< 1 Corinthiens 10 >
1 Or mes frères, je ne veux pas que vous ignoriez que nos pères ont tous été sous la nuée, et qu'ils ont tous passé par la mer;
Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.
2 Et qu'ils ont tous été baptisés par Moïse en la nuée et en la mer;
Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a;
3 Et qu'ils ont tous mangé d'une même viande spirituelle;
e yo tout te manje menm manje lespri a.
4 Et qu'ils ont tous bu d'un même breuvage spirituel: car ils buvaient [de l'eau] de la pierre spirituelle qui [les] suivait; et la pierre était Christ.
Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.
5 Mais Dieu n'a point pris plaisir en plusieurs d'eux; car ils ont été accablés au désert.
Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.
6 Or ces choses ont été des exemples pour vous, afin que nous ne convoitions point des choses mauvaises, comme eux-mêmes les ont convoitées;
Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a.
7 Et que vous ne deveniez point idolâtres, comme quelques-uns d'eux; ainsi qu'il est écrit: le peuple s'est assis pour manger et pour boire; et puis ils se sont levés pour jouer.
Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.”
8 Et afin que nous ne nous laissions point aller à la fornication, comme quelques-uns d'eux s'y sont abandonnés, et il en est tombé en un jour vingt-trois mille.
Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou.
9 Et que nous ne tentions point Christ, comme quelques-uns d'eux [l'] ont tenté, et ont été détruits par les serpents.
Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.
10 Et que vous ne murmuriez point, comme quelques-uns d'eux ont murmurés, et sont péris par le destructeur.
Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.
11 Or toutes ces choses leur arrivaient en exemple, et elles sont écrites pour notre instruction, comme [étant] ceux [auxquels] les derniers temps sont parvenus. (aiōn )
Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. (aiōn )
12 Que celui donc qui croit demeurer debout, prenne garde qu'il ne tombe.
Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
13 [Aucune] tentation ne vous a éprouvés, qui n'ait été une [tentation] humaine; et Dieu est fidèle, qui ne permettra point que vous soyez tentés au-delà de vos forces, mais avec la tentation il vous en fera trouver l'issue, afin que vous la puissiez soutenir.
Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
14 C'est pourquoi, mes bien-aimés, fuyez l'idolâtrie.
Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.
15 Je [vous] parle comme à des personnes intelligentes; jugez vous-mêmes de ce que je dis.
Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.
16 La coupe de bénédiction, laquelle nous bénissons, n'est-elle pas la communion du sang de Christ? et le pain que nous rompons, n'est-il pas la communion du corps de Christ?
Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?
17 Parce qu'il n'y a qu'un seul pain, nous qui sommes plusieurs, sommes un seul corps; car nous sommes tous participants du même pain.
Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.
18 Voyez l'Israël selon la chair, ceux qui mangent les sacrifices, ne sont-ils pas participants de l'autel?
Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 Que dis-je donc? que l'idole soit quelque chose? ou que ce qui est sacrifié à l'idole, soit quelque chose? [Non].
Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay?
20 Mais je dis que les choses que les Gentils sacrifient, ils les sacrifient aux démons, et non pas à Dieu; or je ne veux pas que vous soyez participants des démons.
Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21 Vous ne pouvez boire la coupe du Seigneur, et la coupe des démons; vous ne pouvez être participants de la table du Seigneur, et de la table des démons.
Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.
22 Voulons-nous inciter le Seigneur à la jalousie? sommes-nous plus forts que lui?
Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
23 Toutes choses me sont permises, mais toutes choses ne sont pas convenables; toutes choses me sont permises, mais toutes choses n'édifient pas.
Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye.
24 Que personne ne cherche ce qui lui est propre, mais que chacun [cherche] ce qui est pour autrui.
Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.
25 Mangez de tout ce qui se vend à la boucherie, sans vous en enquérir pour la conscience:
Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon.
26 Car la terre [est] au Seigneur, avec tout ce qu'elle contient.
“Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.”
27 Que si quelqu'un des infidèles vous convie, et que vous y vouliez aller, mangez de tout ce qui est mis devant vous, sans vous en enquérir pour la conscience.
Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon.
28 Mais si quelqu'un vous dit: cela est sacrifié aux idoles, n'en mangez point à cause de celui qui vous en a avertis, et à cause de la conscience; car la terre [est] au Seigneur, avec tout ce qu'elle contient.
Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè, ak tout ki ranpli l.”
29 Or je dis la conscience, non pas la tienne, mais celle de l'autre; car pourquoi ma liberté serait-elle condamnée par la conscience d'un autre?
Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt?
30 Et si par la grâce j'en suis participant, pourquoi suis-je blâmé [pour une chose] dont je rends grâces?
Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?
31 Soit donc que vous mangiez, soit que vous buviez, ou que vous fassiez quelque autre chose, faites tout à la gloire de Dieu.
Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
32 Soyez tels que vous ne donniez aucun scandale ni aux Juifs, ni aux Grecs, ni à l'Eglise de Dieu.
Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
33 Comme aussi je complais à tous en toutes choses, ne cherchant point ma commodité propre, mais celle de plusieurs, afin qu'ils soient sauvés.
Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.