< 1 Wa 14 >

1 Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad.
Dans ce temps-là, Abia, fils de Jéroboam, était devenu malade.
2 Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la.
Jéroboam dit à sa femme: « Lève-toi, je te prie, et déguise-toi pour qu’on ne sache pas que tu es la femme de Jéroboam, et va à Silo. Voici que là se trouve Ahias, le prophète, celui qui m’a dit que je serais roi sur ce peuple.
3 W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an.
Prends avec toi dix pains, des gâteaux et un vase de miel, et entre chez lui: il te dira ce qui doit arriver à l’enfant. »
4 Se konsa madan Jewoboram ale lakay Akija lavil Silo. Akija te granmoun anpil, li pa t' wè nan je l' ankò.
La femme de Jéroboam fit ainsi; s’étant levée, elle alla à Silo et entra dans la maison d’Ahias. Or Ahias ne pouvait plus voir, parce que la vieillesse avait obscurci ses yeux.
5 Seyè a te fè Akija konnen madan Jewoboram ap vin wè li pou pitit gason l' lan ki malad. Li te di l': -Lè madan Jewoboram vini, l'ap fè tèt li pase pou yon lòt moun. Ou menm, w'a di l' sa m'a mete nan bouch ou pou di l'. Lè madan Jewoboram rive, li fè tèt li pase pou yon lòt moun vre.
Yahweh avait dit à Ahias: « Voici que la femme de Jéroboam vient pour obtenir de toi une parole au sujet de son fils, qui est malade; tu lui parleras de telle et telle manière. Quand elle arrivera, elle se donnera pour une autre.
6 Men, lè Akija tande l' bri pye l' ap vini nan papòt la, li di l': -Antre non, madan Jewoboram. Poukisa w'ap fè tèt ou pase pou lòt moun konsa? Tout jan, mwen gen move nouvèl pou ou.
Quand Ahias entendit le bruit de ses pas, au moment où elle franchissait la porte, il dit: « Entre, femme de Jéroboam; pourquoi te donnes-tu pour une autre? Je suis chargé pour toi d’un dur message.
7 Ale di Jewoboram men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la voye di l': Mwen te chwazi ou nan mitan pèp la, mwen mete ou chèf sou pèp mwen an, pèp Izrayèl la.
Va, dis à Jéroboam: Ainsi parle Yahweh, Dieu d’Israël: Je t’ai élevé du milieu du peuple et je t’ai établi chef sur mon peuple d’Israël;
8 Mwen wete baton kòmandman nan men moun fanmi David yo, mwen ba ou li. Men, ou pa t' tankou David. sèvitè m' lan, ki te toujou koute lòd mwen te ba li, ki te mache ak kè kontan nan chemen mwen te ba li, ki te fè sa ki pou fè m' plezi ase.
j’ai arraché le royaume de la maison de David, et je te l’ai donné; mais tu n’as pas été comme mon serviteur David, qui a observé mes commandements et marché après moi de tout son cœur, ne faisant que ce qui est droit à mes yeux;
9 Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.
mais tu as fait le mal plus que tous ceux qui ont été avant toi, tu es allé te faire d’autres dieux et des images de fonte pour m’irriter, et tu m’as rejeté derrière ton dos!
10 Se poutèt sa, Jewoboram, mwen pral fè malè tonbe sou fanmi ou. Mwen pral touye dènye gason nan fanmi ou, timoun kou granmoun. M'ap disparèt fanmi ou nèt nan peyi Izrayèl, y'ap bale yo voye jete tankou yo jete poupou.
C’est pourquoi voici que je vais faire venir le malheur sur la maison de Jéroboam; j’exterminerai tout mâle appartenant à Jéroboam, celui qui est esclave et celui qui est libre en Israël, et je balaierai la maison de Jéroboam, comme on balaie l’ordure, jusqu’à ce qu’il n’en reste plus.
11 Chen pral manje kadav moun nan fanmi ou ki va mouri nan lavil. Malfini karanklou va manje kadav sa ki va mouri andeyò. Se Seyè a menm ki di sa.
Celui de la maison de Jéroboam qui mourra dans la ville sera mangé par les chiens, et celui qui mourra dans les champs sera mangé par les oiseaux du ciel: car Yahweh a parlé.
12 Ou menm pou tèt pa ou, madan Jewoboram, leve non, tounen lakay ou. Rive w'a rive lavil la, pitit la ap mouri.
Et toi, lève-toi, va dans ta maison; dès que tes pieds entreront dans la ville, l’enfant mourra.
13 Tout moun peyi Izrayèl yo va pran lapenn pou li, y'a antere l'. Nan tout fanmi Jewoboram lan, se li menm ase y'ap antere paske, nan tout fanmi an, se li menm ase ki te yon ti jan bon nan je Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Tout Israël le pleurera, et on l’enterrera car il est le seul de la maison de Jéroboam qui sera mis dans un sépulcre, parce qu’il est le seul de la maison de Jéroboam en qui se soit trouvé quelque chose de bon devant Yahweh, le Dieu d’Israël.
14 Seyè a pral mete yon lòt wa pou gouvènen pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral disparèt fanmi Jewoboram lan. Se pou jòdi a wi sa m'ap di la a. Se pou koulye a menm.
Yahweh établira sur Israël un roi qui exterminera la maison de Jéroboam ce jour-là. Mais quoi? Déjà la chose arrive!
15 Seyè a pral pini pèp Izrayèl la. Yo pral tranble tankou pye wozo k'ap tranble bò kouran dlo. Li pral dechouke pèp Izrayèl la nan bon peyi li te bay zansèt yo a, li pral gaye yo lòt bò larivyè Lefrat, paske yo fè Seyè a fache lè yo fè estati pou zidòl Astate a.
Yahweh frappera Israël, comme le roseau est agité au sein des eaux; il arrachera Israël de ce bon pays qu’il avait donné à leurs pères, et il les dispersera de l’autre côté du fleuve, parce qu’ils se sont fait des aschérahs, irritant Yahweh.
16 Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.
Il livrera Israël à cause des péchés de Jéroboam qu’il a commis et qu’il a fait commettre à Israël. »
17 Madan Jewoboram pati, li tounen lavil Tisra. Lè li fè sa l'ap antre lakay li, pitit la mouri.
La femme de Jéroboam se leva et, s’étant mise en route, elle arriva à Thersa. Comme elle franchissait le seuil de la maison, l’enfant mourut.
18 Moun pèp Izrayèl yo pran lapenn pou pitit la, yo antere l', jan Seyè a te di sa nan bouch pwofèt Akija a.
On l’enterrera, et tout Israël le pleura, selon la parole que Yahweh avait dite par l’organe de son serviteur Ahias, le prophète.
19 Tout lòt bagay wa Jewoboram te fè yo, istwa lagè li te fè ak jan li te gouvènen peyi a, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.
Le reste des actes de Jéroboam, comment il fit la guerre et comment il régna, voici que cela est écrit dans le livre des Chroniques des rois d’Israël.
20 Jewoboram te wa pandan venndezan. Lè li mouri, yo antere l'. Se Nadab, pitit gason l' lan, ki moute sou fotèy la nan plas li.
Le temps que régna Jéroboam fut de vingt-deux ans, et il se coucha avec ses pères. Nadab, son fils, régna à sa place.
21 Woboram, pitit gason Salomon an, te gen karanteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li gouvènen pandan disetan lavil Jerizalèm, lavil Seyè a te chwazi nan tout peyi Izrayèl la pou anplasman kote pou yo fè sèvis pou li a. Manman Woboram te moun lavil Amon. Li te rele Nama.
Roboam, fils de Salomon, régna en Juda. Il avait quarante et un ans lorsqu’il devint roi, et il régna dix-sept ans à Jérusalem, la ville que Yahweh avait choisie parmi toutes les tribus d’Israël pour y mettre son nom. Sa mère s’appelait Naama, l’Ammonite.
22 Moun peyi Jida yo fè sa ki mal nan je Seyè a. Yo fè pi mal pase zansèt yo. Se konsa yo te lakòz kolè Seyè a tonbe sou yo.
Juda fit ce qui est mal aux yeux de Yahweh et, par les péchés qu’ils commirent, ils excitèrent sa jalousie plus que ne l’avaient fait leurs pères.
23 Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.
Ils se bâtirent, eux aussi, des hauts lieux avec des stèles et des aschérahs, sur toute colline élevée et sous tout arbre vert.
24 Sa ki pi rèd toujou, te gen fanm ak gason nan tout kote sa yo ap fè jennès nan sèvis pou zidòl. Moun peyi Jida yo te lage kò yo nan fè tout vye malpwòpte pèp Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou pèp Izrayèl la.
Il y eut même des prostitués dans le pays. Ils agirent selon toutes les abominations des nations que Yahweh avait chassées devant les enfants d’Israël.
25 Woboram te gen senkan depi li te wa lè Chichak, wa peyi Lejip la, atake lavil Jerizalèm.
La cinquième année du règne de Roboam, Sésac, roi d’Égypte, monta contre Jérusalem.
26 Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.
Il prit les trésors de la maison de Yahweh et les trésors de la maison du roi: il prit tout. Il prit tous les boucliers d’or que Salomon avait faits.
27 Wa Woboram fè fè gwo plak pwotèj an kwiv pou mete nan plas yo. Lèfini, li renmèt yo nan men chèf gad ki t'ap fè pòs nan pòtay kay wa a.
À leur place, le roi Roboam fit des boucliers d’airain, et il les remit aux mains des chefs des coureurs qui gardaient l’entrée de la maison du roi.
28 Chak fwa wa a t'ap antre nan Tanp lan, chèf gad yo pran gwo plak pwotèj yo pote yo vini. Lè l' ale, yo pote yo tounen nan sal gad la.
Chaque fois que le roi allait à la maison de Yahweh, les coureurs les portaient; et ils les rapportaient ensuite dans la chambre des coureurs.
29 Tout lòt bagay wa Woboram te fè yo, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
Le reste des actes de Roboam, et tout ce qu’il a fait, cela n’est-il pas écrit dans le livre des Chroniques des rois de Juda?
30 Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran.
Il y eut toujours guerre entre Roboam et Jéroboam.
31 Lè Woboram mouri, yo antere l' nan tonm fanmi an nan lavil David la. Manman l' te rele Nama, se te moun lavil Amon. Se Abijam, pitit gason Woboram lan, ki moute sou fotèy la nan plas papa l'.
Roboam se coucha avec ses pères, et il fut enterré avec ses pères dans la ville de David. Sa mère s’appelait Naama, l’Ammonite; et Abiam, son fils, régna à sa place.

< 1 Wa 14 >