< Psalms 133 >
1 A Song of degrees of David. Behold, how good and how pleasant [it is] for brethren to dwell together in unity!
Yon chan pou monte vè tanp lan. Gade byen, a la bon e agreyab pou frè yo viv ak tèt ansanm!
2 [It is] like the precious ointment upon the head, that ran down upon the beard, [even] Aaron's beard: that went down to the skirts of his garment;
Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.
3 As the dew of Hermon, [and as the dew] that descended upon the mountains of Zion: for there the LORD commanded the blessing, [even] life for ever.
Se tankou lawouze Mòn Hermon ki vin desann sou mòn Sion nan; paske la, SENYÈ a te kòmande benediksyon an——lavi jis pou tout tan.