< 2 Chroniques 4 >

1 Il fit aussi un autel d'airain de vingt coudées de long, de vingt coudées de large, et de dix coudées de haut.
Apre, li te fè yon lotèl an bwonz, ven koude nan longè, ven koude nan lajè ak dis koude nan wotè.
2 Il fit la mer de fonte de dix coudées d'un bord à l'autre, ronde tout autour, et haute de cinq coudées; et un cordon de trente coudées l'environnait tout autour.
Anplis, li te fè yon lanmè an fè fòje, dis koude de lajè, tou won, wotè li te senk koude e sikonferans lan te trant koude.
3 Et des figures de bœufs l'entouraient en dessous, tout autour, dix par coudée, environnant la mer tout autour; il y avait deux rangées de bœufs fondus avec elle dans sa fonte.
Yon estati sanblab a bèf yo te anba li, e te antoure li, dis koude, ki te antoure lanmè a nèt. Bèf yo te an de ranje, e yo te fòje yo tankou yon sèl pyès.
4 Elle était posée sur douze bœufs, dont trois tournés vers le nord, trois tournés vers l'occident, trois tournés vers le midi, et trois tournés vers l'orient; la mer était sur eux, et toutes leurs croupes étaient en dedans.
Lanmè a te kanpe sou douz bèf, twa avèk fas yo vè nò, twa avèk fas yo vè lwès, twa avèk fas yo vè sid, e twa avèk fas yo vè lès. Epi lanmè li te poze sou yo, e dèyè a tout bèt te pozisyone pa anndan.
5 Son épaisseur était d'une palme; et son bord était comme le bord d'une coupe, en fleur de lis; elle contenait trois mille baths.
Li te gen episè a yon men ouvri, epi rebò li te fèt tankou sila a yon tas, tankou yon flè lis k ap ouvri. Li te resevwa e te kenbe volim a twa-mil bat.
6 Il fit aussi dix cuves, et en mit cinq à droite et cinq à gauche, pour y laver. On y lavait ce qui appartenait aux holocaustes, et la mer servait aux sacrificateurs pour s'y laver.
Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.
7 Il fit dix chandeliers d'or, selon la forme qu'ils devaient avoir, et les mit dans le temple, cinq à droite et cinq à gauche.
Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.
8 Il fit aussi dix tables, et il les mit dans le temple, cinq à droite, et cinq à gauche; et il fit cent coupes d'or.
Anplis, li te fè dis tab e te plase yo nan tanp lan, senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la. Epi li te fè san bòl an lò.
9 Il fit encore le parvis des sacrificateurs, et le grand parvis, et des portes pour ce parvis, et couvrit d'airain ces portes.
Li te fè lakou prèt yo avèk gran lakou a avèk pòt pou lakou a, e li te kouvri pòt yo avèk bwonz.
10 Il mit la mer du côté droit, vers l'orient, en face du midi.
Li te pozisyone lanmè a sou kote dwat kay la vè sidès.
11 Et Huram fit les pots, les pelles et les coupes; et il acheva de faire l'œuvre qu'il faisait pour le roi Salomon dans la maison de Dieu:
Anplis, Huram te fè bokit sann yo, pèl ak bòl yo. Konsa, Huram te fin fè travay ke li te fè pou Salomon lakay Bondye a:
12 Deux colonnes, les renflements et les deux chapiteaux, sur le sommet des colonnes; les deux réseaux pour couvrir les deux renflements des chapiteaux, sur le sommet des colonnes;
de pilye yo, bòl yo, de gran tèt pilye sou pilye yo ak de sistèm griyaj treyi yo pou kouvri de bòl a tèt pilye ki te chita sou pilye yo,
13 Et les quatre cents grenades pour les deux réseaux, deux rangs de grenades à chaque réseau, pour couvrir les deux renflements des chapiteaux, sur le sommet des colonnes.
epi kat-san grenad pou de sistèm griyaj yo, de ranje grenad pou chak sistèm griyaj pou kouvri de tèt pilye ki te sou pilye yo.
14 Il fit aussi les socles, et il fit les cuves sur les socles;
Anplis, li te fè baz ak basen sou baz yo,
15 Une mer et les douze bœufs sous elle;
ak yon sèl lanmè avèk douz bèf yo anba li.
16 Les pots, les pelles et les fourchettes et tous les ustensiles qui en dépendaient, Huram-Abi les fit au roi Salomon, pour la maison de l'Éternel, en airain poli.
Bokit yo, pèl yo, fouchèt yo ak tout zouti li yo, Huram te fè yo avèk bwonz poli pou wa Salomon pou kay SENYÈ a.
17 Le roi les fit fondre dans la plaine du Jourdain, dans une terre grasse, entre Succoth et Tséréda.
Nan plèn Jourdain an, Wa a te fonn yo nan tè ajil ki te antre Succoth avèk Tseréda a.
18 Et Salomon fit tous ces ustensiles en grand nombre, car on ne pouvait estimer le poids de l'airain.
Konsa, Salomon te fè tout zouti sila yo an gran kantite, jis pwa a bwonz lan pa t kab detèmine.
19 Salomon fit encore tous ces ustensiles qui appartenaient à la maison de Dieu: l'autel d'or, et les tables sur lesquelles on mettait le pain de proposition;
Anplis, Salomon te fè tout bagay ki te nan kay Bondye a: lotèl an lò a, tab yo avèk pen prezans lan sou yo,
20 Les chandeliers et leurs lampes d'or fin, qu'on devait allumer devant le sanctuaire, selon l'ordonnance;
chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a;
21 Les fleurs, les lampes, et les mouchettes d'or, d'un or parfaitement pur;
flè yo, lanp yo ak pens dife yo an lò byen rafine nèt;
22 Et les serpes, les bassins, les tasses et les encensoirs d'or fin. Et quant à l'entrée de la maison, les portes intérieures conduisant au lieu très-saint, et les portes de la maison, pour entrer au temple, étaient d'or.
epi etennwa yo, bòl yo, kiyè yo, ak plato sann an lò rafine yo, epi antre kay la, pòt enteryè li yo pou kote ki pi sen pase tout lòt yo a, ak pòt kay yo, sa vle di, kote gwo sanktyè a te ye a, tout te an lò.

< 2 Chroniques 4 >