< Genèse 43 >

1 Et la famine pesait sur le pays.
Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a.
2 Et il arriva, lorsqu’ils eurent achevé de manger le blé qu’ils avaient apporté d’Égypte, que leur père leur dit: Retournez, achetez-nous un peu de vivres.
Epi li te vin rive ke lè yo te fin manje sereyal ke yo te achte an Égypte la, papa yo te di yo: “Ale retounen, achte yon ti manje.”
3 Et Juda lui parla, disant: Cet homme nous a expressément protesté, disant: Vous ne verrez pas ma face, à moins que votre frère ne soit avec vous.
Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’
4 Si tu envoies notre frère avec nous, nous descendrons, et nous t’achèterons des vivres;
Si ou voye frè nou an avèk nou, nou va desann achte manje.
5 mais si tu ne l’envoies pas, nous ne descendrons pas; car l’homme nous a dit: Vous ne verrez pas ma face, à moins que votre frère ne soit avec vous.
Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”
6 Et Israël dit: Pourquoi m’avez-vous fait le tort de déclarer à l’homme que vous aviez encore un frère?
Alò, Israël te di: “Poukisa ou maltrete m konsa, pou nou te di mesye a ke nou te gen yon lòt frè toujou?”
7 Et ils dirent: L’homme s’est soigneusement enquis de nous et de notre parenté, disant: Votre père vit-il encore? Avez-vous [encore] un frère? Et nous l’avons informé selon la teneur de ces paroles. Pouvions-nous donc savoir qu’il dirait: Faites descendre votre frère?
Men yo te di: “Mesye a te kesyone nou byen dirèk konsènan moun nan fanmi nou. Li te mande: ‘Èske papa nou toujou vivan? Èske nou gen yon lòt frè?’ Alò, nou te reponn kesyon li. Èske nou ta ka konnen ke li ta di: ‘Mennen frè nou an desann?’”
8 Et Juda dit à Israël, son père: Envoie le jeune homme avec moi, et nous nous lèverons et nous irons, et nous vivrons et ne mourrons pas, ni nous, ni toi, ni nos petits enfants.
Juda te di a papa li, Israël: “Voye jènjan an avèk mwen. Nou va leve ale, pou nou kapab viv e pa mouri, nou menm, ansanm ak ou, ak pitit ou yo.
9 Moi, je réponds de lui; tu le redemanderas de ma main. Si je ne te le ramène, et si je ne le présente devant ta face, je serai tous mes jours coupable envers toi.
Mwen menm, mwen va garanti pou li. Ou kapab mete m responsab li. Si mwen pa mennen l tounen bò kote ou, pou m fè l chita devan ou, alò, ke mwen rete koupab devan ou pou tout tan.
10 Car si nous n’avions pas tardé, certes nous serions déjà revenus deux fois.
Paske si nou pa t mize, asireman kounye a nou ta gen tan retounen de fwa deja.”
11 Et Israël, leur père, leur dit: Eh bien, s’il en est ainsi, faites ceci: Prenez dans vos vases des meilleurs produits du pays, et portez à l’homme un présent: un peu de baume et un peu de miel, des épices et de la myrrhe, des pistaches et des amandes.
Alò, papa yo, Israël te di yo: “Si sa oblije fèt, alò, fè l konsa: Pran kèk nan pi bèl pwodwi peyi a nan sak nou, pou pote desann vè nonm nan kòm kado; yon ti lwil, yon ti siwo myèl, yon ti gòm santi bon, myrr, grenn pistach fen avèk grenn zanmann.
12 Et prenez d’autre argent dans vos mains; et l’argent qui a été remis à l’ouverture de vos sacs, reportez-le dans vos mains; peut-être était-ce une erreur.
Pran doub lajan nan men nou, e anplis, pran pou remèt nan men nou kòb ki te retounen nan bouch sak la. Petèt se te yon erè.
13 Et prenez votre frère, et levez-vous, retournez vers l’homme;
Pran frè nou an tou, e leve retounen vè mesye a.
14 et le Dieu Tout-puissant vous fasse trouver compassion devant l’homme, afin qu’il renvoie votre autre frère, et Benjamin! Et moi, si je suis privé d’enfants, j’en serai privé.
Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”
15 Et les hommes prirent ce présent; et ils prirent double argent dans leurs mains, et Benjamin, et ils se levèrent, et descendirent en Égypte; et ils se tinrent devant Joseph.
Alò, mesye yo te pran kado sila yo, e yo te pran doub lajan nan men yo avèk Benjamin. Konsa, yo te leve desann an Égypte, e yo te kanpe devan Joseph.
16 Et Joseph vit Benjamin avec eux; et il dit à celui qui était [préposé] sur sa maison: Mène ces hommes dans la maison, et tue, et apprête; car ces hommes mangeront avec moi à midi.
Lè Joseph te wè Benjamin avèk yo, li te di a chèf domestik lakay li a, “Mennen mesye yo nan kay la, touye yon bèt, e fè prepare l; paske mesye sa yo ap vin manje avèk mwen a midi a.”
17 Et l’homme fit comme Joseph avait dit, et il amena les hommes dans la maison de Joseph.
Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph.
18 Et les hommes eurent peur de ce qu’on les menait dans la maison de Joseph, et ils dirent: C’est à cause de l’argent qui fut remis dans nos sacs au commencement, que nous sommes emmenés, pour qu’on se jette sur nous, et pour qu’on tombe sur nous, et pour qu’on nous prenne comme serviteurs, avec nos ânes.
Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”
19 Et ils s’approchèrent de l’homme qui était [préposé] sur la maison de Joseph, et lui parlèrent à l’entrée de la maison,
Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la,
20 et dirent: Ah, mon seigneur! nous sommes descendus au commencement pour acheter des vivres;
e yo te di: “O mèt mwen, vrèman nou te desann premye fwa a pou achte manje,
21 et il est arrivé, lorsque nous sommes venus au caravansérail, que nous avons ouvert nos sacs, et voici, l’argent de chacun était à l’ouverture de son sac, notre argent selon son poids; et nous l’avons rapporté dans nos mains.
men sa te fè ke lè nou rive nan lojman nou, pou louvri sak nou, konsa, nou jwenn kòb chak moun nan bouch sak li! Tout kòb nou nèt! Konsa, nou te retounen pote li nan men nou.
22 Et nous avons apporté d’autre argent dans nos mains pour acheter des vivres; nous ne savons pas qui a mis notre argent dans nos sacs.
Nou te pote osi, lajan anplis nan men nou pou achte manje. Nou pa konnen kilès ki te mete kòb nou yo nan sak nou yo.”
23 Et il dit: Paix vous soit, ne craignez pas. C’est votre Dieu et le Dieu de votre père qui vous a donné un trésor dans vos sacs; votre argent m’est parvenu. Et il fit sortir Siméon vers eux.
Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.
24 Et l’homme introduisit ces hommes dans la maison de Joseph, et leur donna de l’eau, et ils lavèrent leurs pieds; et il donna du fourrage à leurs ânes.
Epi nonm nan te mennen mesye yo antre lakay Joseph. Li te bay yo dlo, e yo te lave pye pa yo. Li te bay bourik yo manje.
25 Et ils préparèrent le présent pour l’arrivée de Joseph à midi, car ils avaient entendu qu’ils mangeraient là le pain.
Konsa, yo te prepare kado yo pou lè Joseph ta vin parèt a midi, paske yo te tande ke yo te gen pou manje la.
26 Et Joseph vint à la maison, et ils lui apportèrent dans la maison le présent qui était dans leurs mains, et se prosternèrent devant lui contre terre.
Lè Joseph te rive lakay li, yo te pote kado ki te nan men yo bò kote li nan kay la, e yo te bese atè devan li.
27 Et il leur demanda s’ils étaient bien, et il dit: Votre père, le vieillard dont vous m’avez parlé, est-il bien? vit-il encore?
Li te mande yo si tout bagay ale byen. Li te di: “Èske granmoun sou sila nou te pale m nan toujou vivan?”
28 Et ils dirent: Ton serviteur, notre père, est bien; il vit encore. Et ils s’inclinèrent et se prosternèrent.
Yo te di: “Sèvitè ou a, papa nou toujou byen; li toujou vivan.” Yo te bese ba pou bay respè.
29 Et il leva les yeux, et vit Benjamin, son frère, fils de sa mère, et dit: Est-ce là votre plus jeune frère dont vous m’avez parlé? Et il dit: Dieu te fasse grâce, mon fils!
Lè li te leve zye li, li te wè frè li, Benjamin, fis a manman l lan, e li te di: “Èske se sila a ki pi jenn frè nou ke nou te pale m nan?” Konsa, li te di: “Ke Bondye kapab fè ou gras, fis mwen.”
30 Et Joseph se hâta, car ses entrailles s’étaient émues envers son frère, et il cherchait [où] pleurer; et il entra dans sa chambre, et y pleura.
Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.
31 Puis il se lava le visage, et sortit; et il se contint, et dit: Servez le pain.
Alò, li te lave figi li, e li te vin parèt deyò. Li te kontwole tèt li, e te di: “Sèvi manje a.”
32 Et on le servit, lui à part, et eux à part, et les Égyptiens qui mangeaient avec lui, à part: car les Égyptiens ne pouvaient manger le pain avec les Hébreux; car c’est une abomination pour les Égyptiens.
Epi yo te sèvi Joseph nan yon kote pou kont li, e lòt Ejipsyen yo pou kont yo, paske yon Ejipsyen pa t kapab manje avèk yon Ebre. Paske sa se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.
33 Et ils s’assirent devant lui, le premier-né selon son droit d’aînesse, et le plus jeune selon sa jeunesse; et ces hommes s’étonnaient entre eux.
Alò, yo te chita devan li, premye ne a, selon dwa nesans li, pi jenn nan selon jennès li, e mesye yo t ap gade youn lòt byen etone.
34 Et il leur fit porter des mets de devant lui; et la portion de Benjamin était cinq fois plus grande que les portions d’eux tous; et ils burent, et firent bonne chère avec lui.
Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.

< Genèse 43 >