< Psaumes 69 >

1 Au chef de musique. Sur Shoshannim. De David. Sauve-moi, ô Dieu! car les eaux [me] sont entrées jusque dans l’âme.
Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David. Sove mwen, O Bondye, paske dlo yo fin monte jis nan kou m!
2 Je suis enfoncé dans une boue profonde, et il n’y a pas où prendre pied; je suis entré dans la profondeur des eaux, et le courant me submerge.
Mwen desann fon nan labou. Nanpwen plas pou pye m kenbe. Mwen fin rive nan dlo fon yo, e yon gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
3 Je suis las de crier; mon gosier est desséché; mes yeux se consument, pendant que j’attends mon Dieu.
Mwen fatige nèt ak kriye mwen an. Gòj mwen sèk nèt. Zye m varye pandan mwen ap tann Bondye mwen an.
4 Ceux qui me haïssent sans cause sont plus nombreux que les cheveux de ma tête; ceux qui voudraient me perdre, qui sont à tort mes ennemis, sont puissants; ce que je n’avais pas ravi, je l’ai alors rendu.
(Sila) ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. (Sila) ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
5 Ô Dieu! tu connais ma folie, et mes fautes ne te sont pas cachées.
O Bondye, Ou konnen foli mwen. Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
6 Que ceux qui s’attendent à toi ne soient pas rendus honteux à cause de moi, Seigneur, Éternel des armées! Que ceux qui te cherchent ne soient pas rendus confus à cause de moi, ô Dieu d’Israël!
Pa kite (sila) k ap tann Ou yo vin wont akoz mwen, O Senyè BONDYE dèzame yo. Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
7 Car à cause de toi j’ai porté l’opprobre, la confusion a couvert mon visage.
Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch. Dezonè fin kouvri figi mwen.
8 Je suis devenu un étranger à mes frères, et un inconnu aux fils de ma mère;
Mwen vin izole de frè m yo, tankou yon etranje de fis a manman m yo.
9 Car le zèle de ta maison m’a dévoré, et les outrages de ceux qui t’outragent sont tombés sur moi.
Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. Repwòch a (sila) ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
10 Et j’ai pleuré, mon âme était dans le jeûne; et cela m’a été en opprobre.
Lè mwen te kriye nan nanm mwen, e te fè jèn, sa te vin yon repwòch pou mwen.
11 J’ai pris aussi un sac pour mon vêtement, et je leur suis devenu un proverbe.
Lè m te fè twal sak sèvi kon rad mwen, mwen te vin yon vye pawòl, yon rizib pou yo menm.
12 Ceux qui sont assis dans la porte parlent contre moi, et je sers de chanson aux buveurs.
(Sila) ki chita nan pòtay yo pale afè mwen, e moun sòt yo fè chan sou mwen.
13 Mais, pour moi, ma prière s’adresse à toi, Éternel, en un temps agréé. – Ô Dieu! selon la grandeur de ta bonté, réponds-moi selon la vérité de ton salut.
Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ, nan yon lè ki bon, nan grandè lanmou dous Ou a. Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
14 Délivre-moi du bourbier, et que je n’y enfonce point; que je sois délivré de ceux qui me haïssent et des profondeurs des eaux.
Delivre mwen sòti nan labou a. Pa kite mwen fonse nèt ladann. Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
15 Que le courant des eaux ne me submerge pas, et que la profondeur ne m’engloutisse pas, et que le puits ne ferme pas sa gueule sur moi.
Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen, ni fon an vale m, ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
16 Réponds-moi, ô Éternel! car ta gratuité est bonne; selon la grandeur de tes compassions, tourne-toi vers moi;
Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.
17 Et ne cache pas ta face de ton serviteur, car je suis en détresse. Hâte-toi, réponds-moi.
Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a, paske mwen nan gwo pwoblèm. Reponn mwen vit.
18 Approche-toi de mon âme, sois son rédempteur; rachète-moi à cause de mes ennemis.
Rale nanm mwen pre. Rachte l! Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
19 Toi, tu connais mon opprobre, et ma honte, et ma confusion: tous mes adversaires sont devant toi.
Ou konnen repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an. Tout advèsè mwen yo devan Ou.
20 L’opprobre m’a brisé le cœur, et je suis accablé; et j’ai attendu que [quelqu’un] ait compassion [de moi], mais il n’y a eu personne, … et des consolateurs, mais je n’en ai pas trouvé.
Repwòch fin kraze kè m. Mwen vin ba nèt. Mwen te chache pitye, men pa t genyen; kondoleyans, men nanpwen.
21 Ils ont mis du fiel dans ma nourriture, et, dans ma soif, ils m’ont abreuvé de vinaigre.
Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak vinèg pou swaf mwen.
22 Que leur table soit un piège devant eux, et que ce qui tend à la prospérité leur soit un filet;
Ke tab devan yo devni yon pèlen. Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
23 Que leurs yeux soient obscurcis de sorte qu’ils ne voient pas, et fais continuellement chanceler leurs reins.
Ke zye yo vin twouble pou yo pa kab wè. Ke do yo koube nèt.
24 Répands sur eux ton indignation, et que l’ardeur de ta colère les atteigne.
Vide kòlè Ou sou yo. Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
25 Que leur demeure soit désolée, qu’il n’y ait personne qui habite dans leurs tentes.
Pou kan yo kapab dezole. Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
26 Car ils persécutent celui que toi tu as frappé, et parlent pour la douleur de ceux que tu as blessés.
Paske yo te pèsekite (sila) ke Ou menm te blese a. Yo pale sou doulè a (sila) ke Ou menm te blese yo.
27 Mets iniquité sur leur iniquité, et qu’ils n’entrent pas en ta justice;
Ogmante inikite sou inikite yo. Ni pa kite yo antre nan ladwati Ou.
28 Qu’ils soient effacés du livre de vie, et qu’ils ne soient pas inscrits avec les justes.
Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a. Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
29 Mais pour moi, je suis affligé et dans la douleur: que ton salut, ô Dieu, m’élève en un lieu de sûreté!
Men mwen aflije e mwen nan doulè. Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
30 Je louerai le nom de Dieu dans un cantique, et je le magnifierai par ma louange;
Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo, epi leve Li wo avèk remèsiman.
31 Et cela plaira plus à l’Éternel qu’un taureau, un bœuf qui a des cornes et l’ongle divisé.
Se sa k ap fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf, ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
32 Les débonnaires le verront, ils se réjouiront; vous qui cherchez Dieu, votre cœur vivra.
Enb yo te wè sa e yo kontan. Nou menm ki chache Bondye, kite kè nou reprann fòs.
33 Car l’Éternel écoute les pauvres, et ne méprise pas ses prisonniers.
Paske SENYÈ a tande malere yo, e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
34 Les cieux et la terre le loueront, les mers et tout ce qui se meut en elles.
Kite syèl la avèk tè a louwe Li, lanmè yo avèk tout sa ki fè mouvman ladann yo.
35 Car Dieu sauvera Sion, et bâtira les villes de Juda; et on y habitera, et on la possédera;
Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo, pou yo kab rete la e posede li.
36 Et la semence de ses serviteurs l’héritera, et ceux qui aiment son nom y demeureront.
Desandan a sèvitè Li yo va eritye li. (Sila) ki renmen non Li yo va rete ladann.

< Psaumes 69 >