< Matthieu 28 >

1 Après le sabbat, dès l’aube du premier jour de la semaine, Marie-Madeleine et l’autre Marie allèrent visiter le sépulcre.
Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.
2 Et voilà qu’il se fit un grand tremblement de terre; car un ange du Seigneur, étant descendu du ciel, vint rouler la pierre, et s’assit dessus.
Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li.
3 Son aspect ressemblait à l’éclair, et son vêtement était blanc comme la neige.
Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.
4 A sa vue, les gardes furent frappés d’épouvante, et devinrent comme morts.
Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.
5 Et l’ange, s’adressant aux femmes, dit: « Vous, ne craignez pas; car je sais que vous cherchez Jésus qui a été crucifié.
Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a.
6 Il n’est pas ici; il est ressuscité comme il l’avait dit. Venez, et voyez le lieu où le Seigneur avait été mis;
Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.”
7 et hâtez-vous d’aller dire à ses disciples qu’il est ressuscité des morts. Voici qu’il va se mettre à votre tête en Galilée; là, vous le verrez; je vous l’ai dit. »
“Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”
8 Aussitôt elles sortirent du sépulcre avec crainte et grande joie, et elles coururent porter la nouvelle aux disciples.
Yo te kite tonm nan vit avèk lakrent, avèk gwo lajwa, e yo te kouri ale bay rapò a disip Li yo.
9 Et voilà que Jésus se présenta devant elles et leur dit: « Salut! » Elles s’approchèrent, et embrassèrent ses pieds, se prosternant devant lui.
Pandan yo t ap w ale pou pale disip Li yo, gade byen, Jésus te rankontre yo e te salye yo. Yo te vin kote l, te kenbe pye Li, e te adore L.
10 Alors Jésus leur dit: « Ne craignez point; allez dire à mes frères de se rendre en Galilée: c’est là qu’ils me verront. »
Jésus te di yo: “Pa pè. Ale di frè M yo pati pou rive nan Galilée. La, yo va wè m.”
11 Pendant qu’elles étaient en chemin, quelques-uns des gardes vinrent dans la ville et annoncèrent aux Princes des prêtres tout ce qui était arrivé.
Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a.
12 Ceux-ci rassemblèrent les Anciens, et, ayant tenu conseil, ils donnèrent une grosse somme d’argent aux soldats,
Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo.
13 en leur disant: « Publiez que ses disciples sont venus de nuit, et l’ont enlevé pendant que vous dormiez.
Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi.
14 Et si le gouverneur vient à le savoir, nous l’apaiserons, et nous vous mettrons à couvert. »
Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
15 Les soldats prirent l’argent, et firent ce qu’on leur avait dit; et ce bruit qu’ils répandirent se répète encore aujourd’hui parmi les Juifs.
Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
16 Les onze disciples s’en allèrent en Galilée, sur la montagne que Jésus leur avait désignée.
Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a.
17 En le voyant, ils l’adorèrent, eux qui avaient hésité à croire.
Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18 Et Jésus s’approchant, leur parla ainsi: « Toute puissance m’a été donnée dans le ciel et sur la terre.
Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.
19 Allez donc, enseignez toutes les nations, les baptisant au nom du Père, et du Fils et du Saint-Esprit,
Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an.
20 leur apprenant à garder tout ce que je vous ai commandé: et voici que je suis avec vous tous les jours jusqu’à la fin du monde. » (aiōn g165)
Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.” (aiōn g165)

< Matthieu 28 >