< Psaumes 100 >

1 Un psaume d'action de grâce. Ô terre, poussez partout des cris de joie au Seigneur.
Yon Sòm Remèsiman an Rele fò a SENYÈ tout latè a!
2 Servez le Seigneur dans la joie. Entrez en sa présence, pleins d'allégresse.
Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan! Vini devan Li avèk chan lajwa.
3 Sachez que le Seigneur, c'est Dieu même; c'est lui qui nous a faits, ce n'est pas nous; nous sommes son peuple et les brebis de son pâturage.
Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye. Se Li menm ki te fè nou, e se pou Li nou ye. Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.
4 Pénétrez dans ses portes avec des actions de grâces; dans ses parvis avec des chants. Louez-le, célébrez son nom.
Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman, e nan lakou Li yo avèk lwanj. Ba Li remèsiman! Beni non Li!
5 Car le Seigneur est doux, sa miséricorde est éternelle, et sa vérité demeure de génération en génération.
Paske Bondye bon. Lanmou dous li a dire jis pou tout tan, e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

< Psaumes 100 >