< 1 Rois 1 >

1 Et le roi David était vieux, ayant vécu bien des jours; on l'entourait de vêtements, et il n'était point réchauffé.
David te fin vye granmoun, li te gen gwo laj sou tèt li. Menm lè yo te kouvri l' byen kouvri ak anpil rad sou li, li te santi frèt toujou.
2 Ses serviteurs dirent alors: Que l'on cherche pour le roi une jeune vierge; elle se tiendra à ses côtés, elle le réchauffera, elle dormira avec lui, et le roi notre maître sera réchauffé.
Lè sa a, moun pa l' yo di l': -Monwa, nou pral chache yon jenn fi ki tifi toujou pou rete avè ou, pou pran swen ou. L'a kouche kole avè ou pou chofe ou.
3 Et, ayant cherché, sur tout le territoire d'Israël, une fille belle et jeune, ils trouvèrent Abisag la Sunamite, et ils l'emmenèrent au roi.
Yo mete chache yon bèl jenn fi nan tout peyi Izrayèl la. Yo jwenn yon jenn fi nan ti bouk Chounam lan. Li te rele Abichag. Yo mennen l' bay wa a.
4 La jeune fille était merveilleusement belle, et elle réchauffait le roi, elle le servait; mais le roi ne la connut point.
Se te yon bèl bèl fi. Li pran swen wa a, li sèvi l'. Men, wa a pa janm kouche avè l'.
5 Or, Adonias, fils d'Aggith, s'enorgueillit, et il dit: Je règnerai. Il se procura des chars, des cavaliers, et cinquante hommes pour courir devant lui.
Lè sa a, Adonija, pitit gason David te fè ak Agit la, pran pòz otorite li. Li t'ap di: -Se mwen menm ki pou wa. Li chache cha lagè, chwal ak yon eskòt senkant moun ki t'ap kouri devan l' lè li sou cha pa l'.
6 Et son père n'y mit point obstacle, en lui disant: Pourquoi fais-tu cela? Il était extrêmement beau, et sa mère l'avait enfanté après Absalon.
Men, depi li piti, papa a te gate l', li toujou kite l' fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.
7 Ses confidents furent Joab, fils de Sarvia, et Abiathar le prêtre, qui se mirent du parti d'Adonias.
Adonija pale avèk Joab, pitit gason Sewouya a, ansanm ak Abyata, prèt la. De mesye sa yo dakò pou mete tèt ansanm avè l'.
8 Mais Sadoc le prêtre, Banaïas, fils de Joïada, Nathan le prophète, Sémeï, Rhési, les vaillants de David, ne suivirent point Adonias.
Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.
9 Et Adonias sacrifia des brebis, des bœufs et des agneaux, près de la pierre de Zoéléthi, qui tient à la fontaine de Rhogel, et il convia tous ses frères et tous les forts de Juda, serviteurs de David.
Yon jou, Adonija fè yon gwo sèvis pou Bondye bò Wòch Zoelèt la toupre sous Anwogèl. Li touye mouton, bèf ak ti towo bèf chatre sou lotèl la. Li envite tout lòt frè l' yo, pitit gason David yo, ansanm ak tout gwo chèf nan peyi Jida ki t'ap travay ak papa l'.
10 Mais il n'invita ni Nathan le prophète, ni Banaïas, ni les vaillants, ni Salomon son frère.
Men, li pa t' envite ni Natan, ni Benaja, ni vanyan sòlda David yo, ni Salomon, frè menm papa avè l' la.
11 Et Nathan dit à Bethsabée, mère de Salomon: Ne sais-tu point qu'Adonias, fils d'Aggith, est proclamé roi? Est-ce que David notre seigneur l'ignore?
Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen.
12 Maintenant donc, viens, et je te donnerai un conseil: sauve ta vie, sauve la vie de Salomon.
Koulye a, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan.
13 Viens, entre chez le roi, et dis-lui: O roi mon maître, n'as-tu pas juré à ta servante qu'après toi ton fils Salomon régnerait et qu'il s'assiérait sur ton trône? Pourquoi donc Adonias est-il proclamé roi?
Ou prale jwenn wa a, w'ap di l' konsa: Monwa, se pa ou menm ki te fè m' sèman se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki tapral chita sou fotèy la nan plas ou? Kijan fè se Adonija ki wa koulye a?
14 Pendant que tu parleras encore au roi, j'arriverai à ta suite, et je compléterai ton discours.
Pandan w'ap pale ak wa a konsa, mwen menm m'ap antre dèyè ou, m'ap di wa a menm bagay la tou.
15 Et Bethsabée entra chez le roi dans sa chambre à coucher; le roi était bien vieux, et Abisag la Sunamite était à servir le roi.
Se konsa, Batcheba al jwenn wa a nan chanm li. Wa a te fin granmoun. Se Abichag, moun lavil Chounam lan, ki t'ap pran swen li.
16 Bethsabée se prosterna pour saluer le roi, et le roi lui dit: Qu'as-tu?
Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l': -Kisa ou vle?
17 Seigneur, répondit-elle, tu as juré à ta servante au nom du Seigneur ton Dieu, et tu lui as dit: Après moi, ton fils Salomon règnera; il s'assiéra sur mon trône.
Li reponn, li di konsa: -Monwa, ou te fè m' sèman devan Seyè a, Bondye ou la, se Salomon, pitit gason m' lan, ki t'ap wa apre ou, se li menm ki t'ap chita sou fotèy la nan plas ou.
18 Et maintenant, voici qu'Adonias est proclamé roi, et toi, ô roi mon maître, tu l'ignores.
Men koulye a, Adonija gen tan wa sou nou la a. Ou menm, monwa, ou pa konn sa.
19 Il a sacrifié à profusion des bœufs, des agneaux et des brebis; et il a convié tous les fils du roi, Abiathar le prêtre, et Joab le chef de l'armée; mais il n'a point invité ton serviteur Salomon.
Li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt mouton, bèf, ti towo chatre. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, Abyata, prèt la, Joab, kòmandan lame a. Men, li pa envite Salomon, pitit gason ou lan.
20 Cependant, ô roi mon maître, les yeux de tout Israël sont dirigés sur toi; déclare-leur donc qui, après toi, s'assiéra sur le trône du roi mon maître.
Koulye a, monwa, je tout pèp Izrayèl la sou ou, y'ap tann ou di yo ki moun ki pral chita sou fotèy la apre ou.
21 Sans cela, dès que le roi mon maître se sera endormi avec ses pères, moi et mon fils Salomon nous serons des criminels.
Si ou pa fè sa, monwa, lè w'a mouri, yo pral pran ni mwen, ni Salomon, pitit mwen an, y'ap touye nou pou move je.
22 Elle parlait encore au roi, quand Nathan le prophète survint.
Batcheba pa t' ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a.
23 Et l'on vint dire au roi: Voici Nathan le prophète; il fut introduit en présence du roi, et il salua le roi la face contre terre.
Yo vin di wa a men pwofèt Natan la. Natan antre, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan wa a.
24 Et Nathan dit: O roi mon maître, as-tu dit: Adonias, après moi, règnera, et il s'assiéra sur mon trône?
Lèfini, li di konsa: -Monwa, mèt mwen, èske se ou menm ki di se Adonija ki pou wa apre ou, se li ki pou chita sou fotèy la nan plas ou?
25 Car il est parti aujourd'hui même; il a sacrifié à profusion des bœufs, des agneaux et des brebis; il a convié tous les fils du roi, les chefs de l'armée et le prêtre Abiathar, qui sont avec lui à manger et à boire, et ils ont crié: Vive le roi Adonias.
Paske jòdi a l' ale, li fè sèvis pou Bondye, li touye yon pakèt bèf, ti towo chatre ak mouton. Li envite tout lòt pitit gason ou yo, tout gwo chèf lame a ansanm ak Abyata, prèt la. Koulye a y'ap manje, y'ap bwè avè l', y'ap di: Viv wa Adonija!
26 Mais il n'a point invité moi ton serviteur, ni Sadoc le prêtre, ni Banaïas, fils de Joïada, ni Salomon ton serviteur.
Men, monwa, li pa envite ni mwen, ni Zadòk, prèt la, ni Benaja, pitit Jeojada a, ni Salomon, pitit gason ou lan.
27 Est-ce arrivé par la volonté du roi mon maître, qui n'a point voulu faire connaître à ses serviteurs celui qui s'assiérait sur le trône du roi mon maître après lui?
Eske se monwa ki bay lòd fè sa san ou pa fè moun k'ap sèvi ou yo konnen ki moun ki pral chita sou fotèy la nan plas ou?
28 Et le roi David s'écria: Rappelez Bethsabée; et elle rentra devant le roi, et elle se tint debout devant lui.
Wa David reponn, li di: -Rele Batcheba pou mwen, tanpri! Batcheba antre ankò, li kanpe devan wa a.
29 Alors, le roi prêta serment, et dit: Aussi vrai que vit le Seigneur, qui a délivré mon âme de toute tribulation,
Lè sa a, wa a fè sèman, li di konsa: -Mwen fè sèman nan non Seyè ki vivan an, li menm ki te delivre m' anba tout tray mwen yo.
30 Ce que je t'ai juré au nom du Seigneur Dieu d'Israël, quand j'ai dit: Salomon, ton fils, règnera après moi, et il s'assiéra sur mon trône à ma place, s'accomplira aujourd'hui même.
Sa m' te pwomèt ou pou m' fè nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap fè l' jòdi a. Se Salomon, pitit gason ou lan, k'ap chita sou fotèy la nan plas mwen, se li menm k'ap gouvènen apre mwen.
31 Et Bethsabée se prosterna la face contre terre pour saluer le roi, et elle s'écria: Vive à jamais David le roi mon maître!
Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li byen ba jouk atè, li di: -Se pou yo toujou fè lwanj wa David, mèt mwen!
32 Et le roi David dit: Faites-moi venir Sadoc le prêtre, Nathan le prophète, et Banaïas, fils de Joïada; et ils entrèrent devant le roi.
Lè sa a, wa David voye chache Zadòk, prèt la, Natan pwofèt la, ak Benaja, pitit gason Jeojada a. Lè yo parèt devan wa a,
33 Et le roi leur dit: Prenez avec vous les serviteurs de votre maître, placez mon fils Salomon sur ma mule, et conduisez-le à la fontaine de Gihon.
wa a di yo konsa: -Pran tout chèf gouvènman m' yo. Fè Salomon, pitit gason m' lan, moute sou milèt pa m' lan. Nou tout va desann avè l' bò sous Giyon an.
34 Là, que Sadoc le prêtre, et Nathan le prophète, le sacrent roi d'Israël; après cela, sonnez du cor, et criez: Vive le roi Salomon!
Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l' apa pou l' sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!
35 Il s'assiéra sur mon trône, et il règnera à ma place; car c'est moi qui ai commandé qu'il règne sur Israël et sur Juda.
Lèfini, n'a pran mache dèyè l', n'a tounen isit la. Salomon va vin chita sou fotèy mwen an. L'a pran plas mwen, paske se li menm mwen chwazi pou gouvènen pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a.
36 Et Banaïas, fils de Joïada, dit à David: Ainsi soit-il; que le Seigneur Dieu du roi mon maître confirme sa parole.
Benaja, pitit gason Jeojada a, reponn wa a: -Se sa menm! Se Seyè a, Bondye monwa a menm, ki pale nan bouch ou!
37 Que le Seigneur soit avec Salomon comme il a été avec le roi mon maître; qu'il élève son trône au-dessus du trône du roi mon maître David.
Menm jan Seyè a te toujou kanpe la avè monwa, se pou li toujou kanpe la avèk Salomon tou. Se pou gouvènman li an pi byen chita toujou pase gouvènman wa David, mèt mwen.
38 Et Sadoc le prêtre partit avec Nathan le prophète, Barman, fils de Joïada, Chéléthi et Phéléthi; ils firent monter Salomon sur la mule du roi, et ils le conduisirent à la fontaine de Gihon.
Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, ak Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo ale, yo fè Salomon moute sou milèt wa David la, yo mennen l' bò sous Giyon an.
39 Sadoc avait pris dans le tabernacle la corne d'huile, et il sacra Salomon; puis, il sonna du cor, et tout le peuple cria: Vive le roi Salomon!
Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
40 Et tout le peuple revint à sa suite; il forma des chœurs de danse, il montra une très grande allégresse, et la terre à ses cris fut ébranlée.
Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.
41 Adonias l'entendit ainsi que tous ses convives qui achevaient de manger. Joab distingua le son du cor, et il dit: Quel est ce son qui nous vient de la ville?
Adonija te fin manje ansanm ak tout envite l' yo lè yo tande bri a. Lè Joab tande twonpèt la, li mande: -Pouki tout bri sa a nan lavil la?
42 Il parlait encore, quand survint Jonathas, fils d'Abiathar le prêtre, et Adonias lui dit: Entre, tu es un homme vaillant, et tu nous apportes de bonnes nouvelles,
Li pa t' ankò fèmen bouch li, Jonatan, pitit Abyata prèt la, rive. Adonija di l' konsa: -Antre non, monchè! Ou se moun debyen, se bon nouvèl ase pou ou pote!
43 Mais Jonathas répondit et il dit: Assurément, car le roi notre maître a proclamé roi Salomon.
Jonatan reponn, li di Adonija konsa: -Nouvèl yo pa bon menm. Wa David, chèf nou an, fè Salomon wa.
44 Et il a envoyé avec lui Sadoc le prêtre, et Nathan le prophète, Banaïas, fils de Joïada, Chéléthi et Phéléthi; et ils l'ont fait monter sur la mule du roi.
Li voye chache Zadòk, prèt la, Natan, pwofèt la, Benaja, pitit Jeojada a, ansanm ak keretyen yo ak peletyen yo, li fè yo ale ak Salomon. Yo menm, yo fè Salomon moute sou milèt wa a.
45 Ensuite, Sadoc le prêtre, et Nathan le prophète, l'ont sacré vers la fontaine de Gihon. Le peuple les suit avec joie, et la ville en retentit; c'est le bruit que vous avez entendu.
Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, vide lwil sou tèt li bò sous Giyon an, yo mete l' apa pou l' sèvi wa. Lèfini, yo tounen lavil la, y'ap rele tèlman yo kontan. Tout lavil la tèt anba. Se bri sa a nou tande a.
46 Salomon est assis sur le trône du roi.
Lèfini, Salomon moute chita sou fotèy wa a.
47 Et les serviteurs du roi sont entrés pour bénir le roi notre maître David, disant: Puisse le Seigneur rendre illustre le nom du roi Salomon, plus encore que ton nom! puisse-t-il élever son trône au-dessus de ton trône! Et pendant qu'ils parlaient, le roi sur son lit adorait le Seigneur.
Tout moun k'ap travay nan gouvènman wa David yo vin fè wa David, chèf nou an, konpliman. Yo di: Se pou Bondye ou la fè Salomon yon pi gwo wa pase ou. Se pou gouvènman li an pi chita toujou pase pa ou la! Lèfini, wa David bese byen ba sou kabann li pou li adore Bondye.
48 Puis, le roi a ainsi parlé: Béni soit le Seigneur Dieu d'Israël, qui m'accorde aujourd'hui qu'un fils de mon sang soit assis sur mon trône, comme je le vois de mes yeux.
Li di: Lwanj pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki penmèt pou jòdi a se yonn nan pitit mwen yo ki chita sou fotèy la nan plas mwen. Lèfini, li kite m' wè sa anvan m' mouri.
49 Les convives d'Adonias furent hors d'eux-mêmes, et chacun s'en retourna en sa maison.
Lè sa a, tout envite Adonija yo pran tranble. Yo tout leve, y' al fè wout yo, chak moun bò pa yo.
50 Et Adonias eut crainte de se présenter devant Salomon; s'étant levé, il partit, et il embrassa la corne de l'autel.
Adonija menm bò pa l' te sitèlman pè pou Salomon pa touye l', li leve, li kouri ale nan Tant Randevou a, li kenbe kòn lotèl la.
51 On en informa Salomon, à qui l'on dit: Voilà que ton frère Adonias redoute le roi Salomon; il a embrassé la corne de l'autel, et il dit: Que Salomon me jure aujourd'hui qu'il ne fera point périr par l'épée son serviteur.
Y' al di wa Salomon: -Adonija sitèlman pè pou monwa pa touye l', l' al kache bò lotèl la. Li di li vle pou wa Salomon fè l' sèman jòdi a menm li p'ap fè yo touye l'.
52 Et Salomon dit: Qu'il soit un homme vaillant, et pas un cheveu ne tombera de sa tête; mais si l'on découvre en lui quelque méchanceté, il mourra.
Salomon reponn: -Si msye aji tankou moun debyen, yon grenn cheve nan tèt li p'ap tonbe. Men, si li fè sa li pa t' dwe fè, l'ap mouri.
53 Et Salomon envoya des hommes pour le retirer de l'autel; il fut introduit, et il se prosterna devant le roi Salomon, et son frère lui dit: Retourne en ta demeure.
Salomon voye chache Adonija soti bò lotèl la. Yo fè l' desann lotèl la. Li vin bese byen ba devan wa Salomon. Wa a di l' konsa: -Ou mèt al lakay ou.

< 1 Rois 1 >