< 1 Istwa 2 >

1 Men non pitit gason Izrayèl yo: Woubenn, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon,
Men fis Israël yo: Ruben, Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Zabulon,
2 Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè.
Dan, Joseph, Benjamin, Nephthali, Gad ak Aser.
3 Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Seyè a touye l'.
Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla; twa fèt a li menm pa Bath-Schua, Kananeyen nan. Er, premye ne a Juda a, se te mechan nan zye SENYÈ a, ki te mete li a lanmò.
4 Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak.
Tamar, bèlfi a Juda a, te bay nesans a Pérets avèk Zérach. Kantite antou a fis Juda yo, senk.
5 Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul.
Fis a Pérets yo: Hetsron avèk Hamul.
6 Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada.
Fis a Zérach yo: Zimri, Éthan, Héman, Calcol avèk Dara. An total: senk.
7 Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.
Fis a Carmi yo: Acar, ki te twouble Israël lè l te vyole bagay anba ve yo.
8 Etan te papa Azarya.
Fis a Éthan an: Azaria.
9 Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi.
Fis ki ne a Hetsron yo: Jerachmeel, Ram, avèk Kelubaï.
10 Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma.
Ram te fè Amminadab. Amminadab te fè Nachschon, chèf a fis a Juda yo.
11 Salma te papa Boz.
Nachschon te fè Salma. Salma te fè Boaz.
12 Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.
Boaz te fè Obed. Obed te fè Jesse,
13 Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l', Abinadab, dezyèm pitit gason l', Chimeya, twazyèm pitit gason l',
Jesse te fè Éliab, fis premye ne a, Abinadab, dezyèm nan, Schimea, twazyèm nan,
14 Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason li
Nethaneel, katriyèm nan, Raddaï, senkyèm nan,
15 ak David, setyèm pitit gason l'.
Otsem, sizyèm nan, David, setyèm nan.
16 De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl.
Sè pa yo se te: Tseruja avèk Abigaïl. Epi twa fis a Tserula yo: Abischaï, Joab avèk Asaël, twa.
17 Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa.
Abigaïl te fè Amasa: papa Amasa se te Jéther, avèk Izmayelit la.
18 Kalèb, pitit Ezwon, te marye ak Azouba. Yo te gen yon pitit fi yo te rele Jeriòt ak twa lòt pitit gason: Jechè, Chobab ak Adon.
Caleb, fis a Hetsron an te fè de fis avèk Azuba, madanm li e de pa Jerioth; alò, sa yo se te fis li yo: Jéscher, Schobab avèk Ardon.
19 Lè Azouba mouri, Kalèb marye ak Efrata. Yo te gen yon pitit gason yo rele Our.
Azuba te mouri; epi Caleb te pran Éphrath ki te fè Hur pou li.
20 Our te papa Ouri, Ouri te papa Bezaleyèl.
Hur te fè Uri e Uri te fè Betsaleel.
21 Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.
Apre, Hetsron te ale kote fi a Makir a, papa a Galaad e li te gen swasant ane depi li te marye avè l; epi li te fè pou li Segub.
22 Segoub te papa Jayi. Jayi te gouvènen venntwa lavil nan peyi Galarad.
Segub te fè Jaïr, ki te gen venn-twa vil nan peyi Galaad.
23 Men moun Gèchou ak moun Aram yo te pran nan men l' zòn Jayi a ak lavil Kenat ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinaj li yo. Sa te fè antou swasant bouk. Tout moun ki te rete nan zòn lan te fanmi Maki, papa Galarad.
Men Gechouryen yo avèk Siryen yo te rache vil Jaïr yo nan men yo avèk Kenath ak vil pa li yo, menm swasant vil. Tout sila yo se te fis a Makir yo, papa a Galaad.
24 Lè Ezwon mouri, Kalèb marye ak Efrata, madanm Ezwon, papa l'. Efrata fè yon pitit gason pou li ki te rele Askou, papa Tekoa.
Lè Hetsron te fin mouri nan Caleb-Éphrata, Abija, fanm Hetsron an, te fè pou li, Aschchur, papa a Tekoa.
25 Jerakmeyèl, premye pitit gason Ezwon an, te gen senk pitit gason: Ram, pi gran an, Bouna, Orèn, Ozèm ak Akija.
Fis a Jerachmeel yo, premye ne a Hetsron an: Ram, premye ne, Buna, Oren avèk Otsem, ne a Achija.
26 Jerakmeyèl te gen yon lòt madanm ki te rele Atara. Atara fè yon pitit gason pou li. Se te Onam.
Jerachmeel te gen yon lòt fanm ki te rele Athara e ki te manman a Onam.
27 Ram, premye pitit gason Jerakmeyèl la, te gen twa pitit gason: Maz, Jamen ak Ekè.
Fis a Ram yo, premye ne a Jerachmeel, te Maatys, Jamin, avèk Éker.
28 Onam te gen de pitit gason: Chamayi ak Jada. Chamayi te gen de pitit gason tou: Nadad ak Abichou.
Fis a Onam yo te Schammaï avèk Jada. Fis a Schammaï yo: Nadab avèk Abischur.
29 Madanm Abichou te rele Abijayil. Li fè de pitit gason pou Abichou: Aban ak Molib.
Non a fanm Abischur a te Abichail e li te fè pou li Achban avèk Molid.
30 Nadab, frè Abichou a, te gen de pitit gason: Selèd ak Apayim. Men Selèd mouri san kite pitit gason.
Fis a Nadab yo: Séled avèk Appaïm. Séled te mouri san fis.
31 Apayim te papa Icheyi. Icheyi te papa Chechan, Chechan te papa Alayi.
Fis a Appaïm nan: Jischeï. Fis a Jischeï a: Schéschan. Fis a Schéschan nan: Achlaï.
32 Jada, frè Chamayi a, te gen de pitit gason: Jetè ak Jonatan. Men Jetè mouri san kite pitit gason.
Fis a Jada yo, frè a Schammaï: Jéther avèk Jonathan. Jéther te mouri san fis.
33 Jonatan te gen de pitit gason: Pelèt ak Zaza. Tout moun sa yo se fanmi Jerakmeyèl yo ye.
Fis a Jonathan yo: Péleth avèk Zaza. Sila yo se te fis a Jerachmeel.
34 Chechan pa t' gen pitit gason. Tout pitit li yo se fi yo te ye. Li te gen yon domestik ki te moun peyi Lejip. Domestik la te rele Jara.
Schéschan pa t gen fis, men sèlman fi. Schéschan te gen yon esklav Ejipsyen ki te rele Jarcha.
35 Chechan marye yonn nan pitit fi li yo avè l'. Yo te gen yon pitit gason ki te rele Atayi.
Epi Schéschan te bay fi li kon madanm a Jarcha, esklav li a e li te fè pou li, Attaï.
36 Atayi te papa Natan, Natan te papa Zabad.
Attaï te fè Nathan; Nathan te fè Zabad;
37 Zabad te papa Efal, Efal te papa Obèd.
Zabad te fè Ephlal; Ephlal te fè Obed;
38 Obèd te papa Jeou. Jeou te papa Azarya.
Obed te fè Jéhu; Jéhu te fè Azaria;
39 Azarya te papa Elèz. Elèz te papa Elasa.
Azaria te fè Halets; Halets te fè Élasa;
40 Elasa te papa Sismayi, Sismayi te papa Chaloum.
Élasa te fè Sismaï; Sismaï te fè Schallum;
41 Chaloum te papa Jekamya. Jekamya te papa Elichama.
Schallum te fè Jekamja; Jekamaja te fè Élischama.
42 Premye pitit gason Kalèb, frè Jerakmeyèl la, te rele Mecha. Mecha te papa Zif. Marecha, dezyèm pitit Kalèb la, te papa Ebwon.
Alò, fis a Caleb yo, frè a Jerachmeel la: Méscha, fis premye ne a, ki te vin papa a Ziph e fis pa li a se te Maréscha, papa a Hébron.
43 Ebwon te gen kat pitit gason: Kora, Tapwak, Rekèm ak Chema.
Fis a Hébron yo: Koré, Thappuach, Rékem avèk Schéma.
44 Chema te papa Raam ki te papa Jòkeam. Rekèm te papa Chamayi.
Schéma te fè Racham, papa a Jorkeam. Rékem te fè Schammaï.
45 Chamayi te papa Maon ki te papa Betsou.
Fis a Schammaï a: Maon; epi Maon te papa a Beth-Tsur.
46 Kalèb te gen yon lòt fanm kay yo te rele Efa. Li fè twa lòt pitit avè l': Aran, Moza ak Gazèz. Aran te gen yon pitit gason yo te rele Gazèz tou.
Épha, ti mennaj a Caleb la, te fè Haran, Motsa avèk Gazez.
47 Yon nonm yo te rele Jadayi te gen sis pitit gason: Regèm, Jotam, Gechan, Pelèt, Efa ak Chaf.
Fis a Jahdaï a: Réguem, Jotham, Guéschan, Péleth, Épha avèk Schaaph.
48 Kalèb te gen yon lòt fanm kay ankò ki te rele Maka. Maka fè de pitit gason pou li: Chebè ak Tirana.
Maaca, ti mennaj a Caleb la te fè Schéber avèk Tirchana.
49 Apre sa, Maka fè de lòt pitit gason: Chaf ki te papa Madmana, ak Seva ki te papa Makbena ak Gibeya. Kalèb te gen yon pitit fi tou ki te rele Aksa.
Li te fè ankò Schaaph, papa a Madmanna, avèk Scheva, papa a Macbéna, papa a Guibea. Fi a Caleb la te Acsa.
50 Tout moun sa yo te nan fanmi Kalèb. Our te premye pitit gason Efrata ak Kalèb. Men pitit li yo: Chobal ki te papa Kiriyat-Jearim,
Men fis a Caleb yo: Fis a Hur yo, premye ne a Éphrata a e papa a Kirjath-Jearim;
51 Salma ki te papa Betleyèm, ak Arèf ki te papa Betgadè.
Salma, papa a Bethléem; Hareph, papa a Beth-Gader.
52 Chobal, papa Kiriyat-Jearim, te zansèt moun Awoyè yo, mwatye nan moun ki rete Menouyòt yo,
Fis a Shobal yo, papa a Kirjath-Jearim te Haroé, Hatsi-Hammenuhoth.
53 ak moun ki te rete nan Kiriyat-Jearim, ki vle di: moun Jetè yo, moun Pout yo, moun Choumat yo ak moun Michra yo. Moun ki rete lavil Sora ak lavil Echtawòl yo te soti nan branch fanmi moun sa yo tou.
Fanmi a Kirjath-Jerim yo se te: Jetriyen yo, Pityen yo, Choumatyen yo ak Mischrayen yo; depi nan fanmi sila yo, te sòti Soreatyen yo avèk Eschtaolyen yo.
54 Salma, papa Betleyèm, te zansèt moun lavil Netofat, moun lavil Atwòt-Bèt-Joab, ak moun Sora yo ki te yonn nan de branch fanmi ki te rete Manarat yo.
Fis a Salma yo: Bethléem avèk Netofatyen yo, Athroth-Beth-Joab, Hatsi-Hammanachthi, Soreyen yo;
55 Men branch fanmi moun ki te abil nan ekri ak kopye dokiman. Yo te rete lavil Jabèz. Se te moun Tira yo, moun Chima yo ak moun Souka yo. Se moun branch fanmi Kayen ki soti nan fanmi Amat, zansèt moun Rekab yo.
epi fanmi a skrib ki te rete Jaebets yo: Tireatyen yo, Schimeatyen yo ak Sikatyen yo. Sila yo se Kenyen ki te soti nan Hamath yo, papa lakay Récab.

< 1 Istwa 2 >