaphat te rete Jérusalem e li te sòti deyò ankò pami pèp la soti Beer-Schéba jis rive nan peyi ti mòn a Éphraïm yo. Epi konsa, li te mennen yo retounen a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a.
5 Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lòt.
Li te chwazi jij nan peyi a nan tout vil fòtifye Juda yo, vil pa vil.
6 Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fè a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyè a. L'ap kanpe la bò kote nou lè n'ap rann jijman.
Li te pale a jij yo: “Kontwole sa ke n ap fè a, paske nou pa jije pou yon moun, men pou SENYÈ ki avèk nou an pandan n ap rann jijman an.
7 Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
8 Nan lavil Jerizalèm menm, Jozafa chwazi kèk moun Levi, prèt ak chèf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalèm yo ka gen yonn ak lòt.
Nan Jérusalem osi, Josaphat te apwente kèk nan Levit yo avèk prèt yo ak kèk nan chèf lakay zansèt Israël yo, pou fè jijman SENYÈ a, e pou jije konfli pami moun ki te rete Jérusalem yo.
9 Li ba yo lòd, li di yo: -Se pou nou fè travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lòd li nan tou sa n'ap fè.
Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè.
10 Chak fwa frè nou yo ki rete nan lòt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lòd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fè anyen ki mal devan Seyè a. Si nou pa fè sa, Seyè a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fè sa nou dwe fè, nou p'ap koupab nou menm.
Nenpòt lè yon konfli rive devan nou soti nan manm fanmi nou yo ki rete nan vil yo, antre san ak san, antre lalwa avèk kòmandman yo, règleman avèk òdonans yo, nou va avèti yo pou yo pa vin koupab devan SENYÈ a, e pou kòlè pa rive sou nou avèk fanmi nou.
11 Amarya, granprèt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapò ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayèl la, chèf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapò ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fè respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyè a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.
Kontwole byen, Amaria, chèf prèt la, va chèf sou nou nan tout sa ki apatyen a SENYÈ a, e Zebadia, fis Ismaël la, chèf lakay Juda a, nan tout sa ki apatyen a wa a. Osi, Levit yo va aji kòm ofisye devan nou. Aji avèk kouraj, e SENYÈ a va avèk sila ki fè sa ki jis yo.”

< 2 Istwa 19 >