< Josué 12 >

1 Or ce sont ici les Rois du pays que les enfants d'Israël frappèrent, et dont ils possédèrent le pays au delà du Jourdain vers le soleil levant, depuis le torrent d'Arnon jusqu'à la montagne de Hermon, et toute la campagne vers l'Orient.
Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès:
2 [Savoir] Sihon, Roi des Amorrhéens, qui habitait à Hesbon, et qui dominait depuis Haroher qui [est] sur le bord du torrent d'Arnon, et [depuis] le milieu du torrent, et la moitié de Galaad, même jusqu'au torrent de Jabbok, qui est la frontière des enfants de Hammon;
Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an;
3 Et [depuis] la campagne jusqu'à la mer de Kinnaroth vers l'Orient, et jusqu'à la mer de la campagne, qui est la mer salée, vers l'Orient, au chemin de Beth-jesimoth; et depuis le Midi au dessous d'Asdoth de Pisga.
epi nan Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo;
4 Et les contrées de Hog, Roi de Basan, qui était du reste des Réphaïms, [et] qui habitait à Hastaroth et à Edréhi;
epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï,
5 Et qui dominait en la montagne de Hermon, et à Salca, et par tout Basan, jusqu'aux limites des Guésuriens et des Mahacathiens, et de la moitié de Galaad, frontière de Sihon, Roi de Hesbon.
epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.
6 Moïse serviteur de l'Eternel, et les enfants d'Israël les battirent; et Moïse serviteur de l'Eternel en donna la possession aux Rubénites, et aux Gadites, et à la moitié de la Tribu de Manassé.
Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.
7 Et ce sont ici les Rois du pays que Josué et les enfants d'Israël frappèrent au deçà du Jourdain vers l'Occident, depuis Bahal-Gad, en la campagne du Liban, jusqu'à la montagne de Halak qui monte vers Séhir, et que Josué donna aux Tribus d'Israël en possession, selon leurs portions;
Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo,
8 [Pays consistant] en montagnes, et en plaines, et en campagnes, et en collines, et en [pays] de désert et de Midi; les Héthiens, les Amorrhéens, les Cananéens, les Phérésiens, les Héviens, et les Jébusiens.
nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:
9 Un Roi de Jérico; un Roi de Haï, laquelle était à côté de Béthel;
wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn;
10 Un Roi de Jérusalem; un Roi de Hébron;
wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn;
11 Un Roi de Jarmuth; un Roi de Lakis;
wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn;
12 Un Roi d'Héglon; un Roi de Guézer;
wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn;
13 Un Roi de Débir; un Roi de Guéder;
wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn;
14 Un Roi de Horma; un Roi de Harad;
wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn
15 Un Roi de Libna; un Roi de Hadullam;
wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;
16 Un Roi de Makkéda; un Roi de Béthel;
wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn;
17 Un Roi de Tappuah; un Roi de Hépher;
wa a Tappuach la, youn; wa a Hépher a, youn;
18 Un Roi d'Aphek; un Roi de Saron;
wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;
19 Un Roi de Madon; un Roi de Hatsor;
wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn;
20 Un Roi de Simron-Meron; un Roi d'Acsaph;
wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn;
21 Un Roi de Tahanac; un Roi de Meguiddo;
wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;
22 Un Roi de Kédès; un Roi de Joknéham de Carmel;
wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;
23 Un Roi de Dor, près de Naphoth-Dor; un Roi de Gojim, près de Guilgal;
wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;
24 Un Roi de Tirtsa; en tout trente et un Rois.
wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.

< Josué 12 >