< 2 Chroniques 7 >

1 Aussitôt que Salomon eut achevé sa prière, le feu du ciel descendit et dévora les holocaustes, et la gloire du Seigneur remplit le temple.
Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo te ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo te ofri.
2 Et, à ce moment-là, les prêtres ne purent entrer dans le temple, parce qu'il était rempli de la gloire du Seigneur.
Anmenmtan an, limyè prezans Seyè a te plen Tanp lan.
3 Et tous les fils d'Israël virent le feu descendre; et la gloire du Seigneur remplir l'édifice, et ils tombèrent la face sur le pavé du temple, et ils adorèrent le Seigneur, et ils le louèrent, à cause de sa bonté et de sa miséricorde infinies.
Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Seyè a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo di l' mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
4 Ensuite, le roi et tout le peuple immolèrent des victimes devant le Seigneur.
Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Seyè a.
5 Et le roi Salomon offrit en sacrifice vingt-deux mille bœufs, et cent vingt mille têtes de menu bétail; le roi et tout le peuple firent ainsi la dédicace du temple de Dieu.
Wa Salomon te ofri venndemil (22.000) towo ak sanvenmil (120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a.
6 Et les prêtres; chacun à son poste, et les lévites, avec les instruments et les chants du roi David, rendaient gloire au Seigneur et à sa miséricorde éternelle; devant eux, des prêtres sonnaient de la trompette, et tout le peuple se tenait debout.
Prèt yo te rete nan plas yo te ba yo nan Tanp lan. Devan yo se te moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Seyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Paske li p'ap janm sispann renmen nou. Prèt yo t'ap kònen twonpèt, tout pèp Izrayèl la menm te rete kanpe.
7 Et Salomon consacra le milieu du parvis du temple, car c'est là qu'il offrit les holocaustes et qu'il brûla la graisse des hosties pacifiques; car l'autel d'airain, qu'avait fait Salomon, ne suffisait pas à contenir les holocaustes, les oblations et la graisse.
Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv Salomon te fè fè a te twò piti pou pran tout ofrann bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden yo ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon.
8 Et le roi Salomon, en ce même temps-là, fit une fête de sept jours; avec lui était Israël, grande assemblée venue depuis l'entrée d'Emath jusqu'au fleuve d'Égypte.
Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.
9 Et le huitième jour il sanctifia la fin de la fête, parce que la fête de la Dédicace de l'autel avait duré sept jours.
Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.
10 Et le vingt-troisième jour du septième mois, il renvoya le peuple, chacun en sa demeure, la joie dans le cœur, pénétré des biens que le Seigneur avait accordés à David, à Salomon et à Israël, son peuple.
Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, yo al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Seyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.
11 Or, Salomon avait achevé le temple du Seigneur, et son propre palais; et tout ce qu'en son âme il avait désiré faire dans le temple et dans le palais, il l'avait heureusement accompli.
Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a ansanm ak palè wa a, lè li fin fè tou sa li te gen lide fè nan yo,
12 Et le Seigneur lui apparut pendant la nuit, et il dit: J'ai entendu ta prière; je me suis choisi ce lieu pour qu'il y eût un temple où l'on me sacrifiât.
Seyè a fè Salomon wè l' ankò yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen.
13 Si je ferme le ciel et qu'il n'y ait point de pluie; si je commande aux sauterelles de dévorer vos arbres; si j'envoie la peste à mon peuple;
Si mwen ta rive fèmen syèl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikèt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pèp la,
14 Et si mon peuple, pour qui mon nom est invoqué, rentre en soi-même, s'il prie, s'il désire ma présence, s'il se détourne de la mauvaise voie, je l'entendrai du haut du ciel; je serai miséricordieux pour ses péchés, et je guérirai sa terre.
lè sa a si pèp ki pote non m' lan lapriyè nan pye m', si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m' ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.
15 Et mes yeux seront ouverts, et mes oreilles seront attentives à la prière qui sera faite eu ce temple.
Depi jòdi a, je m' louvri, zòrèy mwen pare pou m' tande tout lapriyè y'ap fè isit la.
16 Car j'ai choisi et sanctifié cette demeure pour que mon nom y réside éternellement, et mes yeux et mon cœur y seront dans tous les siècles.
Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou.
17 Et, si tu marches devant moi comme ton père, si tu fais ce que je t'ai prescrit, si tu observes mes commandements et mes préceptes,
Ou menm pou tèt pa ou, si ou mache devan m' tankou David, papa ou, si ou fè tou sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo,
18 Je maintiendrai ton trône royal, selon l'alliance que j'ai faite avec David, disant: Jamais, en Israël, il ne manquera de chef issu de toi.
m'a kenbe gouvènman ou lan chita jan mwen te pwomèt David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la.
19 Mais si vous vous pervertissez, si vous abandonnez les commandements et les préceptes que j'ai mis devant vous, si vous suivez, si vous servez d'autres dieux, si vous les adorez,
Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye,
20 Je vous enlèverai de la terre que j'ai donnée à vos pères, je rejetterai loin de ma vue ce temple que j'ai consacré à mon nom; j'en ferai la fable et le jouet des gentils.
lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fè chante sou li.
21 Et cette demeure superbe, le passant, à son aspect, sera frappé de stupeur, et il s'écriera: Quel sujet a donc eu le Seigneur pour traiter ainsi leur terre et ce temple?
Kay sa a ki te sitèlman bèl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bò la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa.
22 Et l'on répondra: C'est qu'ils ont abandonné le Seigneur Dieu de leurs pères, qui les avait ramenés de l'Égypte, et qu'ils ont pris d'autres dieux, qu'ils les ont adorés, qu'ils les ont servis; à cause de cela, il a fait fondre sur eux tous ces maux.
Y'a reponn: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye gwo malè sa a sou yo.

< 2 Chroniques 7 >