< Ἰώβ 23 >

1 ὑπολαβὼν δὲ Ιωβ λέγει
Alò, Job te reponn:
2 καὶ δὴ οἶδα ὅτι ἐκ χειρός μου ἡ ἔλεγξίς ἐστιν καὶ ἡ χεὶρ αὐτοῦ βαρεῖα γέγονεν ἐπ’ ἐμῷ στεναγμῷ
Menm jodi a, plent mwen yo se rebelyon. Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3 τίς δ’ ἄρα γνοίη ὅτι εὕροιμι αὐτὸν καὶ ἔλθοιμι εἰς τέλος
O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li, pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4 εἴποιμι δὲ ἐμαυτοῦ κρίμα τὸ δὲ στόμα μου ἐμπλήσαιμι ἐλέγχων
Mwen ta prezante ka m nan devan L, e plen bouch mwen ak diskou yo.
5 γνῴην δὲ ῥήματα ἅ μοι ἐρεῖ αἰσθοίμην δὲ τίνα μοι ἀπαγγελεῖ
Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo e apèsi sa Li ta di m.
6 καὶ εἰ ἐν πολλῇ ἰσχύι ἐπελεύσεταί μοι εἶτα ἐν ἀπειλῇ μοι οὐ χρήσεται
Èske Li ta sèvi gran fòs Li pou goumen ak mwen? Non, anverite, Li ta koute mwen.
7 ἀλήθεια γὰρ καὶ ἔλεγχος παρ’ αὐτοῦ ἐξαγάγοι δὲ εἰς τέλος τὸ κρίμα μου
La, moun ladwati yo ta rezone avè L; epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
8 εἰς γὰρ πρῶτα πορεύσομαι καὶ οὐκέτι εἰμί τὰ δὲ ἐπ’ ἐσχάτοις τί οἶδα
Men gade, mwen fè avan, men Li pa la, e mwen fè bak, men mwen pa kab twouve Li.
9 ἀριστερὰ ποιήσαντος αὐτοῦ καὶ οὐ κατέσχον περιβαλεῖ δεξιά καὶ οὐκ ὄψομαι
Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li. Li vire adwat, mwen pa wè L.
10 οἶδεν γὰρ ἤδη ὁδόν μου διέκρινεν δέ με ὥσπερ τὸ χρυσίον
Men Li konnen chemen ke m pran an. Li fè m pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lo.
11 ἐξελεύσομαι δὲ ἐν ἐντάλμασιν αὐτοῦ ὁδοὺς γὰρ αὐτοῦ ἐφύλαξα καὶ οὐ μὴ ἐκκλίνω
Pye m te kenbe fèm a pa Li. Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
12 ἀπὸ ἐνταλμάτων αὐτοῦ καὶ οὐ μὴ παρέλθω ἐν δὲ κόλπῳ μου ἔκρυψα ῥήματα αὐτοῦ
Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo. Mwen te kenbe pawòl a bouch Li kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
13 εἰ δὲ καὶ αὐτὸς ἔκρινεν οὕτως τίς ἐστιν ὁ ἀντειπὼν αὐτῷ ὃ γὰρ αὐτὸς ἠθέλησεν καὶ ἐποίησεν
Men pa gen lòt tankou Li; se kilès ki kab kanpe kont Li? Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an. Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
15 διὰ τοῦτο ἐπ’ αὐτῷ ἐσπούδακα νουθετούμενος δὲ ἐφρόντισα αὐτοῦ ἐπὶ τούτῳ ἀπὸ προσώπου αὐτοῦ κατασπουδασθῶ κατανοήσω καὶ πτοηθήσομαι ἐξ αὐτοῦ
Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li. Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16 κύριος δὲ ἐμαλάκυνεν τὴν καρδίαν μου ὁ δὲ παντοκράτωρ ἐσπούδασέν με
Se Bondye ki fè kè m sote. Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
17 οὐ γὰρ ᾔδειν ὅτι ἐπελεύσεταί μοι σκότος πρὸ προσώπου δέ μου ἐκάλυψεν γνόφος
Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fenwà a, ni Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.

< Ἰώβ 23 >