< Psalms 75 >
1 To the Overseer. — 'Destroy not.' — A Psalm of Asaph. — A Song. We have given thanks to Thee, O God, We have given thanks, and near [is] Thy name, They have recounted Thy wonders.
Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi” Yon Sòm Asaph, yon Chanson Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye, Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre. Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.
2 When I receive an appointment, I — I do judge uprightly.
“Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente, Mwen va jije avèk jistis.
3 Melted is the earth and all its inhabitants, I — I have pondered its pillars. (Selah)
Latè avèk tout sa ki ladann souke. Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan
4 I have said to the boastful, 'Be not boastful,' And to the wicked, 'Raise not up a horn.'
Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!” A mechan an: “Pa leve kòn nan.
5 Raise not up on high your horn, (Ye speak with a stiff neck.)
Pa leve kòn ou anwo. Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
6 For not from the east, or from the west, Nor from the wilderness — [is] elevation.
Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès, ni bò kote dezè a, kab gen fòs pou leve moun anwo;
7 But God [is] judge, This He maketh low — and this He lifteth up.
Men Bondye se jij la. Li fè yon moun desann, e li leve yon lòt fè l wo.
8 For a cup [is] in the hand of Jehovah, And the wine hath foamed, It is full of mixture, and He poureth out of it, Only its dregs wring out, and drink, Do all the wicked of the earth,
Paske gen yon tas nan men SENYÈ a, e diven an ap kimen. Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann. Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
9 And I — I declare [it] to the age, I sing praise to the God of Jacob.
Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan. Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
10 And all horns of the wicked I cut off, Exalted are the horns of the righteous!
Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt. Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.