< Psaumes 37 >
1 Psaume de David. [Aleph.] Ne te dépite point à cause des méchants, ne sois point jaloux de ceux qui s'adonnent à la perversité.
Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo!
2 Car ils seront soudainement retranchés comme le foin, et se faneront comme l'herbe verte.
Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon.
3 [Beth.] Assure-toi en l'Eternel, et fais ce qui est bon; habite la terre, et te nourris de vérité.
Mete konfyans ou nan Seyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze!
4 Et prends ton plaisir en l'Eternel, et il t'accordera les demandes de ton cœur.
Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
5 [Guimel.] Remets ta voie sur l'Eternel, et te confie en lui; et il agira;
Renmèt kòz ou nan men Seyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou.
6 Et il manifestera ta justice comme la clarté, et ton droit comme le midi.
L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
7 [Daleth.] Demeure tranquille te confiant en l'Eternel, et l'attends; ne te dépite point à cause de celui qui fait bien ses affaires, à cause, [dis-je], de l'homme qui vient à bout de ses entreprises.
Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo.
8 [He.] Garde-toi de te courroucer, et renonce à la colère; ne te dépite point, au moins pour mal faire.
Pa fache, pa fè move san. Ou pa bezwen ennève! Sa kapab fè ou fè sa ki mal.
9 Car les méchants seront retranchés; mais ceux qui se confient en l'Eternel hériteront la terre.
Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo.
10 [Vau.] Encore donc un peu de temps, et le méchant ne sera plus; et tu prendras garde à son lieu, et il n'y sera plus.
Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo.
11 Mais les débonnaires hériteront la terre, et jouiront à leur aise d'une grande prospérité.
Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale.
12 [Zain.] Le méchant machine contre le juste, et grince ses dents contre lui.
Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.
13 Le Seigneur se rira de lui, car il a vu que son jour approche.
Seyè a ap ri mechan an, paske li konnen mechan an pa la pou lontan.
14 [Heth.] Les méchants ont tiré leur épée, et ont bandé leur arc, pour abattre l'affligé, et le pauvre, [et] pour massacrer ceux qui marchent dans la droiture.
Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.
15 [Mais] leur épée entrera dans leur cœur, et leurs arcs seront rompus.
Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo.
16 [Teth.] Mieux vaut au juste le peu qu'il a, que l'abondance à beaucoup de méchants.
Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal.
17 Car les bras des méchants seront cassés, mais l'Eternel soutient les justes.
Paske, Bondye ap kraze kouraj mechan yo, men l'ap soutni moun ki mache dwat yo.
18 [Jod.] L'Eternel connaît les jours de ceux qui sont intègres, et leur héritage demeurera à toujours.
Seyè a konnen jan moun ki fè volonte l' yo ap viv. Eritaj yo la pou tout tan.
19 Ils ne seront point confus au mauvais temps, mais ils seront rassasiés au temps de la famine.
Yo p'ap wont lè bagay gate, y'ap jwenn tou sa yo bezwen lè grangou tonbe sou peyi a.
20 [Caph.] Mais les méchants périront, et les ennemis de l'Eternel s'évanouiront comme la graisse des agneaux, ils s'en iront en fumée.
Men mechan yo ap peri. Moun ki pa vle wè Seyè a ap fennen tankou flè savann. Y'ap disparèt tankou lafimen.
21 [Lamed.] Le méchant emprunte, et ne rend point; mais le juste a compassion, et donne.
Mechan an prete, li pa nan renmèt. Men, moun ki mache dwat yo gen kè sansib, yo fè kado.
22 Car les bénis [de l'Eternel] hériteront la terre; mais ceux qu'il a maudits seront retranchés.
Moun Seyè a beni va pran peyi a pou yo. Men, moun ki anba madichon Bondye gen pou disparèt sou tè a.
23 [Mem.] Les pas de l'homme [qu'il a béni] sont conduits par l'Eternel, et il prend plaisir à ses voies.
Seyè a pran men lèzòm, li mete yo nan bon chemen. Li kontan wè yo mache dwat.
24 S'il tombe, il ne sera pas [entièrement] abattu; car l'Eternel lui soutient la main.
Si yo tonbe, yo p'ap rete atè a. Paske Seyè a ap ba yo men.
25 [Nun.] J'ai été jeune, et j'ai atteint la vieillesse, mais je n'ai point vu le juste abandonné, ni sa postérité mendiant son pain.
Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite.
26 Il est ému de pitié tout le jour, et il prête; et sa postérité est en bénédiction.
Okontrè, moun ki mache dwat l'a toujou gen kè sansib pou l' bay, pou li prete moun tou. Tout pitit pitit li yo tounen yon benediksyon pou lòt moun.
27 [Samech.] Retire-toi du mal, et fais le bien; et tu auras une demeure éternelle.
Pa fè mal, fè sa ki byen. W'a toujou gen yon kote nan peyi a pou ou rete.
28 Car l'Eternel aime ce qui est juste, et il n'abandonne point ses bien-aimés; c'est pourquoi ils sont gardés à toujours; mais la postérité des méchants est retranchée.
Paske, Seyè a renmen moun ki mache dwat. Li pa lage moun ki kenbe fèm nan sèvis li. L'ap toujou pwoteje yo. Men, ras mechan yo gen pou disparèt.
29 [Hajin.] Les justes hériteront la terre, et y habiteront à perpétuité.
Moun ki mache dwat gen pou pran peyi a pou yo. Y'ap rete nan peyi a tout tan tout tan.
30 [Pe.] La bouche du juste proférera la sagesse, et sa langue prononcera la justice.
Moun ki mache dwat devan Bondye bay bon konsèy. Se bon pawòl ase ki soti nan bouch li.
31 La Loi de son Dieu est dans son cœur, aucun de ses pas ne chancellera.
Li kenbe lalwa Bondye a fèm nan kè li, li p'ap janm bite.
32 [Tsade.] Le méchant épie le juste, et cherche à le faire mourir.
Mechan an ap veye tout vire tounen moun k'ap mache dwat, l'ap chache jan pou l' touye l'.
33 L'Eternel ne l'abandonnera point entre ses mains, et ne le laissera point condamner quand on le jugera.
Men, Seyè a p'ap lage l' nan men mechan an, li p'ap kite yo kondannen l' lè y'ap jije l'.
34 [Koph.] Attends l'Eternel, et prends garde à sa voie, et il t'exaltera, afin que tu hérites la terre, [et] tu verras comment les méchants seront retranchés.
Mete konfyans ou nan Seyè a, fè tou sa l' mande ou fè. L'ap ba ou fòs pou ou ka pran peyi a pou ou. Ou gen pou wè mechan yo disparèt sou latè.
35 [Res.] J'ai vu le méchant terrible, et s'étendant comme un laurier vert;
Mwen te wè yon mechan ki te fè tout moun pè li, li te kanpe tankou yon gwo pye mapou.
36 Mais il est passé, et voilà, il n'est plus; je l'ai cherché, et il ne s'est point trouvé.
Apre sa, mwen tounen vin pase kote l' te ye a, li pa t' la. Mwen chache l', mwen pa janm wè l' ankò.
37 [Scin.] Prends garde à l'homme intègre, et considère l'homme droit; car la fin d'un tel homme est la prospérité.
Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
38 Mais les prévaricateurs seront tous ensemble détruits, et ce qui sera resté des méchants sera retranché.
Men, moun k'ap fè mal yo, y'ap rete konsa y'ap disparèt. Tout pitit ak pitit pitit yo ap disparèt tou.
39 [Thau.] Mais la délivrance des justes [viendra] de l'Eternel, il sera leur force au temps de la détresse.
Se Seyè a k'ap sove moun ki mache dwat yo. L'ap sèvi yo defans lè yo nan tray.
40 Car l'Eternel leur aide, et les délivre: il les délivrera des méchants, et les sauvera, parce qu'ils se seront confiés en lui.
L'ap pote yo sekou, l'ap delivre yo. L'ap wete yo anba men mechan yo, paske se anba zèl li y' al chache pwoteksyon.