< Genesis 16 >

1 And Sarai, Abram's wife, hath not borne to him, and she hath an handmaid, an Egyptian, and her name [is] Hagar;
Sarayi, madanm Abram, pa t' janm fè pitit. Sarayi te gen yon sèvant, moun peyi Lejip, yo te rele Aga.
2 and Sarai saith unto Abram, 'Lo, I pray thee, Jehovah hath restrained me from bearing, go in, I pray thee, unto my handmaid; perhaps I am built up from her;' and Abram hearkeneth to the voice of Sarai.
Sarayi di Abram konsa. Gade! Seyè a pa kite mwen fè pitit. Al kouche ak sèvant mwen an non. Ou pa janm konnen, li ka fè pitit pou mwen. Abram tonbe dakò ak sa Sarayi te di l' la.
3 And Sarai, Abram's wife, taketh Hagar the Egyptian, her handmaid, at the end of the tenth year of Abram's dwelling in the land of Canaan, and giveth her to Abram her husband, to him for a wife,
Se konsa, Sarayi, madanm Abram, pran sèvant li a, Aga ki te moun peyi Lejip, li bay Abram li pou madanm. Lè sa a, Abram te gen tan gen dizan nan peyi Kanaran.
4 and he goeth in unto Hagar, and she conceiveth, and she seeth that she hath conceived, and her mistress is lightly esteemed in her eyes.
Abram kouche ak Aga. Aga vin ansent. Lè Aga wè li ansent, lògèy vire tèt li, li pa gade Sarayi, metrès li, pou anyen ankò.
5 And Sarai saith unto Abram, 'My violence [is] for thee; I — I have given mine handmaid into thy bosom, and she seeth that she hath conceived, and I am lightly esteemed in her eyes; Jehovah doth judge between me and thee.'
Lè sa a, Sarayi di Abram. Se fòt ou wi si m'ap sibi tout wont sa a. Se mwen menm ki te ba ou sèvant mwen an pou madanm. Men, depi li wè li ansent lan, li pa gade m' pou anyen ankò. Se Seyè a ki pou jije m' avè ou.
6 And Abram saith unto Sarai, 'Lo, thine handmaid [is] in thine hand, do to her that which is good in thine eyes;' and Sarai afflicted her, and she fleeth from her presence.
Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
7 And a messenger of Jehovah findeth her by the fountain of water in the wilderness, by the fountain in the way [to] Shur,
Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.
8 and he saith, 'Hagar, Sarai's handmaid, whence hast thou come, and whither dost thou go?' and she saith, 'From the presence of Sarai, my mistress, I am fleeing.'
Li di l' konsa. Aga, sèvant Sarayi, kote ou soti la a? Kote ou prale? Aga reponn. M'ap kouri pou Sarayi, metrès mwen.
9 And the messenger of Jehovah saith to her, 'Turn back unto thy mistress, and humble thyself under her hands;'
Zanj Seyè a di l'. Tounen lakay metrès ou, soumèt ou devan li.
10 and the messenger of Jehovah saith to her, 'Multiplying I multiply thy seed, and it is not numbered from multitude;'
Zanj lan di l' ankò. M'ap ba ou anpil anpil pitit pitit. Moun p'ap ka konte yo.
11 and the messenger of Jehovah saith to her, 'Behold thou [art] conceiving, and bearing a son, and hast called his name Ishmael, for Jehovah hath hearkened unto thine affliction;
Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
12 and he is a wild-ass man, his hand against every one, and every one's hand against him — and before the face of all his brethren he dwelleth.'
Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.
13 And she calleth the name of Jehovah who is speaking unto her, 'Thou [art], O God, my beholder;' for she said, 'Even here have I looked behind my beholder?'
Aga di nan kè l'. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè m' lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele l': Ou se Bondye ki wè m' lan.
14 therefore hath one called the well, 'The well of the Living One, my beholder;' lo, between Kadesh and Bered.
Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan.
15 And Hagar beareth to Abram a son; and Abram calleth the name of his son, whom Hagar hath borne, Ishmael;
Aga fè yon pitit gason pou Abram. Abram rele pitit la Izmayèl.
16 and Abram [is] a son of eighty and six years in Hagar's bearing Ishmael to Abram.
Abram te gen katrevensizan lè Aga te fè Izmayèl.

< Genesis 16 >