< Psalm 47 >

1 Auf den Siegesspender, von den Korachiten, ein Lied. Ihr Stämme all, klatscht in die Hände! Mit Jubelschall singt eurem Gott!
Pou direktè koral la; Yo Sòm pa fis Koré yo. O bat men nou ansanm, tout pèp yo. Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.
2 Als Höchster wird der Herr gefürchtet, als großer König auf der ganzen Erde.
Paske SENYÈ Pi Wo a merite lakrent. Li se Gran Wa a sou tout latè a.
3 Er unterjocht uns Völker und Nationen legt er uns zu Füßen,
Li fè soumèt pèp yo anba nou, ak nasyon yo anba pye nou.
4 bestimmt, daß unser Erbteil uns verbleibe. der Ruhm für Jakob, den er liebt. (Sela)
Pou nou menm, Li chwazi eritaj nou, glwa la a Jacob, ke Li renmen an. Tan
5 Im Jubelsang fährt Gott empor und mit Trompetenschall der Herr. -
Bondye te monte avèk yon gwo rèl, SENYÈ a avèk son twonpèt la.
6 Lobsinget unserm König! Singt! Lobsinget unserm König! Singt!
Chante lwanj Bondye a, chante lwanj yo! Chante lwanj Wa nou an, chante lwanj yo!
7 Denn Gott wird König auf der ganzen Erde. Nun singet herrlich! -
Paske Bondye se Wa a tout tè a. Chante lwanj yo avèk yon chan byen bèl.
8 Als König zeigt sich Gott den Heiden; Gott thront auf seinem heiligen Throne.
Bondye regne sou nasyon yo. Bondye chita sou twòn wayal Li a.
9 Der Völker Fürsten schwinden hin, du Volk des Gottes Abrahams! Denn Gott gehört die Macht auf Erden. Erhaben steht er obenan.
Prens a pèp yo rasanble yo ansanm, pèp a Bondye Abraham nan. Paske tout boukliye sou latè yo se pou Bondye. Li leve byen wo.

< Psalm 47 >