< 1 Samuel 26 >
1 And the Ziphites come in unto Saul, at Gibeah, saying, 'Is not David hiding himself in the height of Hachilah, on the front of the desert?'
Moun ki rete nan dezè Zif yo al jwenn Sayil lavil Gibeya, yo di l': -Men David kache sou ti mòn Akila a, sou limit dezè peyi Jida a.
2 And Saul riseth, and goeth down unto the wilderness of Ziph, and with him three thousand men, chosen ones of Israel, to seek David in the wilderness of Ziph.
Sayil pati lamenm avèk twamil (3000) sòlda nan pi bon sòlda peyi Izrayèl la. Li desann nan dezè Zif la al dèyè David.
3 And Saul encampeth in the height of Hachilah, which [is] on the front of the desert, by the way, and David is abiding in the wilderness, and he seeth that Saul hath come after him in to the wilderness;
Li moute kan li sou ti mòn Akila a, toupre wout la, sou limit dezè a. David menm te nan dezè a toujou. Lè li vin konnen Sayil te vin dèyè l' nan dezè a,
4 and David sendeth spies, and knoweth that Saul hath come unto Nachon,
li voye kèk espyon. Yo vin di l' Sayil te desann vre nan dezè a.
5 and David riseth, and cometh in unto the place where Saul hath encamped, and David seeth the place where Saul hath lain, and Abner son of Ner, head of his host, and Saul is lying in the path, and the people are encamping round about him.
David leve, li pati pou kote Sayil te moute kan lame li a. Li gade pozisyon kote Sayil ak kòmandan lame li a, Abnè, pitit gason Nè a, te kouche. Sayil te kouche nan mitan, tout sòlda yo te kouche bò kote l'.
6 And David answereth and saith unto Ahimelech the Hittite, and unto Abishai son of Zeruiah, brother of Joab, saying, 'Who doth go down with me unto Saul, unto the camp?' and Abishai saith, 'I — I go down with thee.'
David pale ak Akimelèk, moun peyi Et la, ak Abichayi, frè Joab, pitit gason Sewouya a, li di yo: -Kilès nan nou de a ki ta vle desann avè m' nan kan Sayil la? Abichayi reponn: -M'ap desann avè ou.
7 And David cometh — and Abishai — unto the people by night, and lo, Saul is lying sleeping in the path, and his spear struck into the earth at his pillow, and abner and the people are lying round about him.
Se konsa, jou sa a, nan mitan lannwit, David ak Abichayi rive nan kan an. Yo wè Sayil kouche ap dòmi nan mitan kan an, frenn li te plante nan tè a bò tèt li. Abnè ak tout rès sòlda yo te kouche bò kote l' ap dòmi tou.
8 And Abishai saith unto David, 'God hath shut up to-day thine enemy into thy hand; and, now, let me smite him, I pray thee, with a spear, even into the earth at once — and I do repeat [it] to him.'
Abichayi di David konsa: -Aswè a Seyè a lage lènmi ou lan nan men ou vre. Koulye a, kite m' kloure l' atè a ak pwòp frenn li a. Yon sèl kou ap ase. Mwen p'ap bezwen frape l' de fwa.
9 And David saith unto Abishai, 'Destroy him not; for who hath put forth his hand against the anointed of Jehovah, and been acquitted?'
Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.
10 And David saith, 'Jehovah liveth; except Jehovah doth smite him, or his day come that he hath died, or into battle he go down, and hath been consumed —
Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.
11 far be it from me, by Jehovah, from putting forth my hand against the anointed of Jehovah; and, now, take, I pray thee, the spear which [is] at his pillow, and the cruse of water, and we go away.'
Mande Bondye padon non! Mwen p'ap leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a. Ann pran frenn li a ak krich dlo ki bò tèt li a. Epi ann ale.
12 And David taketh the spear, and the cruse of water at the pillow of Saul, and they go away, and there is none seeing, and there is none knowing, and there is none awaking, for all of them are sleeping, for a deep sleep [from] Jehovah hath fallen upon them.
David pran frenn lan ak krich dlo ki te bò tèt Sayil la, epi yo ale. Pesonn pa t' wè sa, pesonn pa t' konnen sa ki te rive. Pesonn pa t' leve nan dòmi an. Yo te dòmi nèt ale, paske Seyè a te fè yon gwo dòmi pran yo.
13 And David passeth over to the other side, and standeth on the top of the hill afar off — great [is] the place between them;
Lè sa a, David janbe lòt bò fon an, li kanpe sou tèt ti mòn lan, byen lwen ak yon bèl distans nan mitan li ak lame a.
14 and David calleth unto the people, and unto Abner son of Ner, saying, 'Dost thou not answer, Abner?' and Abner answereth and saith, 'Who [art] thou [who] hast called unto the king?'
Li pran rele sòlda yo ak Abnè, pitit gason Nè a, li di yo konsa: -Abnè o! Eske ou tande mwen? Abnè reponn: -Kilès k'ap rele nan zòrèy wa a konsa?
15 And David saith unto Abner, 'Art not thou a man? and who [is] like thee in Israel? but why hast thou not watched over thy lord the king? for one of the people had come in to destroy the king, thy lord.
David di li: -Se pa gason ou ye? Ki moun ki ka koresponn avè ou nan peyi Izrayèl la? Poukisa ou pa pwoteje wa a, mèt ou, pi byen? Talè a, gen yon moun ki antre nan kan an ak lide pou l' te touye wa a.
16 Not good is this thing which thou hast done; Jehovah liveth, but ye [are] sons of death, in that ye have not watched over your lord, over the anointed of Jehovah; and now, see where the king's spear [is], and the cruse of water which [is] at his bolster.'
Li pa bon non sa ou fè a. Ou manke sou travay ou, Abnè. Mwen fè sèman devan Bondye ki vivan an, nou tout nou merite yo touye nou. Paske nou pa pwoteje mèt nou, wa Seyè a te chwazi a! Gade non! Kote frenn wa a? Kote krich dlo ki te bò tèt li a?
17 And Saul discerneth the voice of David, and saith, 'Is this thy voice, my son David?' and David saith, 'My voice, my lord, O king!'
Sayil rekonèt vwa David, li di: -David, pitit mwen, se ou menm pa vre? David di li: -Se mwen wi, monwa!
18 and he saith, 'Why [is] this — my lord is pursuing after his servant? for what have I done, and what [is] in my hand evil?
Apre sa, li di ankò: -Chèmèt mwen, poukisa w'ap pousib mwen konsa, mwen menm k'ap sèvi ou la? Kisa m' fè? Ki krim mwen fè?
19 And, now, let, I pray thee, my lord the king hear the words of his servant: if Jehovah hath moved thee against me, let Him accept a present; and if the sons of men — cursed [are] they before Jehovah, for they have cast me out to-day from being admitted into the inheritance of Jehovah, saying, Go, serve other gods.
Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.
20 'And now, let not my blood fall to the earth over-against the face of Jehovah, for the king of Israel hath come out to seek one flea, as [one] pursueth the partridge in mountains.'
Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!
21 And Saul saith, 'I have sinned; turn back, my son David, for I do evil to thee no more, because that my soul hath been precious in thine eyes this day; lo, I have acted foolishly, and do err very greatly.'
Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.
22 And David answereth and saith, 'Lo, the king's spear; and let one of the young men pass over, and receive it;
David reponn li: -Monwa, men frenn ou an. Fè yonn nan moun ou yo janbe vin chache l'.
23 and Jehovah doth turn back to each his righteousness and his faithfulness, in that Jehovah hath given thee to-day into [my] hand, and I have not been willing to put forth my hand against the anointed of Jehovah,
Seyè a va bay chak moun sa yo merite, dapre jan yo mache devan li, dapre jan yo kenbe pwomès yo. Jòdi a, li te lage ou nan men m'. Men, mwen pa fè ou anyen, mwen pa leve men m' sou wa Seyè a te chwazi a.
24 and lo, as thy soul hath been great this day in mine eyes, so is my soul great in the eyes of Jehovah, and He doth deliver me out of all distress.'
Menm jan mwen te gen respè pou ou jòdi a, m' pa touye ou, mwen mande Seyè a pou l' fè menm bagay la pou mwen tou, lèfini pou l' wete m' nan tout tèt chaje sa yo.
25 And Saul saith unto David, 'Blessed [art] thou, my son David, also working thou dost work, and also prevailing thou dost prevail.' And David goeth on his way, and Saul hath turned back to his place.
Sayil di David: -Se pou Bondye beni ou, pitit gason mwen! Se pou tou sa w'ap fè mache byen! Apre sa, David al fè wout li, Sayil menm tounen lakay li.