< Genèse 13 >

1 Et Abram monta d'Égypte vers le Midi, lui et sa femme, et tout ce qui lui appartenait, et Lot avec lui.
Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.
2 Or Abram était très riche en bétail, en argent et en or.
Epi Abram te trè rich nan bèt, lajan ak nan lò.
3 Puis il s'en retourna, par ses campements, du Midi jusqu'à Béthel, jusqu'au lieu où avait été sa tente au commencement, entre Béthel et Aï;
Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai,
4 Au lieu où était l'autel qu'il y avait fait auparavant, et Abram y invoqua le nom de l'Éternel.
jis rive nan plas lotèl ke li te fè la oparavan an. Epi la Abram te rele non SENYÈ a.
5 Or Lot, qui marchait avec Abram, avait aussi des brebis, des bœufs et des tentes.
Alò, Lot, ki te ale avèk Abram, osi te gen bann mouton, twoupo, avèk tant.
6 Et le pays ne leur suffit pas pour demeurer ensemble; car leur bien était si grand, qu'ils ne purent demeurer ensemble.
Epi tè a pa t kapab sipòte yo toude pou rete ansanm, paske byen yo te tèlman gran ke yo pa t kab rete ansanm.
7 Et il y eut une querelle entre les bergers du bétail d'Abram, et les bergers du bétail de Lot. Or les Cananéens et les Phéréziens demeuraient alors dans le pays.
Epi te gen konfli antre bèje bèt Abram, ak bèje bèt Lot yo. Epi te gen Kanaaneyen yo avèk Ferezyen yo ki te rete nan peyi a.
8 Et Abram dit à Lot: Qu'il n'y ait point, je te prie, de dispute entre moi et toi, ni entre mes bergers et tes bergers; car nous sommes frères.
Alò, Abram te di a Lot: “Silvouplè, pa kite gen konfli antre ou avèk mwen, ni antre bèje pa m ak bèje pa w, paske se frè nou ye.
9 Tout le pays n'est-il pas devant toi? Sépare-toi donc de moi; si tu prends la gauche, j'irai à droite; et si tu prends la droite, j'irai à gauche.
Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
10 Alors Lot, levant les yeux, vit toute la plaine du Jourdain, qui (avant que l'Éternel eût détruit Sodome et Gomorrhe) était arrosée partout, en allant vers Tsoar, comme le jardin de l'Éternel, comme le pays d'Égypte.
Lot te leve zye li, e li te wè tout vale Jourdain an ke li te byen wouze. Sa se te avan SENYÈ a te detwi Sodome avèk Gomorrhe. Li te tankou jaden SENYÈ a, tankou peyi Égypte la lè ou ale vè Zoar.
11 Et Lot choisit pour lui toute la plaine du Jourdain, et il partit du côté de l'Orient; et ils se séparèrent l'un de l'autre.
Konsa, Lot te chwazi pou li menm tout vale Jourdain an, e Lot te vwayaje vè lès. Konsa yo te separe youn ak lòt.
12 Abram habita dans le pays de Canaan, et Lot habita dans les villes de la plaine, et dressa ses tentes jusqu'à Sodome.
Abram te vin rete nan tè Canaan an, pandan Lot te vin rete nan gran vil yo nan vale a, e li te deplase tant li yo jis rive Sodome.
13 Or les gens de Sodome étaient méchants, et de grands pécheurs contre l'Éternel.
Alò, mesye Sodome yo te mechan anpil, e yo te fè peche depase kont SENYÈ a.
14 Et l'Éternel dit à Abram, après que Lot se fut séparé de lui: Lève donc les yeux, et regarde du lieu où tu es, vers le Nord, vers le Midi, vers l'Orient et vers l'Occident.
SENYÈ a te di a Abram lè Lot fin kite l la: “Koulye a leve ze ou pou gade depi plas la kote ou ye a; vè nò, vè sid, vè lès ak lwès.
15 Car, tout le pays que tu vois, je te le donnerai, à toi et à ta postérité pour toujours.
Paske tout peyi ke ou wè a, Mwen va ba ou li, ak desandan ou yo pou tout tan.
16 Et je ferai que ta postérité sera comme la poussière de la terre; que si quelqu'un peut compter la poussière de la terre, ta postérité aussi sera comptée.
“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.
17 Lève-toi, parcours le pays dans sa longueur et dans sa largeur; car je te le donnerai.
Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.
18 Alors Abram transporta ses tentes, et vint demeurer aux chênes de Mamré, qui sont à Hébron, et il bâtit là un autel à l'Éternel.
Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.

< Genèse 13 >