< Lévitique 8 >
1 Le Seigneur parla encore à Moïse, disant:
Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
2 Prends Aaron avec ses fils, leurs vêtements, l’huile de l’onction, le veau pour le péché, les deux béliers et la corbeille des azymes,
“Pran Aaron ak fis li yo avè l, avèk vètman yo, lwil onksyon an, towo ofrann peche a, de belye, ak panyen pen san ledven an,
3 Et tu réuniras toute l’assemblée devant la porte du tabernacle.
epi reyini tout asanble a nan pòtay tant asanble a.”
4 Moïse fit comme le Seigneur avait commandé, et, toute la multitude assemblée devant la porte du tabernacle,
Alò, Moïse te fè ojis sa ke SENYÈ a te kòmande li a. Lè asanble a te fin reyini nan pòtay tant asanble a,
5 Il dit: Voici la parole que le Seigneur a commandé qu’on accomplisse.
Moïse te di asanble a: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande pou fè yo.”
6 Et aussitôt il présenta Aaron et ses fils. Et lorsqu’il les eut lavés,
Konsa, Moïse te fè Aaron avèk fis li yo vin pwoche e te benyen yo avèk dlo.
7 Il revêtit le pontife de la tunique de lin de dessous, le ceignant de la ceinture et le couvrant de la tunique d’hyacinthe, et il mit l’éphod par-dessus.
Li te mete yon tinik sou li, mare senti li avèk yon sentiwon an twal, abiye li avèk yon manto, mete efòd la sou li; epi li te tache ban atistik efòd la e mare l sou li.
8 Le serrant avec la ceinture, il y adapta le pectoral, sur lequel était: La Doctrine et la Vérité.
Li te mete pyès lestomak la sou li. Anplis, nan pyès lestomak la, li te mete Ourim nan avèk Toumim nan.
9 Il couvrit aussi sa tête de la tiare, et sur la tiare, contre le front, il posa la lame d’or consacrée pour la sanctification, comme lui avait ordonné le Seigneur.
Li te plase plastwon an sou tèt li. Sou plastwon an, pa devan, li te mete plak an lò a, kouwòn sen an, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
10 Il prit aussi l’huile de l’onction, dont il oignit le tabernacle avec toutes ses dépendances;
Alò, Moïse te pran lwil onksyon an e te onksyone tabènak la ak tout sa ki te ladann, epi li te konsakre yo.
11 Et, lorsque, pour le sanctifier, il eut aspergé l’autel sept fois, il l’oignit ainsi que tous les vases et le bassin avec sa base, et il les sanctifia avec l’huile.
Li te flite kèk lwil ladann sou lotèl la sèt fwa, e li te onksyone lotèl la avèk tout zouti li yo, ak basen an avèk baz li pou konsakre yo.
12 Versant l’huile sur la tête d’Aaron, il l’oignit et le consacra.
Konsa, li te vide kèk nan lwil onksyon an sou tèt Aaron, e li te onksyone li, pou konsakre li.
13 Ses fils aussi, après les avoir présentés, il les revêtit de tuniques de lin, les ceignit de ceintures et posa des mitres sur leurs têtes, comme avait commandé le Seigneur.
Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
14 Il offrit encore le veau pour le péché: et lorsque Aaron et ses fils eurent mis leurs mains sur sa tête,
Answit, li te pote towo ofrann peche a, e Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt towo ofrann peche a.
15 Il l’immola: prenant le sang, et y trempant son doigt, il toucha les cornes de l’autel tout autour; l’autel purifié et sanctifié, il y répandit le reste du sang au pied.
Apre sa, Moïse te touye li. Li te pran san an avèk dwèt li, li te mete kèk nan li toupatou sou kòn lotèl la, e te pirifye lotèl la. Rès san an, li te vide li nan baz lotèl la, e li te konsakre li pou fè ekspiyasyon pou li.
16 Quant à la graisse qui était sur les entrailles, à la membrane réticulaire du foie et aux deux reins avec leurs parties grasses, il les brûla sur l’autel;
Li te osi pran tout grès ki te sou zantray yo avèk gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo. Moïse te ofri li nan lafimen sou lotèl la.
17 Brûlant hors du camp le veau avec la peau, la chair et la fiente, comme l’avait ordonné le Seigneur.
Men towo a avèk po li ak chè li, ak watè li, li te brile yo nan dife a deyò kan an jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.
18 Il offrit aussi en holocauste le bélier; sur la tête duquel lorsque Aaron et ses fils eurent posé leurs mains,
Alò, li te prezante belye ofrann brile a. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.
19 Il l’immola et il en répandit le sang autour de l’autel.
Moïse te touye li e li te flite san an toutotou lotèl la.
20 Et le bélier lui-même, le coupant en morceaux, il en brûla au feu la tête, les membres et la graisse,
Lè li te fin koupe belye a an mòso, Moïse te ofri tèt la, mòso yo ak grès di ki kouvri ren yo nan lafimen.
21 Les intestins et les pieds ayant été auparavant lavés; et il brûla le bélier tout entier sur l’autel, parce que c’était un holocauste d’une très suave odeur pour le Seigneur, comme il lui avait ordonné.
Apre li te fin lave zantray yo ak janm yo avèk dlo, Moïse te ofri tout belye a nan lafimen sou lotèl la. Se te ofrann brile a pou yon bon odè. Li te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
22 Il offrit encore le second bélier pour la consécration des prêtres; et Aaron et ses fils posèrent leurs mains sur sa tête;
Answit, li te prezante dezyèm belye a, belye òdinasyon an. Aaron avèk fis li yo te poze men yo sou tèt belye a.
23 Lorsque Moïse l’eut immolé, prenant de son sang, il toucha l’extrémité de l’oreille droite d’Aaron et le pouce de sa main droite et également de son pied.
Moïse te touye li, pran kèk nan san li e li te mete li sou tèt zòrèy dwat Aaron, sou pous men dwat li ak gwo zòtèy pye dwat li.
24 Il présenta aussi les fils d’Aaron; et lorsque avec le sang du bélier immolé il eut touché l’extrémité de l’oreille droite de chacun d’eux et les pouces de la main et du pied droits, il répandit le reste sur l’autel tout autour;
Osi, li te fè fis Aaron yo vin toupre; epi Moïse te mete kèk nan san an sou tèt zòrèy dwat la, sou pous men dwat yo, ak sou gwo zòtèy pye dwat yo. Alò, Moïse te flite rès san an toutotou lotèl la.
25 Mais la graisse, la queue, toute la graisse qui couvre les intestins, la membrane réticulaire du foie et les deux reins avec leurs graisses et l’épaule droite, il les sépara.
Li te pran grès la, grès ke a, tout grès ki te sou zantray yo, gwo mòso fwa a, de ren yo avèk grès pa yo ak kwis dwat la.
26 Or, prenant de la corbeille des azymes, qui était devant le Seigneur, un pain sans levain, une galette arrosée d’huile et un beignet, il les mit sur les graisses et sur l’épaule droite,
Nan panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la.
27 Remettant à la fois toutes ces choses à Aaron et à ses fils. Après que ceux-ci les eurent élevées devant le Seigneur,
Answit, li te mete tout sa yo nan men Aaron ak nan men fis li yo, e li te prezante yo kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a.
28 Moïse les ayant reçues de nouveau de leurs mains, les brûla sur l’autel de l’holocauste, parce que c’était une oblation de consécration, en odeur de suavité de sacrifice pour le Seigneur.
Answit, Moïse te pran yo nan men yo, e li te ofri yo nan lafimen sou lotèl la avèk ofrann brile yo. Yo te yon ofrann òdinasyon pou yon bon odè. Se te yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
29 Et il prit, l’élevant devant le Seigneur, la poitrine du bélier de la consécration pour sa part, comme lui avait ordonné le Seigneur.
Moïse te pran pwatrin nan, e li te prezante li kòm yon ofrann balanse an lè devan SENYÈ a. Sa te pati pa Moïse nan belye òdinasyon an, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
30 Prenant ensuite le parfum à oindre et le sang qui était sur l’autel, il fit l’aspersion sur Aaron et sur ses vêtements, sur ses fils et sur leurs vêtements,
Alò, Moïse te pran kèk nan lwil onksyon an e kèk nan san ki te sou lotèl la, e li te flite li sou Aaron, sou vètman pa li, sou fis li yo, sou vètman pou fis li yo avèk pa li a. Konsa, li te konsakre Aaron, vètman li yo, fis li yo ak vètman a fis li yo ansanm avèk li menm.
31 Et lorsqu’il les eut sanctifiés dans leur vêtement, il leur ordonna, disant: Faites cuire la chair devant la porte du tabernacle, et là mangez-la; mangez aussi les pains de la consécration qui ont été mis dans la corbeille, comme m’a ordonné le Seigneur, disant: Aaron et ses fils les mangeront;
Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’
32 Et tout ce qui sera de reste de la chair et des pains le feu le consumera.
Sa ki rete nan chè a ak nan pen an, ou va brile li nan dife.
33 Vous ne sortirez plus hors de la porte du tabernacle pendant sept jours jusqu’au jour où sera accompli le temps de votre consécration; car c’est en sept jours que s’achève la consécration,
Pandan sèt jou, nou pa pou sòti deyò pòtay tant asanble a, jis rive jou ke tan òdinasyon nou an fini: paske li va òdone nou pandan sèt jou.
34 Comme il a été fait aussi présentement, afin que le rite du sacrifice fût accompli.
“Sa ki te fèt la jodi a, konsa, SENYÈ a te bay lòd pou fè, pou fè ekspiyasyon pou nou.
35 Jour et nuit vous demeurerez dans le tabernacle, observant les veilles du Seigneur, pour que vous ne mouriez pas; car il m’a été ainsi ordonné,
Nan pòtay tant asanble a, anplis, nou va rete lajounen kon lannwit pandan sèt jou pou kenbe lòd SENYÈ a pou nou pa mouri: paske se konsa mwen resevwa lòd la.”
36 Et Aaron et ses fils firent tout ce que le Seigneur avait dit par l’entremise de Moïse.
Konsa, Aaron avèk fis li yo te fè tout bagay ke SENYÈ a te kòmande atravè Moïse yo.