< 1 Chroniques 7 >
1 Quant aux descendants d’Issachar, c’étaient: Tola, Poua, Yachoub et Chimron, soit quatre.
Alò, fis a Issacar yo se te kat: Thola, Pua, Jaschub avèk Schimron.
2 Les fils de Tola furent Ouzzi, Refaïa, Yeriël, Yahmaï, Yibsam et Samuel. C’Étaient les chefs des familles de Tola, tous guerriers, selon leurs généalogies. Leur nombre était, au temps de David, de vingt-deux mille six cents.
Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san.
3 Fils d’Ouzzi: Yizrahia. Fils de Yizrahia: Mikhaël, Obadia, Joël, Yichia, chefs tous les cinq.
Fis a Uzzi a te Jizrachja. Fis a Jizrachja yo: Micaël, Abdias, Joël, Jischija; tout nan senk sa yo se te moun chèf yo te ye.
4 Ils devaient fournir, suivant leurs généalogies, d’après leurs familles, des troupes de gens de guerre au nombre de trente-six mille hommes, car ils avaient un nombre considérable de femmes et d’enfants.
Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis.
5 Quant à leurs frères, en comptant toutes les familles d’Issachar, ils fournissaient, en fait de guerriers, quatre-vingt-sept mille hommes, d’après le recensement global.
Fanmi pa yo pami tout fanmi a Issacar yo te mesye gwo kouraj, anrejistre selon zansèt pa yo; antou, katre-ven-mil sòlda.
6 Benjamin: Béla, Békher, Yedïaêl, soit trois.
Fis a Benjamin yo se te twa: Béla, Béker avèk Jediaël.
7 Les fils de Béla furent Eçbôn, Ouzzi, Ouzziël, Yerimot et Iri, tous les cinq, chefs de familles, hommes de guerre. Leur rôle généalogique donnait le chiffre de vingt-deux mille trente-quatre.
Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo.
8 Les fils de Békher étaient: Zemira, Yoach, Eliézer, Elyoênaï, Omri, Yerêmot, Abiyya, Anatot et Alémet, tous fils de Békher.
Fis a Béker yo: Zemira, Joasch, Éliézer, Eljoénaï, Omri, Jerémoth, Abija, Anathoth avèk Alameth; tout nan senk sa yo te fis a Béker.
9 Le rôle généalogique des chefs de leurs familles, tous guerriers, donnait un chiffre de vingt-deux mille deux cents.
Yo te anrejistre pa zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, ven-mil-de-san mesye ak gwo kouraj.
10 Fils de Yedïaêl: Bilhân. Fils de Bilhân: Yeouch, Benjamin, Ehoud, Kenaana, Zétân, Tarchich, et Ahichahar.
Fis a Jediaël la: Bilhan. Fis a Bilhan yo: Jeusch, Benjamin, Éhud, Kenaana, Zéthan, Tarsis ak Achischachar,
11 Tous ces descendants de Yedïaêl étaient chefs de clans et hommes de guerre. Ils fournissaient dix-sept mille deux cents soldats pour l’armée.
Tout sila yo te fis a Jediaël, selon chèf a lakay papa yo, di-sèt mil-de-sant mesye ak gwo kouraj ki te prè pou sòti fè lagè avèk lame a.
12 Chouppim et Houppim étaient descendants de Ir, et Houchim ceux d’un autre.
Schuppim avèk Huppim te fis a Ir yo; Huschim te fis a Acher a.
13 Les fils de Nephtali étaient Yahciêl, Gouni, Yécer, Challoum, fils de Bilha.
Fis a Nephthali yo: Jahtsiel, Guni, Jetser avèk Schallum, fis a Bilha yo.
14 Les fils de Manassé étaient Asriêl, qu’enfanta sa concubine araméenne. Elle lui donna aussi Makhir, le père de Ghilad.
Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad.
15 Makhir prit femme parmi les Houppim et les Chouppim. Le nom de sa sœur était Maakha, et le nom du second Celofhad; celui-ci n’eut que des filles.
Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi.
16 Maakha, femme de Makhir, enfanta un fils qu’elle appela Pérech. Le frère de celui-ci fut Chérech et ses fils: Oulam et Rékem.
Maaca, madanm a Mamakir a te fè yon fis e te rele li Péresch; non a frè li a te Schéresch e fis pa li yo te Ulam avèk Rékem.
17 Fils d’Oulam: Bedân. Tels furent les descendants de Ghilad, fils de Makhir, fils de Manassé.
Fis a Ulam la te Bedan. Sila yo te fis a Galaad, fis a Makir a, fis a Manassé a.
18 Sa sœur, la Reine, enfanta Ichhod, Abiézer et Mahla.
Sè li, Hammoléketh te fè Ischhod, Abiézer ak Machla.
19 Les fils de Chemida furent: Ahyvân, Chékhem, Likhi et Anïâm.
Fis a Schemida yo te Achjan, Sichem, Likchi ak Aniam.
20 Descendants d’Ephraïm: Choutélah. Celui-ci eut pour fils Béred, celui-ci Tahat, celui-ci Eleada, celui-ci Tahat,
Fis a Éphraïm yo: Schutélach; Béred, fis pa li; Thachath, fis pa li; Éleada, fis pa li; Thachath, fis pa li;
21 celui-ci Zabad, celui-ci Choutélah, celui-ci Ezer et Elead. Ils furent tués par les gens de Gath, nés dans le pays, pour être descendus razzier leurs troupeaux.
Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo.
22 Ephraïm, leur père, fut en deuil de longs jours, et ses frères vinrent pour le consoler.
Papa yo, Éphraïm te kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l.
23 Puis il eut commerce avec sa femme; celle-ci conçut et enfanta un fils. Il lui donna pour nom: Berïa, parce que le malheur était entré dans sa maison.
Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a.
24 Sa fille Chééra bâtit Beth-Horôn inférieur et supérieur, et Ouzzên Chééra.
Fi li a se te Scheera, ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra.
25 Berïa eut pour fils Réfah, celui-ci Réchef, celui-ci Télah, celui-ci Tahan,
Réphach, fis li a ak Rescheph; Thélach, fis li a; Thachan, fis li a;
26 celui-ci Ladân, celui-ci Amihoud, celui-ci Elichama,
Laedan, fis li a; Ammihud, fis li a; Élischama, fis li a;
27 celui-ci Nôn, celui-ci Josué.
Nun, fis li a; Josué, fis li a.
28 Leur patrimoine et leurs établissements étaient à Béthel, avec sa banlieue, à l’est Naarân, à l’ouest Ghézer avec sa banlieue, Sichem avec sa banlieue, jusqu’à Ayya et sa banlieue.
Teritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo,
29 Au pouvoir des fils de Manassé étaient tombés Beth-Cheân et sa banlieue, Taanakh et sa banlieue, Meghiddo et sa banlieue, Dor et sa banlieue. C’Est dans ces villes que s’établirent les descendants de Joseph, fils d’Israël.
epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv fis a Joseph yo, fis a Israël a.
30 Fils d’Aser: Yimna, Yichva, Yichvi, Berïa, et Sérah leur sœur.
Fis a Aser yo: Jimna, Jischiva, Jischvi ak Beria; avèk Sérach, sè yo.
31 Fils de Berïa: Héber et Malkiêl. Celui-ci fut le "père" de Birzavit;
Fis a Beria yo: Héber avèk Malkiel, ki te papa a Birzaith.
32 Héber engendra Yaflêt, Chômer, Hotâm et Choua leur sœur.
Héber te vin papa a Japhleth, Schomer avèk Hotham ak Schua, sè yo.
33 Les fils de Yaflêt furent Passakh, Bimhal et Activât. Tels furent les fils de Yaflêt.
Fis a Japhleth yo: Pasac, Bimhal ak Aschvath. Sila yo se te fis a Japhleth yo.
34 Les fils de Chémer: Ahi, Rohga, Houbba et Aram.
Fis a Schamer yo: Achi, Rohega, Hubba ak Aram.
35 Fils de Hêlem, son frère: Çofah, Yimna, Chêlech et Amal.
Fis a Hélem yo, frè li a: Tsophach, Jimna, Schélèsch ak Amal.
36 Fils de Çofah: Souah, Harnéfer, Choual, Bêri, Yimra,
Fis a Tsophach yo: Suach, Harnépher, Schual, Béri, Jimra,
37 Bécer, Hod, Chamma, Chilcha, Yitrân et Beêra.
Betser, Hod, Schamma, Schilscha, Jithran ak Beéra.
38 Fils de Yéter: Yefounné, Pispa et Ara.
Fis a Jéther yo: Jephunné, Pispa ak Ara.
39 Fils d’Oulla: Arah, Hanniêl et Ricia.
Fis a Ulla yo: Arach, Hanniel ak Ritsja.
40 Tous ceux-là étaient descendants d’Aser, chefs des familles, l’élite des hommes de guerre, les premiers parmi les princes, inscrits au rôle de l’armée, et ils fournissaient un contingent de vingt-six mille soldats.
Tout sila yo te fis a Aser, chèf lakay zansèt pa yo, mesye byen chwazi, byen fò e plen ak kouraj, chèf an tèt sou chèf yo. Epi non pa yo anrejistre selon zansèt pa yo, pou sèvis lagè te venn-si-mil òm.