< 1 Jan 5 >

1 Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.
Quiconque croit que Jésus est le Christ est né de Dieu. Et quiconque aime celui qui a engendré aime aussi celui qui est né de lui.
2 Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.
Nous connaissons que nous aimons les enfants de Dieu lorsque nous aimons Dieu et que nous gardons ses commandements.
3 Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.
Car l’amour de Dieu, c’est que nous gardions ses commandements: et ses commandements ne sont pas pénibles.
4 Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.
Parce que tous ceux qui sont nés de Dieu triomphent du monde; et la victoire qui triomphe du monde, c’est notre foi.
5 Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
Quel est celui qui triomphe du monde, sinon celui qui croit que Jésus est le Fils de Dieu?
6 Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t' vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.
C’est celui qui est venu avec l’eau et le sang, Jésus-Christ; non pas avec l’eau seulement, mais avec l’eau et le sang. Et c’est l’Esprit qui rend témoignage que le Christ est la vérité.
7 Gen yo twa k'ap di Jezi se moun ki te vini an.
Car ils sont trois qui rendent témoignage dans le ciel: le Père, le Verbe et l’Esprit-Saint; et ces trois sont une seule chose.
8 Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.
Et ils sont trois qui rendent témoignage sur la terre, l’esprit, l’eau et le sang: et ces trois sont une seule chose.
9 Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a.
Si nous recevons le témoignage des hommes, le témoignage de Dieu est plus grand; or ce témoignage de Dieu, qui est plus grand, est celui qu’il a rendu de son Fils.
10 Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l' nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t' kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.
Qui croit au Fils de Dieu a le témoignage de Dieu en soi. Qui ne croit pas au Fils fait Dieu menteur, parce qu’il ne croit pas au témoignage que Dieu a rendu de son Fils.
11 Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li. (aiōnios g166)
Et ce témoignage est que Dieu nous a donné la vie éternelle. Or cette vie est dans son Fils. (aiōnios g166)
12 Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.
Celui qui a le Fils a la vie; celui qui n’a point le Fils n’a point la vie.
13 M'ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p'ap janm fini an. (aiōnios g166)
Je vous écris ces choses afin que vous sachiez que vous avez la vie éternelle, vous qui croyez au nom du Fils de Dieu. (aiōnios g166)
14 Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l'ap koute nou si nou mande l' kichòy ki dakò ak volonte li.
Et nous avons cette confiance en lui, que quelque chose que nous demandions selon sa volonté, il nous écoute.
15 Konsa, non sèlman nou konnen l'ap koute nou lè nou fè l' yon demann, men nou konnen tou l'ap ban nou sa nou mande l' la.
Et nous savons qu’il nous écoute dans tout ce que nous demandons: nous le savons, parce que nous obtenons les demandes que nous lui faisons.
16 Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.
Si quelqu’un sait que son frère a commis un péché qui ne va pas à la mort, qu’il prie, et la vie sera accordée à celui dont le péché ne va pas à la mort. Il y a un péché qui va à la mort; ce n’est pas pour celui-là que je dis que quelqu’un doive prier.
17 Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k'ap mennen ou nan lanmò.
Toute iniquité est péché, et il y a un péché qui va à la mort.
18 Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p'ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l' anyen.
Nous savons que quiconque est né de Dieu ne pèche point; mais la génération divine le conserve, et le malin ne le touche pas.
19 Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.
Nous savons que nous sommes de Dieu; et le monde est tout entier sous l’empire du malin.
20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N'ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p'ap janm fini an. (aiōnios g166)
Nous savons encore que le Fils de Dieu est venu, et nous a donné l’intelligence, pour que nous connaissions le vrai Dieu, et que nous soyons en son vrai Fils. C’est lui qui est le vrai Dieu et la vie éternelle. (aiōnios g166)
21 Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!
Mes petits enfants, gardez-vous des idoles. Amen.

< 1 Jan 5 >