< Psaumes 99 >
1 L'Eternel règne, que les peuples tremblent; il est assis entre les Chérubins, que la terre soit ébranlée.
Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!
2 L'Eternel est grand en Sion, et il est élevé par-dessus tous les peuples.
Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
3 Ils célébreront ton Nom, grand et terrible; car il est saint;
Se pou tout moun fè lwanj li, paske li gen pouvwa, li merite respè! Se Bondye tout bon li ye!
4 Et la force du Roi, [car] il aime la justice; tu as ordonné l'équité, tu as prononcé des jugements justes en Jacob.
Ou se yon wa ki gen pouvwa, yon wa ki renmen sa ki dwat. Ou mete jistis toupatou nan peyi Izrayèl. Ou fè yo fè jistis nan peyi a san patipri, jan sa dwe fèt.
5 Exaltez l'Eternel notre Dieu, et prosternez-vous devant son marchepied; il est saint.
Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Bese tèt nou devan fotèy li. Sè Bondye tout bon li ye!
6 Moïse et Aaron ont été entre ses Sacrificateurs; et Samuel entre ceux qui invoquaient son Nom; ils invoquaient l'Eternel, et il leur répondait.
Moyiz ak Arawon te fè pati prèt li yo! Samyèl te yonn nan moun ki te sèvi l' yo! Tout twa te rele Seyè a, li te reponn yo.
7 Il parlait à eux de la colonne de nuée; ils ont gardé ses témoignages et l'ordonnance qu'il leur avait donnée.
Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
8 Ô Eternel mon Dieu! tu les as exaucés, tu leur as été un [Dieu] Fort, leur pardonnant, et faisant vengeance de leurs actes.
Seyè, Bondye nou, ou te reponn yo lè yo te lapriyè ou! Ou te moutre yo se yon Bondye ki konn padonnen ou ye. Men, ou te pini yo pou sa yo fè ki mal.
9 Exaltez l'Eternel notre Dieu, et prosternez-vous en la montagne de sa Sainteté, car l'Eternel, notre Dieu est saint.
Lwanj pou Seyè a, Bondye nou an! Adore l' sou mòn ki apa pou li a! Paske, Seyè a, Bondye nou an, se Bondye tout bon li ye.