< 1 Wa 12 >
1 Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè li wa a.
2 Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l'.
Alò, lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, li t ap viv an Égypte (paske li te toujou an Égypte kote li te sove ale rive soti nan prezans a Wa Salomon).
3 Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l'. Yo tout ansanm, y' al jwenn Woboram, yo di l' konsa:
Konsa, yo te voye rele li e Jéroboam avèk tout asanble Israël la te vin pale avèk Roboam. Yo te di:
4 -Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n'a sèvi ou nèt ale.
“Papa ou te fè jouk nou rèd. Alò pou sa, fè sèvis di a papa ou vin pi lejè e mwens lou ke li te mete sou nou e nou va sèvi ou.”
5 Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m'a ban nou repons. Epi pèp la al fè wout li.
Epi li te di yo: “Kite mwen pandan twa jou e retounen bò kote mwen.” Konsa, pèp la te ale.
6 Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?
Wa Roboam te fè konsiltasyon avèk ansyen ki te sèvi papa li yo, Salomon, pandan li te toujou vivan an, e li te di: “Ki konsèy n ap ban mwen pou repons a pèp sa a?”
7 Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l', si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou.
Alò, yo te pale avèk li. Yo te di: “Si ou va sèvi pèp sa a jodi a, sede a yo sa ke yo mande e pale bon pawòl avèk yo. Konsa, yo va sèvitè ou pou tout tan.”
8 Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy.
Men li te rejte konsèy ansyen yo te bay li a e li te konsilte avèk jennonm ki te elve ansanm avèk li pou te sèvi li a.
9 Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo?
Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou nou kapab reponn pèp sa a ki te pale avè m e te di: ‘Fè jouk ke papa ou te mete sou nou an vin pi lejè’?”
10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'.
Jennonm ki te elve ansanm avèk li yo te reponn li e te di: “Se konsa pou ou ta pale avèk pèp sa a ki te pale avèk ou a pou di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou. Alò, ou menm, fè l vin pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va di yo: ‘Ti dwèt pi piti mwen an pi gwo ke senti papa mwen!
11 Wi, w'a di yo: Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay la ankò. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.
Kote nou wè papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete ankò sou jouk nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt; men mwen va sèvi ak eskòpyon.’”
12 Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a.
Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.
13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la.
Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a.
14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou.
Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”
15 Se konsa wa a pa t' asepte fè sa pèp la te mande l' la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.
Konsa, wa a pa t koute pèp la; paske evenman yo se te yon dewoulman ki te sòti nan SENYÈ a, jis pou Li ta kapab etabli pawòl ke SENYÈ a te pale pa Achija, Siloyit la, a Jéroboam, fis a Nebath la.
16 Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.
17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.
Men pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo.
18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm.
Epi Wa Roboam te voye Adoram ki te chèf sou kòve yo, e tout Israël te lapide li avèk kout wòch jiska lanmò. Konsa, Wa Roboam te fè vit monte cha li pou kite Jérusalem.
19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.
Konsa, Israël te fè rebèl kont lakay David jiska jodi a.
20 Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
Li te vin rive ke lè tout Israël te tande ke Jéroboam te retounen, yo te voye rele li nan asanble a pou te fè li wa sou tout Israël. Okenn sof ke Juda te swiv lakay David.
21 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l' al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l' mete yo anba lòd li ankò.
Alò, lè Roboam te retounen Jérusalem, li te rasanble tout kay Juda a ak tribi Benjamin an, 180,000 mesye chwazi ki te gèrye, pou goumen kont lakay Israël la pou restore wayòm a Roboam nan, fis Salomon an.
22 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l' konsa:
Men pawòl Bondye te vini a Schemaeja, nonm a Bondye a, e te di:
23 -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo:
“Pale avèk Roboam, fis a Salomon an, wa Juda a e a tout lakay Juda avèk Benjamin, a tout lòt pèp yo. Di yo:
24 Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n' al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l' konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a.
‘Konsa pale SENYÈ a, “Fòk ou pa monte goumen kont fanmi ou yo, fis Israël yo. Retounen tout moun nan nou lakay nou, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen fè wout yo selon pawòl SENYÈ a.
25 Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.
Epi, Jéroboam te bati Sichem nan peyi ti kolin Ephraïm yo, e li te rete la. Li te sòti depi la pou te bati Penuel.
26 Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò.
Jéroboam te di nan kè l: “Koulye a, wayòm nan va retounen lakay David.
27 Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò.
Si moun sa yo monte pou ofri sakrifis nan kay SENYÈ a Jérusalem; alò, kè a pèp sa a va retounen vè mèt yo; menm vè Roboam, wa Juda a. Epi yo va touye mwen e retounen a Roboam, wa Juda a.”
28 Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.”
29 Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.
Li te plase youn nan Béthel e lòt la, li te mete li Dan.
30 Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann.
Alò, bagay sa a te devni yon peche. Paske pèp la te ale pou adore devan youn nan yo jis rive Dan.
31 Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.
Konsa, Jéroboam te fè kay sou wo plas yo e li te fè prèt yo soti pami moun ki pa t pami fis a Lévi yo.
32 Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.
Jéroboam te etabli yon fèt nan di-zuityèm mwa, sou kenzyèm jou nan mwa a, tankou fèt ki nan Juda a, e li te monte vè lotèl la. Konsa li te fè nan Béthel e li te fè sakrifis a ti bèf ke li te fè yo. Anplis, li te estasyone Béthel prèt pou wo plas ke li te fè yo.
33 Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.
Alò, li te monte kote lotèl ke li te fè Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te chwazi nan pwòp kè li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte vè lotèl la pou brile lansan.