< Genèse 36 >

1 Voici l'histoire des générations d'Ésaü (c'est-à-dire d'Édom).
Alò, sa yo se achiv jenerasyon Ésaü yo, (sa vle di, Edom).
2 Ésaü prit ses femmes parmi les filles de Canaan: Ada, fille d'Élon, le Héthien; Oholibama, fille d'Ana, fille de Tsibeon, le Hévien;
Ésaü te pran madanm pami fi Canaan yo: Ada, fi Elon an, Etyen an, Oholibama, fi Ana a, ak gran fi a Tsibeon an, Evyen an.
3 et Basemath, fille d'Ismaël, sœur de Nebaïoth.
Anplis, Basamath, fi Ismaël la, sè Nebajoth la.
4 Ada enfanta à Ésaü Éliphaz. Basemath enfanta Reuel.
Ada te fè Eliphaz bay Ésaü, e Basamath te fè Réuel;
5 Oholibama enfanta Jéusch, Jalam et Koré. Ce sont là les fils d'Ésaü, qui lui naquirent dans le pays de Canaan.
Epi Oholibama te fè Jéusch, Jaelam, ak Koré. Sa yo se fis Ésaü ki te fèt a li menm nan peyi Canaan.
6 Ésaü prit ses femmes, ses fils, ses filles et tous les membres de sa famille, avec son bétail, tous ses animaux et tous ses biens qu'il avait amassés au pays de Canaan, et il s'en alla dans un pays éloigné de son frère Jacob.
Epi Ésaü te pran madanm li yo, fis ak fi li yo avèk tout lakay li, bèt li yo avèk tout bèf li yo, ak tout byen ke li te ranmase nan peyi Canaan yo, e li te ale nan yon lòt peyi, lwen frè li a, Jacob.
7 Car leurs biens étaient trop importants pour qu'ils puissent habiter ensemble, et le pays de leurs voyages ne pouvait pas les supporter à cause de leur bétail.
Paske byen yo te vin twò gran pou yo ta viv ansanm, e peyi kote yo te demere a pa t kab pran yo akoz tout bèt yo te genyen yo.
8 Ésaü habitait la montagne de Séir. Ésaü, c'est Édom.
Konsa, Ésaü te viv nan peyi kolin yo nan Séir. Ésaü se menm avèk Édom.
9 Voici l'histoire des générations d'Ésaü, père des Édomites, dans la montagne de Séir:
Alò, sa yo se achiv a jenerasyon Ésaü yo, papa a Edomit yo nan peyi kolin yo nan Séir.
10 Voici les noms des fils d'Ésaü: Éliphaz, fils d'Ada, femme d'Ésaü, et Réuel, fils de Basemath, femme d'Ésaü.
Alò men non a fis Ésaü yo: Éliphaz, fis Ada a madanm Ésaü a, Réuel, fis Basamath la, madanm a Ésaü a.
11 Les fils d'Éliphaz étaient: Théman, Omar, Zépho, Gatam et Kenaz.
Fis Éliphaz yo te: Théman, Omar, Tsepho, Gaetham, ak Kenaz.
12 Timna était concubine d'Éliphaz, fils d'Ésaü, et elle enfanta à Éliphaz Amalek. Tels sont les descendants d'Ada, femme d'Ésaü.
Thimna te fanm lakay Éliphaz, fis Ésaü a; li te fè Amalek pou Éliphaz. Sila yo se fis Ada yo, madanm Ésaü a.
13 Voici les fils de Réuel: Nahath, Zérah, Shammah et Mizzah. Ce sont les descendants de Basemath, femme d'Ésaü.
Sa yo se fis Réuel yo: Nahath, Zérach, Schamma, ak Mizza. Sa yo se te fis Basamath yo, madanm Ésaü a.
14 Voici les fils d'Oholibama, fille d'Ana, fille de Tsibeon, femme d'Ésaü: elle enfanta à Ésaü Jéusch, Jalam et Koré.
Sa yo se te fis madanm Ésaü a, Oholibama, fi Ana a, ki te pitit pitit Tsibeon an: li te fè pou Ésaü, Jéusch, Jaelam, ak Koré.
15 Voici les chefs des fils d'Ésaü, les fils d'Éliphaz, premier-né d'Ésaü: le chef Théman, le chef Omar, le chef Zépho, le chef Kenaz,
Men chèf a fis Ésaü yo. Fis Éliphaz yo, premye ne Ésaü a, se chèf Théman, chèf Omar, chèf Tsepho, chèf Kenatz,
16 le chef Koré, le chef Gatam, le chef Amalek. Ce sont là les chefs qui sont venus d'Éliphaz au pays d'Édom. Ce sont là les fils d'Ada.
chèf Koré, chèf Gaetham, chèf Amalek. Sa yo se chèf ki te desandan Eliphaz nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Ada yo.
17 Voici les fils de Réuel, fils d'Ésaü: le chef Nahath, le chef Zérach, le chef Schamma, le chef Mizza. Ce sont là les chefs issus de Réuel au pays d'Édom. Ce sont là les fils de Basemath, femme d'Ésaü.
Men fis Réuel, ki te fis Ésaü yo: chèf Nahath, chèf Zérach, chèf Schamma, chèf Mizza. Sa yo se chèf ki te desandan a Réuel yo, nan peyi Edom an. Sa yo se fis a Basamath, madanm a Ésaü a.
18 Voici les fils d'Oholibama, femme d'Ésaü: le chef Jeush, le chef Jalam, le chef Koré. Ce sont là les chefs issus d'Oholibama, fille d'Ana, femme d'Ésaü.
Sa yo se fis a Oholibama yo, madanm a Ésaü a; chèf Jéusch, chèf Jaelam, chèf Koré. Sa yo se chèf ki te desandan pa Oholibama a, madanm a Ésaü a, fi a Ana a.
19 Ce sont là les fils d'Ésaü (c'est-à-dire d'Édom), et ce sont là leurs chefs.
Sila yo se fis a Ésaü yo (sa vle di Édom), e sa yo se chèf yo.
20 Voici les fils de Séir, le Horien, les habitants du pays: Lotan, Shobal, Tsibeon, Ana,
Sila yo se fis Séir yo, Oryen an, pèp peyi a: Lothan, Schobal avèk Tsibeon ak Ana,
21 Dishon, Ezer et Dishan. Ce sont là les chefs des Horites, fils de Séir, au pays d'Édom.
epi Dischon, Etser avèk Dischan. Sa yo se te chèf a Oryen yo, fis Séir yo, nan peyi Édom an.
22 Les fils de Lotan étaient Hori et Heman. La sœur de Lotan était Timna.
Fis a Lothan yo se te Hori avèk Hémam. Sè a Lothan an se te Thimna.
23 Voici les fils de Shobal: Alvan, Manahath, Ebal, Shepho et Onam.
Men fis a Schobal yo: Alvan, Manahath, Ébal, Schepho, avèk Onam.
24 Voici les fils de Zibeon: Aiah et Anah. C'est Anah qui a trouvé les sources chaudes dans le désert, alors qu'il nourrissait les ânes de Tsibeon, son père.
Men fis a Tsibeon yo: Ajja ak Ana. Se te Ana ki te twouve sous cho nan dezè a lè l t ap fè gadyen bourik yo pou papa l, Tsibeon.
25 Voici les fils d'Anah: Dishon et Oholibama, fille d'Anah.
Men pitit a Ana yo: Dischon avèk Oholibama, fi a Ana a.
26 Voici les fils de Dishon: Hemdan, Eshban, Ithran et Cheran.
Men fis Dischon yo: Hemdan, Eschban, Jithran, avèk Keran.
27 Voici les fils d'Ezer: Bilhan, Zaavan et Akan.
Men fis a Etser yo: Bilhan, Zavvan avèk Akan.
28 Voici les fils de Dishan: Uz et Aran.
Men fis a Dischan yo: Uts avèk Aran.
29 Voici les chefs des Horites: le chef Lotan, le chef Shobal, le chef Zibeon, le chef Anah,
Men chèf Oryen yo: chèf Lothan, chèf Schobal, chèf Tsibeon, ak chèf Ana,
30 le chef Dishon, le chef Ezer et le chef Dishan. Ce sont là les chefs des Horiens, selon leurs chefs dans le pays de Séir.
chèf Dischon, chèf Etser, chèf Dischan. Sa se chèf a Oryen yo, chèf ki te nan peyi Séir yo.
31 Voici les rois qui ont régné dans le pays d'Édom, avant qu'aucun roi ne règne sur les enfants d'Israël.
Men wa ki te renye nan peyi a Édom yo, avan ke yon wa te vin renye pami zanfan Israël yo.
32 Béla, fils de Béor, régna sur Édom. Le nom de sa ville était Dinhaba.
Béla, fis Beor, te renye sou Édom; epi non vil pa l la te Dinhaba.
33 Béla mourut; et Jobab, fils de Zérach, de Botsra, régna à sa place.
Béla te mouri e Jbab, fis Zérach, a Botsra te renye nan plas li.
34 Jobab mourut; et Huscham, du pays des Thémanites, régna à sa place.
Jbab te vin mouri; epi Huscham nan peyi Temanit yo te renye nan plas li.
35 Husham mourut; et Hadad, fils de Bedad, qui avait frappé Madian dans le champ de Moab, régna à sa place. Le nom de sa ville était Avith.
Huscham te mouri; epi Hadad, fis a Bedad la te vin renye nan plas li. Se te li menm ki te frape Madian nan chan Moab la. Non a vil sa a se te Avith.
36 Hadad mourut. Samla, de Masréka, régna à sa place.
Hadad te mouri; epi Samia ak Masréka te vin renye nan plas li.
37 Samla mourut; et Saül, de Rehoboth, près du fleuve, régna à sa place.
Samia te mouri; epi Saül ak Rehoboth sou larivyè Euphrate la te vin renye nan plas li.
38 Shaoul mourut. Baal Hanan, fils d`Acbor, régna à sa place.
Saül te mouri; epi Baal-Hanan, fis Acbor a te vin renye nan plas li.
39 Baal Hanan, fils d`Acbor, mourut; et Hadar régna à sa place. Le nom de sa ville était Pau. Sa femme s'appelait Mehetabel, fille de Matred, fille de Mezahab.
Baal-Hanan, fis Acbor te mouri, epi Hadar te vin renye nan plas li. Non a vil sa a se te Pau; epi non madanm li te Mehéthabeel, fi a Mthred, fi a Mézahab la.
40 Voici les noms des chefs issus d`Ésaü, selon leurs familles, selon leurs lieux et selon leurs noms: le chef Timna, le chef Alva, le chef Jetheth,
Men non a chèf ki te desandan Ésaü yo, selon tribi yo, selon teritwa yo, pa non yo; chèf Timna, chèf Alva, chèf Jetheth,
41 le chef Oholibama, le chef Éla, le chef Pinon,
chèf Oholibama, chèf Éla, chèf Pinon,
42 le chef Kenaz, le chef Teman, le chef Mibzar,
chèf Kenaz, chèf Théman, chèf Mibtsar,
43 le chef Magdiel et le chef Iram. Ce sont là les chefs d'Édom, selon leurs habitations dans le pays qu'ils possèdent. Voici Ésaü, le père des Édomites.
chèf Magdiel, chèf Iram. Sa se chèf Édom yo (sa vle di pou Ésaü, papa a Edomit yo), selon abitasyon yo, ak peyi yo te posede yo.

< Genèse 36 >