< 1 Samyèl 14 >

1 Yon jou, Jonatan, pitit Sayil la, pale ak jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Ann al avè m'! Ann travèse lòt bò a, nan kan moun Filisti yo. Men Jonatan pa t' avèti papa l'.
Alò jou a te rive ke Jonathan, fis a Saül la, te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini, annou travèse vè anplasman post militè Filisten ki sou kote lòtbò a.” Men li pa t pale sa a papa l.
2 Sayil menm te moute kan li anba pye grenad Migwon an, sou lizyè peyi Gibeya a. Li te gen sisan (600) sòlda konsa avè l'.
Saül te rete nan zòn andeyò Guibea anba pye grenad la nan Migron. Epi moun ki te avèk li yo te anviwon sis-san mesye.
3 Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se te pitit Akitoub, pitit frè Ikabòd la. Yo te pitit Fineas ki li menm te pitit Eli, ki te prèt Seyè a lavil Silo. Sòlda yo pa t' konnen Jonatan te pati.
Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.
4 Nan pas kote Jonatan t'ap chache janbe larivyè pou ale nan kan moun Filisti yo, te gen de gwo wòch, yonn chak bò pas la. Yonn te rele Bozès, lòt la Sene.
Antre pasaj kote Jonathan te chache travèse pou rive nan anplasman post militè Filisten yo, te gen yon kote dan wòch byen file sou yon bò ak yon dan wòch byen file sou lòtbò a. Youn te rele Botsets e lòt la te rele Séné.
5 Yonn te sou bò nò anfas lavil Mikmas, lòt la sou bò sid anfas lavil Geba.
Youn nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba.
6 Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.”
7 Jenn gason an reponn li: -Fè sa ou gen nan lide ou. Ale non! M'ap kanpe avè ou!
Sila ki pote zam li yo te di: “Fè tout sa ki nan kè ou; vire ou menm e mwen la avèk ou selon volonte ou.”
8 Jonatan di l': -Bon! Nou pral janbe lòt bò a epi n'ap kite yo wè nou.
Jonathan te di: “Gade byen, nou va travèse lòtbò vè mesye yo pou vin parèt a yo menm.
9 Si yo di nou rete kote nou ye a, y'ap vin jwenn nou, n'ap rete kote nou ye a, nou p'ap mache sou yo.
Si yo di nou: ‘Tann jiskaske nou rive bò kote nou’, alò, nou va kanpe nan plas nou e pa monte kote yo.
10 Men, si yo di nou moute vin jwenn yo, enben! n'a mache sou yo. Paske, sa vle di Seyè a gen tan lage yo nan men nou.
Men si yo di: ‘Vin monte kote nou’, alò nou va monte. Paske SENYÈ a te mete yo nan men nou; epi sa va sinyal pou nou.”
11 Yo parèt kò yo, yo kite moun Filisti yo wè yo. Moun Filisti yo di: -Gade! Men kèk ebre k'ap soti nan twou kote yo te kache.
Lè yo toude te parèt nan anplasman militè Filisten yo, Filisten yo te di: “Gade byen, Ebre yo vin sòti nan tou a kote yo te kache kò yo.”
12 Sòlda Filisti yo rele Jonatan ak jenn gason an, yo di yo: -Moute vin jwenn nou non. Nou gen yon bagay pou n' di nou. Lè sa a, Jonatan di jenn gason an: -Swiv mwen. Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la.
Epi mesye nan anplasman yo te rele Jonathan avèk gason ki pote zam li yo. Yo te di: “Monte kote nou pou nou di ou yon bagay.” Epi Jonathan te di a gason zam li yo: “Vin monte dèyè m, paskeSENYÈ a fin mete yo nan men Israël.”
13 Jonatan grenpe moute sou men l' ak sou pye l' yo, jenn gason an t'ap swiv li. Jonatan atake moun Filisti yo, li jete yo atè. Jenn gason an menm t'ap touye yo dèyè l'.
Alò, Jonathan te rale monte ak men l ak pye li, avèk gason zam yo dèyè li. Konsa, yo te tonbe devan Jonathan e gason zam yo te touye kèk apre li.
14 Nan premye atak sa a, Jonatan ak jenn gason an te touye vin sòlda konsa, sou yon ti teren ki pa t' menm mezire yon ka (1/4) kawo tè.
Premye masak sa ke Jonathan avèk gason zam yo te fè te anviwon ven òm soti nan mwatye distans ke yon cha ta fè lè l ap raboure fè yon pase nan yon tyè kawo tè.
15 Tout moun Filisti ki te nan kan an, nan tout plenn lan, vin pè anpil. Sòlda yo te mete an avangad yo ak tout rès lame a te vin pè tou. Tè a pran tranble, te gen yon gwo kouri nan tout peyi a.
Epi nan kan an yo t ap tranble, anplis nan chan an, e pami tout pèp la. Menm gason anplasman militè yo te tranble. Ekip ravajè yo te tranble e latè te vin tranble jiskaske li te tranble anpil.
16 Faksyonnè Sayil te mete ap veye lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo wè te gen yon sèl debandad nan mitan moun Filisti yo ki t'ap kouri tankou moun fou.
Gad Saül yo nan Guibea nan Benjamin te wè ke gran kantite fòs sòlda yo te kòmsi yo t ap fonn; epi yo te gaye pasi pala.
17 Sayil di moun ki te avè l' yo: -Konte sòlda yo! Gade kilès ki pa la! Yo konte, yo pa jwenn ni Jonatan ni jenn gason ki te konn pote zam li yo.
Saül te di a moun ki te avèk li yo: “Kontwole soti koulye a pou wè kilès ki kite nou.” Epi lè yo fin fè kontwòl, gade byen, Jonathan avèk gason potè zam li yo pa t la.
18 Lè sa a, Sayil di Akija konsa: -Pwoche ak Bwat Kontra Bondye a isit. Li te di sa paske jou sa a se Akija ki t'ap pote bwat la devan pèp Izrayèl la.
Alò, Saül te di a Achija: “Mennen lach Bondye a isit la.” Paske lach Bondye a te nan tan sa a avèk fis Israël yo.
19 Pandan Sayil t'ap pale ak prèt la, kouri a te vin pi rèd nan mitan moun Filisti yo. Sayil di prèt la konsa: -Rete sou sa ou fè!
Pandan Saül te pale avèk prèt la, zen nan kan Filisten yo te kontinye e te vin ogmante. Donk, Saül te di prèt la: “Retire men w!”
20 Li leve ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo ale kote batay la te cho a. Moun Filisti yo menm te fin pèdi tèt yo, yo t'ap goumen yonn ak lòt.
Epi Saül avèk tout pèp ki te avèk li a te rasanble pou te rive kote batay la. Epi vwala, zam a chak moun te vire kont moun parèy pa yo. Te vin gen yon trè gran konfizyon.
21 Gen kèk ebre ki te mete tèt yo bò kote moun Filisti yo, yo te la avèk yo nan kan an. Lè sa a, yo vire kont moun Filisti yo, yo mete yo bò moun pèp Izrayèl yo ki te avèk Sayil ak Jonatan.
Alò, Ebre ki te avèk Filisten avan yo, ki te monte avèk yo toupatou nan kan an, menm yo menm te vire pou alinye avèk Izrayelit ki te avèk Saül ak Jonathan yo.
22 Moun pèp Izrayèl ki te kache nan mòn Efrayim yo vin tande moun Filisti yo t'ap kraze rak. Yo menm tou yo vini, yo lage kò yo nan batay la, yo t'ap kouri dèyè moun Filisti yo.
Lè tout mesye Israël yo ki te kache kò yo nan peyi ti mòn Ephraïm yo te tande ke Filisten yo te sove ale, menm yo menm anplis, te kouri dèyè yo toupre nan batay la.
23 Se konsa jou sa a, Seyè a te sove pèp Izrayèl la. Yo rive jouk lòt bò lavil Bèt-Avenn, yo t'ap goumen toujou.
Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.
24 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.
Alò mesye Israël yo te byen peze nan jou sa a, paske Saül te mete pèp la anba yon sèman, e te di: “Modi se mesye ki manje manje avan nwit lan, jiskaske mwen fè vanjans sou lènmi mwen yo.” Konsa, pa t gen nan pèp la ki te goute manje.
25 Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl.
Tout pèp peyi a te antre nan forè a e te gen siwo myèl atè a.
26 Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pesonn pa goute menm ladan l' paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo.
Lè pèp la te antre forè a, men vwala, te gen yon flèv siwo myèl. Men pèsòn pa t rale men l rive nan bouch li, paske pèp la te pè sèman an.
27 Men, Jonatan pa t' konnen papa l' te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l' lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l' nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò.
Men Jonathan pa t ankò tande lè papa l te mete pèp la anba sèman an. Pou sa, li te lonje baton ki te nan men l lan, li te fonse li nan gato myèl la, li te mete men l nan bouch li e zye li te vin limen.
28 Men, yonn nan mesye yo di li: -Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a.
Epi youn nan moun yo te di: “Papa ou te mete pèp la anba sèman avèk severite e li te di: ‘Modi se mesye ki manje manje jodi a.’” Epi pèp la te bouke.
29 Jonatan reponn li: -Sa papa m' fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m' santi m' gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl.
Alò, Jonathan te di: “Papa m te twouble peyi a! Gade, koulye a kijan zye m vin limen akoz mwen te goute yon ti kras nan siwo sa a.
30 Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, koulye a èske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo?
Konbyen anplis, si sèlman pèp la te manje avèk libète jodi a nan piyaj lènmi ke yo te twouve a! Paske koulye a masak pami Filisten yo pa gwo.”
31 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou.
Yo te frape pami Filisten yo nan jou sa a soti Micmasch pou jis rive Ajalon. Epi pèp la te vin byen bouke.
32 Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l'.
Pèp la te kouri avèk gwo anvi sou piyaj la. Yo te pran mouton yo avèk gwo bèf ak ti bèf yo, yo te touye yo atè a, e yo te manje yo avèk san an.
33 Y' al di Sayil konsa: -Gade! Men pèp la ap peche kont Seyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l'. Sayil di konsa: -Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen.
Alò, yo te pale Saül e te di: “Gade byen, pèp la ap peche kont SENYÈ a pandan yo manje avèk san an.” Epi li te di: “Nou te aji kòm trèt; woule yon gwo wòch kote mwen jodi a.”
34 Apre sa, li bay lòd sa a: -Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Seyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la.
Saül te di: “Gaye nou menm pami pèp la e di yo: ‘Nou chak mennen bèf nou ban mwen, oswa mouton nou e touye li isit la pou manje. Pa fè peche kont SENYÈ a avèk afè manje san an.’” Konsa, tout pèp la nan nwit lan, yo chak te mennen bèf yo e te kòche li la.
35 Sayil bati yon lotèl pou Seyè a. Se te premye lotèl li te bati.
Epi Saül tebati yon lotèl a SENYÈ a; se te premye lotèl ke li te bati a SENYÈ a.
36 Sayil di moun yo: -Ann desann dèyè moun Filisti yo. Ann pase nwit lan ap bat yo, n'a piye yo jouk bajou kase, n'a touye yo tout. Yo reponn li: -Fè sa ou wè ki bon! Men, prèt la di: -Ann gade sa Seyè a di nou sou sa!
Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”
37 Sayil mande Seyè a: -Eske se pou m' desann dèyè moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men pèp Izrayèl la? Men Seyè a pa reponn li jou sa a.
Saül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men Li pa t reponn li nan jou sa a
38 Lè sa a, li rele tout chèf pèp la, li di yo: -Pwoche devan la a. Chache konnen ki peche nou te fè jòdi a.
Saül te di: “Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a.
39 Mwen bay pawòl mwen. Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, li menm ki delivre pèp Izrayèl la, menm si se Jonatan, pitit mwen, ki koupab, se pou l' mouri. Pesonn pa louvri bouch yo di anyen.
Paske jan SENYÈ a ki delivre Israël la viv la, malgre ke si se fis mwen, Jonathan, li va anverite mouri.” Men yon moun nan tout pèp la pa t reponn li.
40 Epi li di tout pèp Izrayèl la: -Nou menm kanpe bò isit. Mwen menm ak Jonatan, pitit gason m' lan, m'ap kanpe bò la. Pèp la di Sayil: -Fè sa ou wè ki bon!
Alò, li te di a tout Israël: “Nou va sou yon kote e mwen menm avèk Jonathan va nan lòt kote a.” Epi pèp la te di a Saül: “Fè sa ki sanble bon a ou menm.”
41 Sayil di Seyè a: -Bondye pèp Izrayèl la! Poukisa ou pa reponn mwen jòdi a? Seyè, Bondye pèp Izrayèl la, tanpri, reponn mwen nan ourim ak toumim yo. Si se mwen menm osinon Jonatan ki koupab, w'a bay ourim yo. Men, si se yon moun nan pèp la ki koupab, w'a bay toumim yo. Seyè a fè yo konnen se bò Sayil ak Jonatan fòt la te ye, pèp la te pou anyen nan sa.
Pou sa, Saül te di a SENYÈ a, Bondye a Israël la: “Fè yon tiraj osò konplè.” Epi Jonathan avèk Saül te pran; men pèp la te delivre.
42 Sayil di: -Koulye a, ant Jonatan avè m', di kilès nan nou de a ki koupab. Seyè a fè konnen se Jonatan.
Saül te di: “Tiraj osò a antre mwen menm avèk Jonathan, fis mwen an.” Epi se Jonathan ki pran.
43 Lè sa a, Sayil mande Jonatan: -Kisa ou fè? Jonatan reponn: -Mwen te pran ti gout siwo myèl nan pwent baton ki te nan men m' lan, mwen goute. Men mwen! Mwen pare pou m' mouri.
Alò Saül te di a Jonathan: “Di mwen kisa ou te fè a.” Konsa, Jonathan te rakonte li e te di: “Mwen, anverite, te goute yon ti kras siwo myèl avèk pwent baton ki te nan men m nan. Men mwen, fòk mwen mouri!”
44 Sayil di li: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.
Saül te di: “Ke Bondye fè sa e menm plis; paske vrèman, Jonathan, ou oblije mouri.”
45 Men pèp la di Sayil konsa: -Se Jonatan ki te genyen bèl batay sa a pou pèp Izrayèl la, li pa ka mouri. Mande Bondye padon! Nou fè sèman devan Seyè ki vivan an, nou p'ap kite yon grenn cheve nan tèt li tonbe, paske se avèk lasistans Bondye li fè sa l' fè jòdi a. Se konsa moun yo enpoze yo touye Jonatan. Li pa mouri.
Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.
46 Apre sa, Sayil sispann kouri dèyè moun Filisti yo. Moun Filisti yo menm tounen nan peyi yo.
Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.
47 Apre yo te fin fè Sayil wa peyi Izrayèl la, li fè lagè ak tout lènmi l' yo alawonnbadè: ak moun Moab yo, moun Amon yo, moun Edon yo, ak wa lavil Soba yo, ak moun Filisti yo. Kote li pase, li genyen batay yo.
Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.
48 Li te fè wè jan li te yon vanyan sòlda. Li bat ata moun Amalèk yo. Konsa, li delivre pèp Izrayèl la anba men tout moun ki t'ap piye l' yo.
Li te aji avèk kouraj; li te bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo.
49 Men pitit gason Sayil te genyen: Se te Jonatan, Yichwi ak Malkichwa. Men non de pitit fi li yo: Pi gran an te rele Merab, pi piti a te rele Mikal.
Alò, fis a Saül yo te Jonathan, Jischiv avèk Malkischua. Epi non a de fi yo se te konsa; non a premye ne a, Mérab e non a pi piti a, Mical.
50 Madan Sayil te rele Akinoam. Se te pitit Akimas. Kòmandan lame a te rele Abnè. Se te pitit Nè, tonton Sayil.
Non a madanm a Saül se te Achinoam fi a Achimaats la. Epi non a kapitèn lame a se te Abner, fis a Ner a, tonton a Saül.
51 Kich, papa Sayil, ak Nè, papa Abnè, te pitit gason Abiyèl.
Kish se te papa a Saül ak Ner. Papa a Abner te fis a Abiel.
52 Sayil pase tout lavi li ap mennen gwo batay ak moun Filisti yo. Chak fwa li te jwenn yon vanyan gason osinon yon moun ki te gen anpil fòs ak kouraj, li te mete l' nan lame li a.
Alò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te fè l vin atache nan sèvis pa l la.

< 1 Samyèl 14 >