< Psaumes 89 >
1 Instruction d’Éthan, l’Ezrakhite. Je chanterai à toujours les bontés de l’Éternel; de génération en génération je ferai connaître de ma bouche ta fidélité.
Chante Etan, moun peyi Ezra. Seyè, mwen p'ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m'a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.
2 Car j’ai dit: La bonté sera édifiée pour toujours; dans les cieux mêmes tu établiras ta fidélité.
Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.
3 J’ai fait alliance avec mon élu, j’ai juré à David, mon serviteur:
Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:
4 J’établirai ta semence pour toujours, et j’édifierai ton trône de génération en génération. (Sélah)
W'ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M'ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.
5 Et les cieux célébreront tes merveilles, ô Éternel! oui, ta fidélité, dans la congrégation des saints.
Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y'ap chante nan mitan moun k'ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
6 Car qui, dans les nues, peut être comparé à l’Éternel? Qui, parmi les fils des forts, est semblable à l’Éternel?
Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
7 Dieu est extrêmement redoutable dans l’assemblée des saints, et terrible au milieu de tous ceux qui l’entourent.
Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
8 Éternel, Dieu des armées, qui est comme toi, puissant Jah? Et ta fidélité est tout autour de toi.
Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!
9 Toi, tu domines l’orgueil de la mer; quand ses flots se soulèvent, toi tu les apaises.
Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.
10 Toi, tu as abattu Rahab comme un homme tué; par le bras de ta force tu as dispersé tes ennemis.
Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.
11 À toi les cieux, et à toi la terre; le monde et tout ce qu’il contient, toi tu l’as fondé.
Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l'.
12 Le nord et le midi, toi tu les as créés; le Thabor et l’Hermon exultent en ton nom.
Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
13 À toi est le bras de puissance; ta main est forte; ta droite est haut élevée.
Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p'ap bese tèt devan pesonn.
14 La justice et le jugement sont les bases de ton trône; la bonté et la vérité marchent devant ta face.
W'ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w'ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W'ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
15 Bienheureux le peuple qui connaît le cri de joie! Ils marchent, ô Éternel! à la lumière de ta face.
Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!
16 Ils s’égaient en ton nom tout le jour, et sont haut élevés par ta justice.
Tout lajounen y'ap fè fèt pou ou. Y'ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
17 Car tu es la gloire de leur force; et dans ton bon plaisir notre corne sera haut élevée.
Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.
18 Car l’Éternel est notre bouclier, et le Saint d’Israël, notre roi.
Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
19 Alors tu parlas en vision de ton saint, et tu dis: J’ai placé du secours sur un homme puissant, j’ai haut élevé un élu d’entre le peuple.
Nan tan lontan, moun k'ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l' chèf.
20 J’ai trouvé David, mon serviteur; je l’ai oint de mon huile sainte;
Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
21 Ma main sera fermement avec lui, et mon bras le fortifiera;
M'ap toujou soutni l' avèk fòs mwen. M'a fòtifye l' avèk pouvwa mwen.
22 L’ennemi ne le pressurera pas et le fils d’iniquité ne l’affligera pas;
Lènmi l' yo p'ap ka mete men sou li, mechan yo p'ap ka mete pye sou kou li.
23 J’abattrai ses adversaires devant sa face, et je frapperai ceux qui le haïssent;
M'ap kraze tout moun ki pa vle wè l' yo, m'ap touye moun ki rayi l' yo.
24 Et ma fidélité et ma bonté seront avec lui, et, par mon nom, sa corne sera élevée.
M'ap toujou renmen l', m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p'ap janm kite l' pèdi okenn batay.
25 Et j’ai mis sa main à la mer, et sa droite dans les fleuves.
M'ap fè l' gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.
26 Lui me criera: Tu es mon père, mon Dieu, et le rocher de mon salut.
L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.
27 Aussi moi, je ferai de lui le premier-né, le plus élevé des rois de la terre.
Mwen menm, m'ap fè l' pase pou premye pitit gason mwen. Se li k'ap pi gran nan tout wa sou latè.
28 Je lui garderai ma bonté à toujours, et mon alliance lui sera assurée.
M'a toujou fè l' wè jan m' renmen l', m'ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.
29 Et je ferai subsister sa semence à perpétuité, et son trône comme les jours des cieux.
M'ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.
30 Si ses fils abandonnent ma loi et ne marchent pas dans mes ordonnances,
Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo,
31 S’ils violent mes statuts et ne gardent pas mes commandements,
si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè,
32 Je visiterai leur transgression avec la verge, et leur iniquité avec des coups;
m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
33 Mais je ne retirerai pas de lui ma bonté, et je ne démentirai pas ma fidélité;
Men, se pa sa k'ap fè m' sispann renmen David, ni k'ap fè m' pa kenbe pwomès mwen te fè l' la.
34 Je ne violerai point mon alliance, et je ne changerai pas ce qui est sorti de mes lèvres.
Non. Mwen p'ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p'ap janm manke l' pawòl.
35 J’ai une fois juré par ma sainteté, si [jamais] je mens à David!
Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p'ap bay David manti.
36 Sa semence sera à toujours, et son trône comme le soleil devant moi.
Pitit pitit li yo va toujou wa. Y'a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
37 Comme la lune, il sera affermi pour toujours; et le témoin dans les nues en est ferme. (Sélah)
Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
38 Mais tu l’as rejeté et tu l’as méprisé, tu as été courroucé contre ton oint.
Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l' jete.
39 Tu as répudié l’alliance de ton serviteur, tu as profané sa couronne jusqu’en terre;
Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l' jete nan labou.
40 Tu as rompu toutes ses clôtures, tu as mis en ruine ses forteresses:
Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.
41 Tous ceux qui passent le pillent; il est en opprobre à ses voisins.
Tout moun k'ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l' nan rizib.
42 Tu as élevé la droite de ses adversaires, tu as réjoui tous ses ennemis;
Ou kite lènmi l' yo kraze l' anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.
43 Tu as retourné le tranchant de son épée, et tu ne l’as pas soutenu dans la bataille.
Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.
44 Tu as fait cesser son éclat, et tu as jeté par terre son trône;
Ou te wete baton kòmandman an nan men l', ou pran fotèy li a, ou jete l' atè.
45 Tu as abrégé les jours de sa jeunesse, tu l’as couvert de honte. (Sélah)
Ou fè l' vin vye anvan lè li, ou fè l' wont nèt.
46 Jusques à quand, ô Éternel, te cacheras-tu à toujours, [et] ta fureur brûlera-t-elle comme un feu?
Seyè, jouk kilè w'ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W'ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
47 Souviens-toi, quant à moi, de ce qu’est la vie: pourquoi as-tu créé tous les fils des hommes [pour n’être que] vanité?
Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
48 Qui est l’homme qui vit et qui ne verra pas la mort, – qui sauvera son âme de la main du shéol? (Sélah) (Sheol )
Eske gen moun ki ka viv san l' pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l' pa janm al anba tè? (Sheol )
49 Où sont, Seigneur, tes premières bontés, que tu as jurées à David dans ta fidélité?
Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?
50 Souviens-toi, Seigneur, de l’opprobre de tes serviteurs, – je porte dans mon sein [celui de] tous les grands peuples, –
Seyè, pa bliye jan y'ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
51 [L’opprobre] dont tes ennemis couvrent, ô Éternel, dont ils couvrent les pas de ton oint.
Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y'ap joure wa ou te chwazi a kote l' pase.
52 Béni soit l’Éternel pour toujours! Amen, oui, amen!
Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!