< Psalm 126 >
1 Ein Wallfahrtslied. Als der HERR einst Zions Mißgeschick wandte,
Yon chan pou monte vè tanp lan Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou (sila) ki fè rèv yo.
2 Damals war unser Mund voll Lachens und unsre Zunge voll Jubels; damals sagte man unter den Heiden: »Der HERR hat Großes an ihnen getan!«
Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
3 Ja, Großes hatte der HERR an uns getan: wie waren wir fröhlich!
SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.
4 Wende, o HERR, unser Mißgeschick gleich den Bächen im Mittagsland!
Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a.
5 Die mit Tränen säen, werden mit Jubel ernten.
(Sila) ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
6 Wohl schreitet man weinend dahin, wenn man trägt den Samen zur Aussaat; doch jubelnd kehrt man heim, mit Garben beladen.
(Sila) ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.