< Deutéronome 22 >

1 Si tu vois errant dans le chemin le bœuf de ton frère, ou sa brebis, tu ne les y laisseras pas; tu te hâteras de les ramener à ton frère et tu les lui rendras.
Lè nou jwenn bèf osinon kabrit yon moun pèp Izrayèl parèy nou ki kase kòd, pa fè tankou nou pa wè. Se pou nou pran l' mennen l' tounen ba li.
2 Si ton frère ne demeure point près de toi, si tu ne le connais pas, tu mèneras la bête en ta maison, ou elle restera jusqu'à ce que ton frère la réclame, alors tu la lui rendras.
Men, si mèt bèt la rete twò lwen, osinon si nou pa konnen pou ki moun li ye, n'a pran l', n'a mennen l' lakay nou. N'a kenbe l' lakay nou jouk mèt li va vin chache l'. Lè sa a n'a renmèt li li.
3 Tu feras de même pour son âne, pour son manteau, pour tout ce qu'aura perdu ton frère; quoi que ce soit qu'il ait perdu, si tu le trouves, tu ne pourras pas le négliger.
N'a fè menm jan an tou pou bourik, rad osinon nenpòt bagay yon moun pèp Izrayèl parèy nou ta rive pèdi epi se nou ki ta jwenn li. Pa fè tankou nou pa wè sa.
4 Aussitôt que tu auras vu l'âne de ton frère ou son bœuf tombé dans le chemin, tu ne passeras pas outre sans l'aider à le relever.
Lè nou wè bourik osinon bèf yon moun pèp Izrayèl parèy nou kouche nan chemen, pa fè tankou nou pa wè sa. Se pou nou ride l' fè l' kanpe ankò.
5 La femme ne portera pas de vêtements d'homme, l'homme ne portera pas de robe de femme; quiconque fait ces choses est en abomination au Seigneur ton Dieu.
Fanm pa gen dwa mete rad gason sou yo. Gason pa gen dwa mete rad fanm sou yo. Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.
6 Si tu trouves devant toi dans le chemin, ou sur un arbre, ou à terre, un nid d'oiseau, avec les petits ou les œufs, et la mère qui les couve, tu ne prendras pas la mère en même temps que sa couvée;
Si sou chemen nou, nou jwenn yon nich zwazo, swa sou yon pyebwa, swa atè avèk manman zwazo a kouche sou pitit li yo, osinon sou ze l'ap kouve, piga nou pran manman zwazo a sou nich la.
7 Tu laisseras aller la mère et n'emporteras que la couvée, afin que tu sois heureux et que tu vives de longs jours.
N'a kite manman zwazo a vole ale, n'a pran ti zwazo yo sèlman. Se konsa Bondye va fè tout zafè nou mache byen, l'a fè nou viv lontan.
8 Si tu achèves de bâtir une maison, tu y mettras une balustrade, et tu n'auras point occasionné de meurtre en ta maison, si quelqu'un vient à tomber de la terrasse.
Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
9 Tu ne sèmeras pas dans ta vigne de graines de diverses espèces, de peur que le grain que tu aurais semé ne soit consacré en même temps que le fruit de ta vigne.
Pa janm plante ankenn lòt kalite grenn nan jaden rezen nou. Si nou fè sa, nou p'ap ka sèvi ni avèk rezen yo ni avèk rekòt lòt grenn nou te plante yo.
10 Tu n'attelleras pas ensemble pour labourer un bœuf et un âne.
Piga nou mete bèf ak bourik ansanm pou rale chari.
11 Tu ne te revêtiras pas d'étoffes trompeuses de laine et de lin tissus ensemble.
Piga nou janm mete sou nou rad ki fèt ak divès kalite lenn ak twal fin blan tise ansanm.
12 Tu te feras des torsades sur les quatre franges des manteaux que tu porteras.
N'a mete yon ponpon nan kat kwen rad nou mete sou nou.
13 Si un homme a pris une femme, si, ayant cohabité avec elle, il la prend en haine.
Sipoze yon nonm pran yon fanm pou madanm li, li kouche avè l', epi apre sa, li vin pa renmen l' ankò.
14 S'il la flétrit par ses prétextes, s'il lui donne un mauvais renom, disant: J'ai pris cette femme, j'ai eu commerce avec elle, je n'ai point trouvé chez elle les signes de la virginité,
Lè sa a, li ba l' tout kalite defo ki genyen, li avili l' devan tout moun, li di: Fanm sa a pa di m' anyen ankò, paske lè m' marye avè l', lè nou vin ansanm, mwen te jwenn li pa t' tifi.
15 Le père et la mère de la femme présenteront aux anciens, devant la porte de la ville, les preuves de la virginité de leur enfant;
Enben, lè sa a, papa ak manman jenn madanm lan va pran dra maryaj la ki gen prèv madanm lan te tifi, y'a pote l' nan tribinal bò pòtay lavil la, y'a moutre chèf fanmi lavil yo li.
16 Le père et la mère de la femme diront aux anciens: J'ai donné ma fille que voici pour femme à cet homme et il l'a prise en haine,
Epi, papa jenn ti madanm lan va di chèf fanmi yo: mwen te bay nonm sa a pitit fi mwen pou madanm. Koulye a, li pa renmen l' ankò,
17 Et il la flétrit par ses prétextes, disant: Je n'ai point trouvé à ta fille les signes de la virginité. Or, voici les preuves de la virginité de ma fille; à ces mots ils déploieront le vêtement devant les anciens de la ville.
li pretann di madanm lan plen defo, l'ap di: O wi, mwen pa jwenn madanm lan tifi, men mwen pote ban nou prèv li te tifi. Epi l'a louvri dra a devan tout chèf fanmi lavil la.
18 Alors, les anciens prendront le mari et lui feront une réprimande.
Lè sa a chèf fanmi lavil yo va pran mari a, y'a bat li byen bat.
19 Puis, ils le condamneront à une amende de cent sicles, qu'ils donneront au père de la jeune femme, parce que l'époux aura terni le renom d'une vierge israélite; celle-ci restera sa femme, et il ne pourra jamais la répudier.
Y'a fè l' peye yon amann, y'a fè l' bay san pyès ajan, y'a renmèt bay papa jenn fanm lan, paske li te pale yon jenn tifi moun Izrayèl yo mal. Lèfini l'a blije rete ak fanm lan, li p'ap janm ka divòse avè l', jouk li menm li mouri.
20 Mais si les paroles de l'époux sont véritables, si l'on n'a point trouvé chez la jeune femme les signes de la virginité,
Men, si sa mari a te di a se te vre, kifè yo pa t' kapab bay prèv madanm lan te tifi,
21 On entraînera la jeune femme devant la maison de son père; elle sera lapidée, elle mourra, parce qu'elle se sera livrée à l'impudicité parmi les fils d'Israël, et se sera prostituée dans la maison de son père; ainsi vous aurez déraciné du milieu de vous le mal.
y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
22 Si un homme est trouvé couché avec la femme d'autrui, faites-les mourir tous les deux, la femme et l'homme surpris avec elle, et tous aurez déraciné parmi vous le mal.
Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
23 Si une jeune vierge est fiancée à un homme, et si un autre homme l'ayant rencontrée dans la ville a eu commerce avec elle,
Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l' nan yon lavil, li kouche avè l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.
24 Conduisez-les tous les deux devant la porte de la ville, lapidez-les, qu'ils meurent: la jeune fille, parce que dans la ville, elle n'aura point crié au secours; l'homme, parce qu'il aura souillé la femme de son prochain; ainsi vous aurez déraciné parmi vous le mal.
Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
25 Mais si l'homme a surpris la fille aux champs, et si, usant de violence, il a eu commerce avec elle, ne faites périr que l'homme qui aura abusé d'elle.
Men, si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l', li kouche avè l', se nèg la sèlman ki pou mouri.
26 Quant à la jeune fille, elle ne sera point coupable du crime capital, mais l'homme sera punissable autant que s'il s'était levé contre son prochain et l'eût tué.
Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l'.
27 Parce qu'il aura surpris la jeune fiancée dans les champs, et que, quand même elle eut crié, il n'y aurait eu là personne pour la secourir.
Nèg la te kontre avè l' andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t' gen pesonn pou pote l' sekou.
28 Si un homme rencontre une jeune fille vierge et non fiancée, si, usant de violence, il a commerce avec elle et s'il est surpris,
Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l', ki poko fiyanse, epi li kenbe l', li fòse l' kouche avè l', si yo bare yo,
29 Il donnera au père de la jeune fille cinquante doubles drachmes d'argent, et elle sera sa femme, car il aura attenté à son honneur: il ne pourra jamais la répudier.
nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l' bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l' kouche avè l'. Li p'ap janm ka divòse avè l' jouk li mouri.
30 Nul ne prendra la femme de son père, et ne soulèvera la couverture de son père.
Yon nonm pa gen dwa kouche ak madanm papa l'. Li pa gen dwa avili papa l' konsa.

< Deutéronome 22 >