< Nombres 18 >

1 Yahweh dit à Aaron: « Toi et tes fils, et la maison de ton père avec toi, vous porterez l’iniquité du sanctuaire; toi et tes fils avec toi, vous porterez l’iniquité de votre sacerdoce.
Seyè a di Arawon konsa: -Se ou menm, pitit gason ou yo ansanm ak tout lòt moun nan branch fanmi Levi a, ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan tant yo mete apa pou Bondye a. Men, se ou menm ak pitit gason ou yo ase ki va reskonsab tout bagay mal ki pase nan travay prèt yo gen pou fè a.
2 Fais aussi approcher avec toi du sanctuaire tes autres frères, la tribu de Lévi, la tribu de ton père, afin qu’ils te soient adjoints et qu’ils te servent, lorsque toi, et tes fils avec toi, vous serez devant la tente du témoignage.
W'a pran fanmi ou yo, moun branch fanmi Levi, granpapa ou la, w'a mete yo ansanm avè ou pou yo ka ede ou, pandan ou menm ak pitit gason ou yo, n'ap fè travay nou devan Tant Randevou a.
3 Ils rempliront ton service et le service de toute la tente; mais ils ne s’approcheront ni des ustensiles du sanctuaire, ni de l’autel, de peur que vous ne mouriez, eux et vous.
Y'a fè tou sa yo gen pou yo fè pou ou, ak tou sa pou yo fè nan kay Bondye a. Men, se pa pou yo janm pwoche bò bagay yo mete apa pou Bondye yo, ni bò lotèl yo. Si yo fè sa, ni ou menm ni yo menm, n'ap mouri.
4 Ils te seront adjoints, et ils rempliront le service de la tente de réunion, pour tout le travail de la tente. Aucun étranger n’approchera de vous.
Y'a travay ansanm avè ou, y'a fè tou sa y'a gen pou yo fè nan kay Bondye a, nan tout travay ki gen pou fèt nan kay Bondye a. Pesonn lòt pa gen dwa travay avè ou.
5 Vous remplirez le service du sanctuaire et le service de l’autel, afin qu’il n’y ait plus de colère contre les enfants d’Israël.
Men, ou menm ak pitit gason ou yo, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè nan kote ki apa pou Seyè a, tou sa nou gen pou nou fè pou lotèl la. Konsa, mwen p'ap janm fache ankò sou moun pèp Izrayèl yo.
6 Voici, j’ai pris vos frères les lévites du milieu des enfants d’Israël; donnés à Yahweh, ils vous sont remis en don pour faire le travail de la tente de réunion.
Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
7 Toi et tes fils avec toi, vous remplirez votre sacerdoce pour tout ce qui concerne l’autel et pour ce qui est en dedans du voile: vous ferez ce travail. Comme une fonction en pur don, je vous confère votre sacerdoce. L’étranger qui approchera sera mis à mort. »
Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
8 Yahweh dit à Aaron: « Voici, je te donne le service de ce qui est prélevé pour moi, de toutes les choses consacrées des enfants d’Israël; je te les donne, à raison de l’onction que tu as reçue, à toi et à tes fils, par une loi perpétuelle.
Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.
9 Voici ce qui te reviendra des choses très saintes, sauf ce que le feu doit consumer: toutes leurs offrandes, savoir toutes leurs oblations, tous leurs sacrifices pour le péché et tous leurs sacrifices de réparation qu’ils me rendront: tout cela, comme choses très saintes, sera pour toi et pour tes fils.
Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye.
10 Tu les mangeras dans un lieu très saint; tout mâle en mangera; elles seront saintes pour toi.
N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a.
11 Ceci encore t’appartient: ce qui est prélevé sur leurs dons, sur toute offrande balancée des enfants d’Israël; je te le donne à toi, à tes fils et à tes filles avec toi, par une loi perpétuelle; quiconque est pur dans ta maison en mangera.
Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'.
12 Tout le meilleur de l’huile, tout le meilleur du vin nouveau et du blé, leurs prémices qu’ils offrent à Yahweh, je te les donne.
M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden.
13 Les premiers produits de leur terre qu’ils apporteront à Yahweh seront pour toi. Quiconque est pur dans ta maison en mangera.
Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo.
14 Tout ce qui sera dévoué par anathème en Israël sera pour toi.
Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou.
15 Tout premier-né de toute chair, des hommes comme des animaux, qu’ils offrent à Yahweh, sera pour toi. Seulement tu feras racheter le premier-né de l’homme, et tu feras racheter le premier-né d’un animal impur.
Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen.
16 Quant à son rachat, tu le feras racheter dès l’âge d’un mois, selon ton estimation, contre cinq sicles d’argent, selon le sicle du sanctuaire, qui est de vingt guéras.
Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan-, pou yo ka achte lavi l' nan men m'.
17 Mais tu ne feras point racheter le premier-né du bœuf, ni le premier-né de la brebis, ni le premier-né de la chèvre: ils sont saints. Tu répandras leur sang sur l’autel et tu feras fumer leur graisse: c’est un sacrifice fait par le feu, d’une agréable odeur à Yahweh.
Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li.
18 Leur chair sera pour toi, comme la poitrine qu’on balance et comme la cuisse droite.
Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a.
19 Tout ce qui est prélevé sur les choses saintes, ce que les enfants d’Israël prélèvent pour Yahweh, je te le donne à toi, à tes fils et à tes filles avec toi, par une loi perpétuelle; c’est une alliance de sel, perpétuelle, devant Yahweh, pour toi et pour ta postérité avec toi. »
M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.
20 Yahweh dit à Aaron: « Tu n’auras pas d’héritage dans leur pays, et il n’y aura point de part pour toi au milieu d’eux; c’est moi qui suis ta part et ton héritage au milieu des enfants d’Israël.
Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la.
21 Voici que je donne comme héritage aux fils de Lévi toute dîme en Israël, pour le travail qu’ils font, le travail de la tente de réunion.
Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
22 Les enfants d’Israël n’approcheront plus de la tente de réunion, de peur qu’ils ne portent leur péché et qu’ils meurent.
Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri.
23 Les Lévites feront le travail de la tente de réunion, et ils porteront leur iniquité. En vertu d’une loi perpétuelle parmi vos descendants, ils n’auront point d’héritage au milieu des enfants d’Israël.
Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la.
24 Car je donne aux Lévites comme héritage les dîmes que les enfants d’Israël prélèveront pour Yahweh; c’est pourquoi je leur dis: Ils n’auront point d’héritage au milieu des enfants d’Israël. »
M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la.
25 Yahweh parla à Moïse, en disant:
Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l':
26 « Tu parleras aux Lévites et tu leur diras: « Lorsque vous recevrez des enfants d’Israël la dîme que je vous donne de leurs biens pour votre héritage, vous en prélèverez une offrande pour Yahweh, une dîme de la dîme;
-Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a.
27 et ce prélèvement que vous ferez vous sera compté comme le blé qu’on prélève de l’aire, et comme le vin nouveau qu’on prélève de la cuve.
Y'a konsidere ofrann sa a tankou ofrann lòt moun yo fè sou farin ble ak diven apre chak rekòt.
28 C’est ainsi que vous prélèverez, vous aussi, une offrande pour Yahweh, sur toutes les dîmes que vous recevrez des enfants d’Israël, et cette offrande que vous en aurez prélevée pour Yahweh, vous la donnerez au prêtre Aaron.
Konsa, nou menm tou, n'a pran yon pòsyon nan tout ofrann ladim moun pèp Izrayèl yo va fè, n'a mete l' apa pou mwen. Epi n'a pran pòsyon nou wete pou Seyè a nan sa ki pou nou an, n'a bay Arawon, prèt la, li pou tèt pa li.
29 Sur tous les dons que vous recevrez, vous prélèverez toute l’offrande de Yahweh; sur tout le meilleur, la sainte portion qui en est tirée.
N'a pran sa ki pi bon nan tout sa ki pou nou an, n'a ofri l' bay Seyè a.
30 Tu leur diras: Quand vous en aurez prélevé le meilleur, la dîme sera comptée aux lévites comme le produit de l’aire et comme le produit du pressoir.
W'a di yo tou: Lè moun Levi yo fin pran sa ki pi bon nan tou sa ki pou vin pou yo a, y'a konsidere rès ki rete a tankou rekòt farin ble ak diven yo menm yo fè.
31 Vous la mangerez en tout lieu, vous et votre famille; car c’est votre salaire pour le travail que vous faites dans la tente de réunion.
Y'a manje l' kote yo vle, ansanm ak tout moun lakay yo. Se tankou lajan yo ba yo pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
32 Vous ne porterez pour cela aucun péché, quand vous en aurez prélevé le meilleur, vous ne profanerez point les saintes offrandes des enfants d’Israël, et vous ne mourrez point. »
Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Seyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.

< Nombres 18 >