< Proverbes 28 >

1 Les méchants prennent la fuite, alors que personne ne les poursuit; les justes, tel un lion, sont pleins de sécurité.
Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.
2 Quand le désordre sévit dans un pays, ses chefs sont nombreux. Un seul homme de sens et d’expérience suffit pour faire durer le bon ordre.
Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan.
3 Un homme pauvre qui pressure les humbles est comme une pluie qui ravage tout et amène la famine.
Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt.
4 Ceux qui désertent la loi glorifient l’impie, ceux qui l’observent s’indignent contre lui.
Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo.
5 Les hommes pervers ne comprennent rien au droit; mais ceux qui recherchent l’Eternel comprennent tout.
Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k'ap sèvi Seyè a konprann tout bagay.
6 Mieux vaut le pauvre, marchant dans sa droiture, que le riche aux voies tortueuses.
Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.
7 Qui respecte la loi est un fils intelligent; mais qui fraye avec les jouisseurs fait la honte de son père.
Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l'.
8 Augmenter sa fortune par l’intérêt et l’usure, c’est amasser pour l’ami des pauvres.
Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.
9 Fermez l’oreille aux leçons de la loi votre prière même devient un acte abominable.
Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.
10 Qui entraîne des gens de bien dans une mauvaise voie tombe dans son propre piège; le bonheur est le lot de la droiture.
Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.
11 Le riche se prend pour un sage: un pauvre homme intelligent le perce à fond.
Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'.
12 Quand les justes triomphent, c’est fête générale; quand les méchants s’élèvent, les gens se cachent.
Lè se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache.
13 Dissimuler ses péchés ne porte pas bonheur; qui les confesse et y renonce obtient miséricorde.
Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
14 Heureux l’homme constamment timoré! Qui endurcit son cœur tombe dans le malheur.
Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.
15 Un lion rugissant, un ours affamé, tel est un méchant prince pour une nation pauvre,
Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
16 un despote dépourvu de sens et chargé de rapines. Celui qui hait le lucre prolonge ses jours.
Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.
17 Un homme accablé sous le poids d’un meurtre arrive, dans sa fuite, au bord de la fosse; qu’on ne lui tende pas la main!
Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'.
18 Qui marche dans l’intégrité sera sauvé, mais qui suit des voies tortueuses tombera d’un coup.
Malè p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe.
19 Cultiver sa terre, c’est s’assurer du pain en abondance; poursuivre des choses frivoles, c’est se rassasier de misère.
Yon moun ki travay di nan jaden l' ap jwenn kont manje pou l' manje. Men, moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv.
20 L’Homme loyal est comblé de bénédictions; qui a hâte de s’enrichir n’échappe pas au malheur.
Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich.
21 Faire acception de personnes est une mauvaise action; mais il en est qui se rendent coupables pour une miche de pain.
Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.
22 L’Homme envieux court après la fortune et il ne s’aperçoit pas que la misère viendra fondre sur lui.
Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan.
23 Celui qui reprend les gens finit par gagner leur bienveillance bien mieux que le flatteur.
Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l'.
24 Voler père et mère en disant que ce n’est pas un crime, c’est se faire le compagnon d’un artisan de ruines.
Moun k'ap vòlò papa l' ak manman l', epi k'ap di nan kè l': Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize.
25 L’Homme aux appétits insatiables suscite des discordes; qui met sa confiance en l’Eternel jouira de l’abondance.
Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen.
26 Se fier à son intelligence, c’est être sot; qui se dirige avec sagesse échappe au danger.
Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove.
27 Donner au pauvre, ce n’est pas se priver: qui en détourne les regards est chargé de malédictions.
Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.
28 Lorsque les méchants s’élèvent, les gens se cachent; quand ils succombent, les gens de bien se multiplient.
Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.

< Proverbes 28 >