< Mateo 1 >

1 Yesu Kristo nye Abraham kple Fia David ƒe dzidzimevi; eƒe dzidzimegbalẽ lae nye esi:
Men non zansèt Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram.
2 Abraham dzi Isak, Isak dzi Yakob, eye Yakob dzi Yuda kple nɔviawo,
Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l' yo.
3 Yuda dzi Perez kple Zera, ame siwo dadae nye Temar, Perez dzi Hezron, Hezron hã dzi Ram,
Jida menm te papa Perèz ak Zara. Se Tama ki te manman yo. Perèz te papa Eswòm; Eswòm te papa Aram.
4 Ram dzi Aminadab, Aminadab dzi Naheson, Nahson dzi Salmon,
Aram te papa Amenadab; Amenadab te papa Naason; Naason te papa Salmon.
5 Salmon hã dzi Boaz, ame si dadae nye Rahab. Boaz dzi Obed, ame si dadae nye Rut. Obed dzi Yese.
Salmon te papa Boaz. Se Raab ki te manman Boaz. Boaz te papa Obèd. Se Rit ki te manman Obèd.
6 Yese dzi Fia David, David dzi Solomo, ame si dadae nye Uria srɔ̃ kpɔ.
Obèd te papa Izayi, Izayi te papa wa David. David te papa Salomon. Se Madan Ouri ki te manman Salomon.
7 Solomo dzi Rehoboam, Rehoboam dzi Abiya, eye Abiya hã dzi Asa.
Salomon te papa Woboram; Woboram te papa Abya; Abya te papa Asa.
8 Asa dzi Yehosafat, Yehosafat dzi Yoram, Yoram dzi Uzia,
Asa te papa Jozafa; Jozafa te papa Joram; Joram te papa Ozyas;
9 Uzia dzi Yotam, Yotam dzi Ahaz, Ahaz dzi Hezekia,
Ozyas te papa Joatam; Joatam te papa Akaz; Akaz te papa Ezekyas;
10 Hezekia dzi Manase, Manase dzi Amon, Amon dzi Yosia.
Ezekyas te papa Manase; Manase te papa Amon; Amon te papa Jozyas;
11 Yosia dzi Yekonia kple nɔviawo le esime woɖe aboyo Israel dukɔa yi Babilonia.
Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn.
12 Le aboyomenɔnɔ le Babilonia megbe la, Yekonia dzi Sealtiel, Sealtiel dzi Zerubabel,
Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl;
13 Zerubabel hã dzi Abihud, Abihud dzi Eliakim, eye Eliakim dzi Azɔ.
Zowobabèl te papa Abiyoud; Abiyoud te papa Elyakim; Elyakim te papa Azò;
14 Azɔ dzi Zadok, Zadok dzi Akim, Akim dzi Elihud,
Azò te papa Sadòk; Sadòk te papa Akim; Akim te papa Eliyoud;
15 Elihud dzi Eleaza, Eleaza dzi Matan, Matan hã dzi Yakob,
Eliyoud te papa Eleaza; Eleaza te papa Matan; Matan te papa Jakòb;
16 eye Yakob dzi Yosef, ame si nye Maria, Yesu Kristo dada srɔ̃.
Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la.
17 Ale tso Abraham dzi va se ɖe Fia David dzi la, dzidzimeawo katã le wuiene, eye tso Fia David ŋɔli va se ɖe esime woɖe aboyo Israel yi Babilonia la, dzidzimeawo le wuiene, nenema ke tso aboyomenɔɣi va se ɖe Kristo dzi hã le dzidzime wuiene.
Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.
18 Yesu Kristo dzidzi va yi ale: Wodo Maria, Yesu dada ŋugbe na Yosef be wòaɖe, gake hafi woava kpe la, wokpɔ be Maria fɔ fu to Gbɔgbɔ Kɔkɔe la me.
Men ki jan Jezikri te fèt. Mari, manman Jezi, te fiyanse avèk Jozèf. Anvan menm yo te antre nan kay ansanm, Mari vin twouve l' ansent pa pouvwa Sentespri.
19 Azɔ Yosef, ame si wodo eƒe ŋugbe na la nye nuteƒewɔla, eya ta medi be yeado ŋukpe Maria le dutoƒo o; eɖoe be yeagbee le adzame.
Jozèf, fiyanse l' la, te yon nonm debyen. Li pa t' vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansaj la san bri san kont.
20 Ke esi wònɔ nu siawo ŋu bum la, mawudɔla aɖe ɖe eɖokui fiae le drɔ̃eƒe, yɔe gblɔ nɛ be, “Yosef, David ƒe vi, mègavɔ̃ srɔ̃wò Maria kpɔkplɔ be wòava nɔ gbɔwò o, elabena fu si wòfɔ la, Gbɔgbɔ Kɔkɔe la mee wòtso.
Li t'ap kalkile sou jan li tapral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri.
21 Adzi ŋutsuvi, eye nàna ŋkɔe be Yesu, elabena eyae aɖe eƒe amewo tso woƒe nu vɔ̃wo me.”
Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.
22 Esiawo katã va eme be, woawu Aƒetɔ ƒe nya si wògblɔ ɖi to Nyagblɔɖila dzi la nu be,
Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l' te di:
23 “Ɖetugbi si menya ŋutsu o la afɔ fu, eye wòadzi ŋutsuvi, eye woayɔ eƒe ŋkɔ be, Imanuel” (si gɔmee nye, “Mawu li kpli mí”).
Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
24 Esi Yosef nyɔ la, ewɔ ɖe mawudɔla la ƒe gbe dzi, eye wòyi ɖakplɔ Maria va eƒe aƒe mee abe srɔ̃a ene.
Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l' fè: li pran madanm li lakay li.
25 Ke Yosef mede asi eŋu o, va se ɖe esime wòdzi viŋutsuvi la, eye wòna ŋkɔe be Yesu.
Men, Jozèf pa t' kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

< Mateo 1 >