< 1 Istwa 1 >

1 Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòk,
Adam, Seth, Énosch
2 Enòk te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd,
Kénan, Mahalaleel, Jéred,
3 Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk,
Hénoc, Metuschélah, Lémec,
4 Lemèk te papa Noe, Noe te papa Sèm, Kam ak Jafè.
Noé, Sem, Cham avèk Japhet.
5 Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
Fis a Japhet yo: Gomer, Magog, Madaï, Javan, Tubal, Méschec avèk Tiras.
6 Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama.
Fis a Gomer yo: Aschkenaz, Diphat, avèk Togarma.
7 Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
Fis a Javan yo: Élischa, Tarsisa, Kittim ak Rodanim.
8 Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.
Fis a Cham yo: Cush, Mitsraïm, Puth avèk Canaan.
9 Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan.
Fis a Cush yo: Saba, Havilla, Sabta, Raema avèk Sabteca. —Fis a Raema yo: Séba avèk Dedan.
10 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè.
Cush te fè Nimrod: se li menm ki te vin yon nonm pwisan sou latè a.
11 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo,
Mitsarïm te fè moun a Ludim yo, Ananim yo, Lehabim yo, Naphtuhim yo,
12 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti.
Patrusim yo, Casluhim yo, sou sila Filisten yo te sòti avèk Kaftorimyen yo.
13 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo.
Canaan te fè Sidon, premye ne li avèk Heth,
14 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo,
avèk Jebizyen yo, Amoreyen yo ak Gigazyen yo,
15 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo,
Evyen yo, Akiyen yo, Siniyen yo,
16 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.
Avadyen yo, Semariyen yo ak Amatyen yo.
17 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.
Fis a Sem yo: Élam, Assur, Arpacschad, Lud ak Aram; Uts, Hul, Guéter avèk Méschec.
18 Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè.
Arpacschad te fè Schélach; epi Schélach te fè Héber.
19 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan.
De fis te fèt a Éber, non a youn se te Péleg; paske nan jou pa li yo, tè a te divize e non frè li a se te Joktan.
20 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak,
Joktan te vin papa a Almodad, Schéleph, Hatsarmaveth, Jérach,
21 Adoram, Ouzal, Dikla,
Hadoram, Uzal, Dikla,
22 Ebal, Abimayèl, Seba,
Ébal, Abimaël, Séba,
23 Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye.
Ophir, Havila, avèk Jobab, tout sila te fis a Joktan.
24 Soti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak,
Sem, Arpacschad, Schélach,
25 Ebè, Pelèg, Reou,
Héber, Péleg, Rehu,
26 Sewoug, Nakò, Terak
Serug, Nachor, Térach,
27 ak Abram ki te rele Abraram tou.
Abram, ki se Abraham.
28 Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl.
Fis a Abraham yo: Isaac avèk Ismaël.
29 Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam,
Men desandan pa yo: Nebajoth, premye ne pou Ismaël, Kédar, Adbeel, Mibsam.
30 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema,
Mischma, Duma, Massa, Hadad, Téma,
31 Jetou, Nafich ak Kedma.
Jethur, Naphisch ak Kedma: sila yo se te fis a Ismaël.
32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.
Fis a Ketura yo, ti mennaj a Abraham nan. Li te bay nesans a Zimran, Jokschan, Medan, Madain, Jischbak ak Schuach. —Fis a Jokschan yo: Séba avèk Dedan.
33 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye.
Fis a Madian yo: Épha, Épher, Hénoc, Abida avèk Eldaa—Tout sila yo se te fis a Ketura.
34 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezaou ak Izrayèl.
Abraham te fè Isaac. Fis a Isaac yo se te Ésaü avèk Israël.
35 Men non pitit Ezaou yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore.
Fis a Ésaü yo: Éliphaz, Reuel, Jeusch, Jaelam avèk Koré.
36 Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk.
Fis a Éliphaz yo: Théman, Omar, Tsephi, Gaetham, Kenaz, Thimna avèk Amalek.
37 Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza.
Fis a Reuel yo: Nahath, Zérach, Schamma avèk Mizza.
38 Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan.
Fis a Séir yo: Lothan, Schobal, Tsibeon, Ana, Dischon, Etser avèk Dischan.
39 Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna.
Fis a Lothan yo: Hori avèk Homam. Epi sè Lothan an te Thimna.
40 Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana.
Fis a Schobal yo: Alijan, Manahath, Ébal, Schephi avèk Onam. Fis a Tsibeon yo: Ajja, avèk Ana.
41 Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran.
Fis a Ana a: Dischon. Fis a Dischon yo: Hamran, Eschban, Jitran avèk Keran.
42 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran.
Fis a Etser yo: Bilhan, Zaavan avèk Jaakan. Fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.
43 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba.
Alò, sila yo se wa ki te renye nan peyi Édom an avan te gen wa an Israël. Béla, fis a Beor la; epi non a vil pa li a se te Dinhaba.
44 Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.
Béla te mouri; epi Jobab, fis a Zérach ki sòti Botsra a, te renye nan plas li.
45 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.
Jobab te mouri e Huscham a peyi Temanit yo te renye nan plas li.
46 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Moab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit.
Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la, te renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith.
47 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li.
Hadad te mouri; epi Samia a Maskéka te renye nan plas li.
48 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.
Samia te mouri; epi Saül a Rehoboth kote flèv la te renye nan plas li.
49 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li.
Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis a Acbor a te renye nan plas li.
50 Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l' te pitit fi Mezarab.
Baal-Hanan te mouri; epi Hadad te renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pahi; epi non a madanm li se te Mehéthabeel, fi a Mathred la, fi a Mézahab la.
51 Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezaou yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt,
Hadad te mouri. Chèf a Édom yo te chèf Thimna, chèf Alia, chèf Jetheth,
52 Olibama, Ela, Pinon,
chèf Oholibama, chèf Éla ak chèf Pinon,
53 Kenaz, Teman, Mibza,
chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar,
54 Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa.
chèf Magdiel, chèf Iram. Sila yo se te chèf Édom yo.

< 1 Istwa 1 >