< Psaumes 35 >

1 De David. Éternel! conteste contre ceux qui contestent contre moi; fais la guerre à ceux qui me font la guerre.
Yon Sòm David Fè fòs SENYÈ, kont (sila) k ap sèvi ak fòs kont mwen yo. Goumen ak (sila) k ap goumen kont mwen yo.
2 Saisis l’écu et le bouclier, et lève-toi à mon secours.
Pran an men boukliye ak pwotèj la, epi leve kon sekou mwen.
3 Tire la lance, et barre le chemin au-devant de ceux qui me poursuivent! Dis à mon âme: Je suis ton salut!
Anplis rale lans ak rach batay la pou rankontre (sila) k ap kouri dèyè m yo. Pale ak nanm mwen “Se Mwen ki delivrans ou”!
4 Que ceux qui cherchent ma vie soient honteux et confus; que ceux qui complotent mon malheur se retirent en arrière et soient confondus.
Kite (sila) k ap chache lavi m yo vin wont e dezonere. Kite sa yo ki anvizaje mal pou mwen Vire do fè bak plen imiliyasyon.
5 Qu’ils soient comme la balle devant le vent, et que l’ange de l’Éternel les chasse!
Kite yo vin tankou pay nan van, avèk zanj SENYÈ a k ap pouse yo ale.
6 Que leur chemin soit ténèbres et lieux glissants, et que l’ange de l’Éternel les poursuive!
Kite wout yo plen avèk tenèb e vin glisan, Avèk zanj SENYÈ a k ap kouri dèyè yo.
7 Car, sans cause, ils ont préparé secrètement pour moi leur filet; sans cause, ils ont creusé une fosse pour mon âme.
Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.
8 Qu’une ruine qu’il n’a pas connue vienne sur lui, et que son filet qu’il a caché le prenne: qu’il y tombe, pour sa ruine.
Kite l fin detwi nèt san l pa konnen. Kite pèlen ke li te prepare a, kenbe li menm. Kite l tonbe nan destriksyon sa a.
9 Et mon âme s’égaiera en l’Éternel, elle se réjouira en son salut.
Nanm mwen va rejwi nan SENYÈ a. Li va leve wo nan delivrans Li.
10 Tous mes os diront: Éternel! qui est comme toi, qui délivres l’affligé de celui qui est plus fort que lui, et l’affligé et le pauvre de celui qui les pille?
Tout zo m menm va di: “SENYÈ, se kilès ki tankou Ou menm? Kilès ki delivre aflije yo nan men a (sila) ki twò fò pou li yo? Wi, ak aflije e malere yo k ap soti nan men a (sila) menm k ap vòlè yo?”
11 Des témoins violents se lèvent, ils m’interrogent sur des choses que je n’ai pas connues;
Fo temwen sovaj yo leve. Yo mande mwen bagay ke m pa menm konnen.
12 Ils m’ont rendu le mal pour le bien: mon âme est dans l’abandon.
Yo remèt mwen mal pou byen, jiskaske gwo tristès antre nan nanm mwen.
13 Mais moi, quand ils ont été malades, je me vêtais d’un sac; j’humiliais mon âme dans le jeûne, et ma prière retournait dans mon sein.
Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.
14 J’ai marché comme si ç’avait été mon compagnon, mon frère; triste, je me suis courbé comme celui qui mène deuil pour sa mère.
Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen. Mwen te koube ak gwo tristès, tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
15 Mais, dans mon adversité, ils se sont réjouis et se sont rassemblés; les calomniateurs se sont rassemblés contre moi, et je ne l’ai pas su; ils m’ont déchiré et n’ont pas cessé;
Men moman ke m te chape tonbe a, yo te rejwi, e te reyini yo ansanm. San ke mwen pa menm konnen, agresè sa yo te rasanble kont mwen. Yo t ap chire m san rete.
16 Avec d’impies parasites moqueurs ils ont grincé des dents contre moi.
Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo.
17 Seigneur! jusques à quand regarderas-tu? Retire mon âme de leurs destructions, mon unique, des jeunes lions.
SENYÈ, jiskilè Ou va kontinye gade bagay sa a konsa? Sove nanm mwen kont ravaj yo, Sèl lavi mwen genyen kont lyon yo.
18 Je te célébrerai dans la grande congrégation, je te louerai au milieu d’un grand peuple.
Mwen va bay Ou remèsiman nan gran asanble a. Mwen va bay Ou glwa pami yon gran foul.
19 Que ceux qui sont à tort mes ennemis ne se réjouissent pas de moi; que ceux qui me haïssent sans cause ne clignent pas l’œil.
Pa kite (sila) ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite (sila) ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.
20 Car ils ne parlent pas de paix; mais ils méditent des tromperies contre les hommes paisibles du pays.
Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe (sila) ki kalm nan peyi yo.
21 Et ils ont élargi leur bouche contre moi; ils ont dit: Ha ha! ha ha! notre œil l’a vu.
Yo te ouvri bouch yo laj kont mwen. Yo te di: “Men li, men li, zye nou te wè l!”
22 Tu l’as vu, Éternel! ne garde pas le silence: Seigneur! ne t’éloigne pas de moi.
Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.
23 Éveille-toi, réveille-toi, pour me faire droit, mon Dieu et Seigneur, pour soutenir ma cause.
Reveye Ou! Reveye Ou pou dwa m ak koz mwen, Bondye mwen ak SENYÈ mwen.
24 Juge-moi selon ta justice, ô Éternel, mon Dieu! et qu’ils ne se réjouissent pas à mon sujet.
Jije mwen, O SENYÈ, Bondye mwen an, selon dwati Ou. Pa kite yo rejwi sou mwen.
25 Qu’ils ne disent pas dans leur cœur: Ha ha! [voilà] notre désir! Qu’ils ne disent pas: Nous l’avons englouti.
Pa kite yo di nan kè yo: “Men konsa, men sa nou pi pito a!” Pa kite yo di: “Nou gen tan fin vale li nèt!”
26 Que ceux qui se réjouissent de mon malheur soient tous ensemble honteux et confus; que ceux qui s’élèvent orgueilleusement contre moi soient couverts de honte et de confusion.
Kite (sila) ki rejwi nan gwo twoub mwen yo wont. Kite (sila) ki leve yo menm sou mwen yo vin abiye ak wont avèk imilyasyon.
27 Qu’ils exultent et qu’ils se réjouissent ceux qui sont affectionnés à ma justice; et qu’ils disent continuellement: Magnifié soit l’Éternel qui prend plaisir à la paix de son serviteur!
Kite (sila) ki vle wè kòz dwat mwen yo rele avèk jwa e rejwi. Kite yo di tout tan: “Leve SENYÈ a wo, Li ki pran plezi lè sèvitè li byen reyisi.”
28 Et ma langue redira ta justice, ta louange, tout le jour.
Konsa, lang mwen va deklare ladwati Ou avèk lwanj Ou tout lajounen.

< Psaumes 35 >