< Ézéchiel 10 >
1 Et je regardai, et voilà que sur le firmament, qui était au-dessus de la tête des chérubins, il y avait comme un saphir, image d'un trône au-dessus d'eux.
Answit, mwen te gade e vwala, nan gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo.
2 Et le Seigneur dit à l'homme revêtu d'une longue robe: Entre au milieu des roues sous les chérubins, et prends à pleines mains des charbons au foyer qui est entre les chérubins, et disperse-les sur la ville. Et il y entra devant moi.
Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.” Konsa, li te antre pou m te ka wè l.
3 Et quand l'homme y entra, les chérubins étaient à droite dans le temple, et une nuée remplit le parvis intérieur.
Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen lakou enteryè a.
4 Alors la gloire du Seigneur s'éleva, et des chérubins passa au portique du temple, et la nuée remplit le temple; et le parvis était rempli des rayons de la gloire du Seigneur.
Epi glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a.
5 Et le bruit des ailes des chérubins s'entendit jusqu'au parvis extérieur, semblable à la voix du Dieu tout-puissant quand il parle.
Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.
6 Et ceci advint: pendant que le Seigneur donnait ses ordres à l'homme revêtu de la robe sainte, disant: Prends du feu au milieu des roues, parmi les chérubins; l'homme entra et s'arrêta près des roues.
Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou.
7 Et le Seigneur étendit la main sur le feu qui était parmi les chérubins, et il en prit, et il en remplit les mains de l'homme qui était revêtu de la robe sainte; et celui-ci le prit, et il sortit.
Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò.
8 Et je vis les chérubins ayant l'image d'une main d'homme sur leurs ailes.
Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben nan anba zèl yo.
9 Et je vis, et voilà que les quatre roues étaient arrêtées près des chérubins; chaque roue touchait un chérubin, et l'aspect des roues était comme l'aspect d'une escarboucle.
Alò, mwen te gade e vwala, kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit.
10 Et, quant à leur aspect; elles avaient toutes les quatre le même aspect, c'était comme si une roue était au milieu d'une roue.
Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou.
11 Lorsqu'elles allaient, elles allaient de leurs quatre parties, et en allant elles ne se retournaient pas; quel que fut le lieu qu'avait regardé la première tète, elles y allaient, et, en allant, elles ne se retournaient pas.
Lè yo te deplase yo, yo te ale nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a.
12 Et leurs moyeux, leurs mains, leurs ailes et leurs bandes étaient pleins d'yeux, tout alentour aux quatre roues.
Tout kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo.
13 Et tandis que j'écoutais, le nom de Gelgel fut donné aux quatre roues.
Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon.
Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.
15 Et les chérubins étaient ces mêmes créatures vivantes que j'avais vues sur le fleuve Chobar.
Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a.
16 Et quand les chérubins allaient, les roues allaient, et elles étaient tout près d'eux; et quand les chérubins étendaient les ailes pour s'élever au- dessus de terre, les roues ne se détournaient point d'eux.
Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo.
17 Et quand ils s'arrêtaient, elles s'arrêtaient; et quand ils s'élevaient, elles s'élevaient avec eux, parce qu'il y avait en elles un esprit de vie.
Lè cheriben yo te kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.
18 Et la gloire du Seigneur sortit du temple, et alla sur les chérubins.
Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe anwo cheriben yo.
19 Et les chérubins déployèrent leurs ailes, et ils planèrent au-dessus de terre devant moi; lorsqu'ils partirent, les roues étaient toujours auprès d'eux, et ils s'arrêtèrent sur le vestibule de la façade du temple du Seigneur; et la gloire du Dieu d'Israël était sur eux.
Lè cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.
20 Et c'étaient les créatures vivantes que j'avais vues au-dessous du Dieu d'Israël, vers le fleuve de Chobar, et je reconnus que c'étaient des chérubins.
Sa yo se kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye.
21 Chacun avait quatre faces et huit ailes, et sous les ailes l'image d'une main d'homme.
Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun.
22 Et leurs visages se ressemblaient, et c'étaient les visages que j'avais vus sous la gloire du Dieu d'Israël, vers le fleuve Chobar, et chacun marchait droit devant lui.
Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.