< Josué 21 >
1 Et les chefs de famille des fils de Levi allèrent trouver Eléazar le prêtre, Josué, fils de Nau, et les chefs de famille des tribus d'Israël.
Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo.
2 Ils leur parlèrent, en Silo, dans la terre de Chanaan, disant: Le Seigneur a ordonné à Moïse de nous donner des villes à habiter et leurs banlieues, pour notre bétail.
Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”
3 En conséquence, les fils d'Israël donnèrent aux lévites pour les posséder en héritage, selon l'ordre du Seigneur, des villes avec leurs banlieues;
Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a.
4 Le lot de la famille de Caath fut désigné le premier, et les fils d'Aaron, prêtres et lévites, eurent treize villes des tribus de Juda, de Siméon et de Benjamin;
Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin.
5 Le reste des fils de Caath eut dix villes des tribus d'Ephraïm, et de Dan et de la demi-tribu de Manassé;
Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a.
6 Le lot des fils de Gerson fut ensuite désigné; ils eurent treize villes des tribus d'Issachar, d'Aser et de Nephtbali et de la demi-tribu de Manassé, au delà du Jourdain;
Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan.
7 Le lot des fils de Mérari, par familles, fut désigné; ils eurent douze villes des tribus de Ruben, de Gad et de Zabulon.
Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon.
8 Les fils d'Israël donnèrent aux lévites, par le sort, ces villes avec leurs banlieues, comme le Seigneur l'avait prescrit à Moïse.
Alò fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk teren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la.
9 La tribu de Juda, celle de Siméon et une part de celle de Benjamin, livrèrent ces villes, et elles furent possédées
Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo;
10 Par les fils d'Aaron, de la famille de Caath, de la tribu de Lévi, parce que le sort les leur avait assignées.
epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo.
11 On leur donna aussi Cariath-Arboc, métropole des fils d'Enac, la même qu'Hébron dans les montagnes de Juda, et la banlieue qui l'entoure;
Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo.
12 Quant aux champs de la ville et à ses villages, Josué les avait donnés en pleine possession aux fils de Caleb, fils de Jéphoné.
Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l.
13 Aux fils d'Aaron, il donna cette ville d'Hébron, comme ville de refuge pour les meurtriers, avec toutes les dépendances qui y étaient attachées; il leur donna aussi Lemna et ses dépendances;
Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li,
14 Elom et ses dépendances, Tema et ses dépendances,
epi Jatthir avèk teren patiraj pa li, Eschthemoa avèk teren patiraj pa li,
15 Gella et ses dépendances, Dabir et ses dépendances, Bethsamys et ses dépendances: neuf villes des deux tribus de Juda et de Siméon;
epi Holon avèk teren patiraj pa li, Debir avèk teren patiraj pa li,
16 Asa et ses dépendances, Tana et ses dépendances;
epi Aïn avèk teren patiraj pa li, Jutta avèk teren patiraj pa li, Beth-Schémesch avèk teren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo.
17 Ils eurent, de la tribu de Benjamin, Gabaon et ses dépendances, Gatheth et ses dépendances,
Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk teren patiraj pa li ak Guéba avèk teren patiraj pa li,
18 Anathoth et ses dépendances, Gamala et ses dépendances: quatre villes;
Anathoth avèk teren patiraj pa li ak Almon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
19 En tout treize villes pour les prêtres, fils d'Aaron.
Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
20 Les familles des fils de Caath, le reste des lévites issus de Caath eurent d'abord la ville des prêtres dans la tribu d'Ephraïm.
Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo.
21 On leur donna Sichem, la ville de refuge pour les meurtriers, avec ses dépendances; ils eurent, en outre, Gazara, sa banlieue et ses dépendances,
Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li,
22 Et les deux Betboron avec leurs dépendances: quatre villes.
epi Kibtsaïm avèk teren patiraj pa li, Beth-Horon avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
23 Ils eurent encore, de la tribu de Dan, Helcotaïm et ses dépendances, Géthédan et ses dépendances,
Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li,
24 Elon et ses dépendances, Géthéremmon et ses dépendances: quatre villes;
Ajalon avèk teren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
25 Et, de la demi-tribu de Manassé, Tanach et ses dépendances, et Jébada et ses dépendances: deux villes.
Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk teren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; de vil.
26 En tout dix villes et leurs dépendances pour le reste des fils de Caath.
Tout vil yo avèk teren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis.
27 Aux lévites, fils de Gerson, il fut donné, de l'autre demi-tribu de Manassé, la ville assignée aux meurtriers, Gaulon, dans le royaume de Basan, avec ses dépendances, et Bosora avec ses dépendances: deux villes.
A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li ak Beeschthra avèk teren patiraj pa li; de vil.
28 De la tribu d'Issachar: Cison et ses dépendances, Debba et ses dépendances,
Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk teren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li,
29 Remniath et ses dépendances, et la Fontaine des Lettres, avec ses dépendances: quatre villes;
Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil.
30 De la tribu d'Aser: Basella avec ses dépendances, et Dabbon avec ses dépendances,
Soti nan tribi Aser, Mischal avèk teren patiraj pa li ak Abdon avèk teren patiraj pa li,
31 Chelcat avec ses dépendances, et Rhaab avec ses dépendances: quatre villes;
Helkath avèk teren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil.
32 De la tribu de Nephthali, la ville de refuge Cadès en Galilée et ses dépendances, Nemmath et ses dépendances, et Themmon avec ses dépendances: trois villes.
Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil.
33 En tout pour les fils de Gerson, par familles, treize villes.
Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
34 A la famille des fils de Mérari, au reste des lévites, il fut donné de la tribu de Zabulon, Maan et sa banlieue, Cadès et sa banlieue,
A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li.
35 Sella et sa banlieue: trois villes;
Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil.
36 Et au delà du Jourdain, en face de Jéricho, de la tribu de Ruben, la ville de refuge Bosor, dans le désert, la même que Miso et sa banlieue, Jazer et sa banlieue,
Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li,
37 Decmon et sa banlieue, Mapha et sa banlieue: quatre villes;
Kedémonth avèk teren patiraj pa li ak Méphaath avèk teren patiraj pa li; kat vil.
38 De la tribu de Gad, la ville de refuge Ramoth en Galaad et sa banlieue, Camin et sa banlieue,
Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk teren patiraj pa li,
39 Esebon et sa banlieue, Jazer et sa banlieue: en tout quatre villes.
Hesbon, avèk teren patiraj pa li, Jaezer avèk teren patiraj pa li; kat vil antou.
40 Telles sont toutes les villes données par familles, au reste des lévites, aux fils de Mérari, et leur nombre fut limité à douze.
Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil.
41 Les lévites eurent ainsi, au milieu des possessions des fils d'Israël, quarante-huit villes
Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk teren patiraj pa yo.
42 Et leurs banlieues; ils eurent chaque ville avec sa banlieue, et toutes ces villes étaient entourées de banlieues.
Chak nan vil sila yo te gen teren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo.
43 C'est ainsi que le Seigneur donna à Israël toute la terre qu'il avait promis à leurs pères de leur donner, ils en prirent possession et ils l'habitèrent.
Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann.
44 Et le Seigneur, comme il l'avait promis à leurs pères, rétablit la paix tout alentour; de tous leurs ennemis, nul ne se souleva contre eux. Le Seigneur avait livré tous leurs ennemis à leurs mains,
Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.
45 Aucune des bonnes paroles que le Seigneur avait dites aux fils d'Israël ne tomba à terre; toutes furent vérifiées.
Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.