< 1 Piè 5 >

1 Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la.
ⲁ̅ϯⲡⲁⲣⲁⲕⲁⲗⲉⲓ ϭⲉ ⲛⲛⲉⲡⲣⲉⲥⲃⲩⲧⲉⲣⲟⲥ ⲉⲧⲛϩⲏⲧ ⲧⲏⲩⲧⲛ ϩⲱⲥ ϣⲃⲣⲡⲣⲉⲥⲃⲩⲧⲉⲣⲟⲥ ⲁⲩⲱ ⲙⲙⲛⲧⲣⲉ ⲛⲙⲙⲟⲕϩⲥ ⲙⲡⲉⲭⲥ ⲁⲩⲱ ϩⲱⲥ ⲟⲓⲕⲟⲛⲟⲙⲟⲥ ⲙⲡⲉⲟⲟⲩ ⲉⲧⲛⲁϭⲱⲗⲡ ⲉⲃⲟⲗ
2 Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou.
ⲃ̅ϫⲉ ⲙⲟⲟⲛⲉ ⲙⲡⲟϩⲉ ⲙⲡⲛⲟⲩⲧⲉ ⲉⲧⲛϩⲏⲧ ⲧⲏⲩⲧⲛ ϩⲛ ⲟⲩϩⲧⲟⲣ ⲁⲛ ⲁⲗⲗⲁ ⲉϩⲛⲏⲧⲛ ⲕⲁⲧⲁ ⲡⲛⲟⲩⲧⲉ ⲟⲩⲇⲉ ϩⲛ ⲟⲩⲙⲛⲧⲙⲁⲓ ϩⲏⲩ ⲛϣⲗⲟϥ ⲁⲛ ⲁⲗⲗⲁ ϩⲛ ⲟⲩⲟⲩⲣⲟⲧ
3 Pa fè menm jan ak chèf k'ap maltrete moun ki sou kont yo. Okontrè, se pou nou tounen yon egzanp pou mouton yo.
ⲅ̅ϩⲱⲥ ⲉⲧⲉⲧⲛⲟ ⲁⲛ ⲛϫⲟⲉⲓⲥ ⲉⲛⲉⲕⲗⲏⲣⲟⲥ ⲁⲗⲗⲁ ⲉⲧⲉⲧⲛϣⲟⲟⲡ ⲛⲧⲩⲡⲟⲥ ⲉⲡⲟϩⲉ
4 Konsa, lè gran gadò a va parèt, n'a resevwa yon kouwòn ki p'ap janm fennen: n'a resevwa lwanj Bondye.
ⲇ̅ϫⲉⲕⲁⲥ ⲉϥϣⲁⲛⲟⲩⲱⲛϩ ⲉⲃⲟⲗ ⲛϭⲓ ⲡⲛⲟϭ ⲛϣⲱⲥ ⲉⲧⲉⲧⲛϫⲓ ⲙⲡⲉⲕⲗⲟⲙ ⲙⲡⲉⲟⲟⲩ ⲉⲧⲉ ⲙⲉϥϩⲱϭⲃ
5 Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.
ⲉ̅ⲛϣⲏⲣⲉ ϣⲏⲙ ⲟⲛ ⲛⲧⲉⲓϩⲉ ⲥⲱⲧⲙ ⲛⲥⲁ ⲛⲉⲡⲣⲉⲥⲃⲩⲧⲉⲣⲟⲥ ⲛⲧⲱⲧⲛ ⲇⲉ ⲧⲏⲣⲧⲛ ⲑⲃⲃⲉⲓⲉ ⲧⲏⲩⲧⲛ ⲛⲛⲉⲧⲛⲉⲣⲏⲩ ϫⲉ ⲡⲛⲟⲩⲧⲉ ϯ ⲟⲩⲃⲉ ⲛⲛϫⲁⲥⲓ ϩⲏⲧ ϥϯ ⲇⲉ ⲛⲟⲩϩⲙⲟⲧ ⲛⲛⲉⲧⲑⲃⲃⲓⲏⲩ
6 Se poutèt sa, soumèt nou devan Bondye ki gen pouvwa, konsa la leve nou lè pou l' leve nou an.
ⲋ̅ⲑⲃⲃⲓⲉ ⲧⲏⲩⲧⲛ ϭⲉ ϩⲁ ⲧϭⲓϫ ⲉⲧϫⲟⲟⲣ ⲛⲧⲉ ⲡⲛⲟⲩⲧⲉ ⲧⲁⲣⲉϥϫⲉⲥ ⲧⲏⲩⲧⲛ ϩⲙ ⲡⲉⲟⲩⲟⲉⲓϣ
7 Lage tout tèt chaje nou yo ba li, paske l'ap pran swen nou.
ⲍ̅ⲛⲧⲉⲧⲛⲛⲟⲩϫⲉ ⲙⲡⲉⲧⲛⲣⲟⲟⲩϣ ⲧⲏⲣϥ ⲉⲣⲟϥ ϫⲉ ⲛⲧⲟϥ ⲡⲉⲧϥⲓⲣⲟⲟϣ ϩⲁⲣⲱⲧⲛ
8 Kenbe tèt nou anplas, rete sou prigad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore.
ⲏ̅ⲛⲏⲫⲉ ⲛⲧⲉⲧⲛⲣⲟⲉⲓⲥ ϫⲉ ⲡⲉⲧⲛⲁⲛⲧⲓⲇⲓⲕⲟⲥ ⲡⲇⲓⲁⲃⲟⲗⲟⲥ ϥⲙⲟⲟϣⲉ ⲉϥⲉⲗϩⲏⲙ ⲛⲑⲉ ⲛⲛⲉⲓⲙⲟⲩⲓ ⲉϥϣⲓⲛⲉ ⲛⲥⲁ ⲱⲙⲕ ⲛⲛⲉⲧⲙⲯⲩⲭⲏ
9 Kanpe fèm nan konfyans nou, kenbe tèt avè l', paske nou konnen lòt frè nou yo ki nan lemonn ap soufri menm soufrans ak nou.
ⲑ̅ⲡⲁⲓ ⲉⲧⲉⲧⲛⲁϩⲉ ⲣⲁⲧ ⲧⲏⲩⲧⲛ ⲉⲣⲟϥ ⲉⲧⲉⲧⲛϫⲟⲟⲣ ⲉⲣⲟϥ ϩⲛ ⲧⲡⲓⲥⲧⲓⲥ ⲉⲧⲉⲧⲛⲥⲟⲟⲩⲛ ⲛⲛⲉⲓϩⲓⲥⲉ ⲛⲟⲩⲱⲧ ϫⲱⲕ ⲉⲃⲟⲗ ⲛⲧⲉⲧⲛⲙⲛⲧ ⲥⲟⲛ ⲉⲧϩⲙ ⲡⲕⲟⲥⲙⲟⲥ
10 Men, apre n'a fin soufri yon ti tan, Bondye li menm va rann nou bon nèt, la kenbe nou fèm, la ban nou fòs, l'ap fè nou kanpe san brannen. Paske Bondye bay tout kalite favè. Se li menm ki te rele nou, gremesi Kris la, pou n' te patisipe nan pouvwa li ki p'ap janm fini. (aiōnios g166)
ⲓ̅ⲡⲛⲟⲩⲧⲉ ⲇⲉ ⲛϩⲙⲟⲧ ⲛⲓⲙ ⲡⲁⲓ ⲛⲧⲁϥⲧⲉϩⲙ ⲧⲏⲩⲧⲛ ⲉϩⲟⲩⲛ ⲉⲡⲉϥⲉⲟⲟⲩ ⲛϣⲁ ⲉⲛⲉϩ ⲉⲧϩⲙ ⲡⲉⲭⲥ ⲓⲥ ⲉⲁⲧⲉⲧⲛϣⲡ ϩⲓⲏⲥⲉ ⲛⲟⲩⲕⲟⲩⲓ ⲛⲧⲟϥ ϥⲛⲁⲥⲃⲧⲉ ⲧⲏⲩⲧⲛ ⲛϥⲧⲁϫⲣⲉ ⲧⲏⲩⲧⲛ ⲛϥϯ ϭⲟⲙ ⲛⲏⲧⲛ ⲛϥϯⲥⲛⲧⲉ ⲛⲏⲧⲛ (aiōnios g166)
11 Se pou li tout pouvwa a, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn. (aiōn g165)
ⲓ̅ⲁ̅ⲉⲧⲉⲡⲱϥ ⲡⲉ ⲡⲉⲟⲟⲩ ⲙⲛ ⲡⲁⲙⲁϩⲧⲉ ⲛϣⲁ ⲉⲛⲉϩ ⲛⲉⲛⲉϩ ϩⲁⲙⲏⲛ (aiōn g165)
12 Se avèk konkou frè Silven, yon nonm serye dapre sa mwen konnen, m'ap ekri nou lèt sa a, pou m' ka ankouraje nou, pou m' fè nou konnen jan favè Bondye pou nou an se yon bagay ki vre. Kenbe fèm nan li.
ⲓ̅ⲃ̅ⲛⲑⲉ ⲉϯⲙⲉⲉ ⲉⲣⲟⲥ ⲛⲧⲁⲓⲥϩⲁⲓ ⲛⲏⲧⲛ ⲛϩⲉⲛⲕⲟⲩⲓ ⲉⲃⲟⲗ ϩⲓⲧⲛ ⲥⲓⲗⲟⲩⲁⲛⲟⲥ ⲡⲡⲓⲥⲧⲟⲥ ⲛⲥⲟⲛ ⲉⲓⲡⲁⲣⲁⲕⲁⲗⲉⲓ ⲁⲩⲱ ⲉⲓⲉⲣⲙⲛⲧⲣⲉ ϫⲉ ⲧⲁⲓ ⲧⲉ ⲧⲉⲭⲁⲣⲓⲥ ⲙⲙⲉ ⲙⲡⲛⲟⲩⲧⲉ ⲧⲁⲓ ⲉⲧⲉⲧⲛⲁϩⲉⲣⲁⲧ ⲧⲏⲩⲧⲛ ⲛϩⲏⲧⲥ
13 Legliz Bondye chwazi nan lavil Babilòn lan voye bonjou pou nou, ansanm ak Mak, pitit mwen an.
ⲓ̅ⲅ̅ⲥϣⲓⲛⲉ ⲉⲣⲱⲧⲛ ⲛϭⲓ ⲉⲕⲗⲉⲕⲧⲏ ⲉⲧϩⲛ ⲧⲃⲁⲃⲩⲗⲟⲛ ⲙⲛ ⲙⲁⲣⲕⲟⲥ ⲡⲁϣⲏⲣⲉ
14 Bò pa nou, yonn di lòt bonjou pou mwen, yonn bo lòt tankou frè ak frè. Mwen mande pou nou tout k'ap viv ansanm nan Kris la, pou nou gen kè poze.
ⲓ̅ⲇ̅ⲁⲥⲡⲁⲍⲉ ⲛⲛⲉⲧⲛⲉⲣⲏⲩ ϩⲛ ⲟⲩⲡⲓ ⲛⲁⲅⲁⲡⲏ ϯⲣⲏⲛⲏ ⲛⲏⲧⲛ ⲧⲏⲣⲧⲛ ⲛⲉⲧϩⲙ ⲡⲉⲭⲥ ⲓⲏⲥ

< 1 Piè 5 >