< 1 Samyèl 30 >
1 De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l' yo. Moun Amalèk yo te gen tan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt.
Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife.
2 Lèfini, yo te pran tout fanm yo ak tout rès moun ki te la yo, timoun kou granmoun, yo te pati ak yo. Yo pa t' touye pesonn, men yo te pran tout moun, yo pati ak yo al fè wout yo.
Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo.
3 Lè David rive ak mesye l' yo, yo jwenn lavil la te boule nèt epi madanm yo, pitit gason yo ak pitit fi yo pa t' la. Moun yo te pati ak yo tout.
Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite.
4 David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò.
Alò David avèk moun ki te avè l yo te leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye.
5 Moun yo te pati ak de madanm David yo tou, Akinoam, moun lavil Jizreyèl ak Abigayèl, madan defen Nabal, moun lavil Kamèl.
Alò, de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la.
6 David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.
Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.
7 David rele Abyata, prèt la, pitit gason Akimelèk la, li di l' konsa: -Pote jile Bondye a isit ban mwen! Abyata pote jile Bondye a bay David.
David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.
8 David pale ak Seyè a, li di li: -Eske se pou m' ale dèyè bann moun sa yo? Eske m'a rapouswiv yo? Seyè a di li: -Ou mèt ale dèyè yo. W'a rapouswiv yo, epi w'a sove moun yo fè prizonye yo.
David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”
9 Se konsa David pati avèk sisan (600) mesye ki te avè l' yo. Lè yo rive nan ravin Bezò a, gen kèk nan mesye yo ki rete la.
Konsa, David te ale, li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a.
10 David menm kontinye sou wout li avèk katsan (400) moun. Lòt desan (200) yo te rete paske yo te bouke anpil, yo pa t' gen fòs pou yo te travèse dlo Bezò a.
Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete.
11 Mesye ki t' ale avèk David yo jwenn yon moun peyi Lejip nan zòn lan. Yo mennen l' bay David. Yo ba li manje, yo ba li bwè.
Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè.
12 Yo ba li yon moso gato figfrans ak de grap rezen chèch. Lè li fin manje, li reprann fòs, paske depi twa jou twa nwit li pa t' manje anyen, ni li pa t' janm bwè dlo.
Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit.
13 David mande l': -Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: -Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m' dèyè, paske mwen te malad.
David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?” Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase.
14 Nou te anvayi zòn Negèv kote keretyen yo rete a. Apre sa, nou pase nan zòn Negèv ki nan peyi Jida a, ak zòn Negèv ki nan peyi Kalèb la. Lèfini, nou mete dife nan lavil Ziklag.
Nou te fè yon atak nan Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”
15 David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a.
Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?” Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.”
16 Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo.
Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo.
17 Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale.
David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale.
18 David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou.
Konsa, David te reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo.
19 David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l' yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t' manke anyen.
Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; David te mennen tout retounen.
20 Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t'ap pouse bèt yo devan, yo t'ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la.
Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: “Sa se piyaj a David.”
21 David t'ap tounen, li rive bò desan (200) mesye li te kite bò ravin Bezò a paske yo te twò fèb pou ale avè l'. Yo mache vin kontre David ansanm ak lòt mesye l' yo. David mache al jwenn yo, li di yo bèl bonjou.
Lè David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo.
22 Men, pami mesye ki t' ale avèk David yo, te gen kèk malveyan ak vòryen ki t'ap di: -Mesye sa yo pa t' ale avèk nou. Nou p'ap ba yo anyen nan sa nou pran an. N'ap annik renmèt yo madanm yo ak pitit yo pou y' al fè wout yo.
Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”
23 Men David di yo konsa: -Frè m' yo, nou pa ka fè sa ak sa Seyè a ban nou! Li pa kite anyen rive nou, li lage bann moun ki te vin piye nou yo nan men nou.
Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an.
24 Pesonn pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen.
Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.”
25 Se konsa depi jou sa a, David fè prensip sa a tounen yon lwa. Jouk jòdi a y'ap swiv menm prensip sa a toujou nan peyi Izrayèl.
Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.
26 Lè David tounen Ziklag, li pran nan bagay li te sezi nan men lènmi yo, li voye bay zanmi l' yo ki te chèf nan peyi Jida a, li di yo konsa: -Men kado mwen voye pou nou nan sa nou pran nan men lènmi Seyè yo.
Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a lènmi a SENYÈ yo.”
27 Li voye bay moun lavil Betèl, bay moun lavil Rama nan zòn Negèv la, bay moun lavil Yati,
Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo,
28 bay moun lavil Awoyè, bay moun lavil Sifmòt ak moun lavil Echtemoa,
anplis, a sila ki te Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo,
29 bay moun lavil Rakal ak moun ki rete nan lavil branch fanmi Jerakmeyèl yo ak nan lavil moun Kayen yo,
epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan vil a Kenyen yo,
30 bay moun lavil Oma, moun lavil Borachan ak moun lavil Atak,
epi a sila ki te Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo,
31 bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l' yo te pase.
epi a sila ki te Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye rete yo.