< Nahum 3 >

1 Woe to the bloody city! it [is] all full of lies [and] robberies; the prey departeth not;
Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Se manti ase l'ap mache bay. Li plen richès li vòlò nan fè mètdam. Li chaje ak byen li piye kay lòt.
2 The noise of a whip, and the noise of the rattling of the wheels, and of the prancing horses, and of the bounding chariots.
Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k'ap woule vini. Koute bri chwal yo k'ap galope, bri cha lagè yo k'ap kouri vini.
3 The horseman lifteth up both the bright sword, and the glittering spear: and [there is] a multitude of slain, and a great number of carcasses; and [there is] no end of [their] corpses; they stumble upon their corpses:
Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri.
4 Because of the multitude of the lewd deeds of the well-favored harlot, the mistress of witchcrafts, that selleth nations through her lewd deeds, and families through her witchcrafts.
Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!
5 Behold, I [am] against thee, saith the LORD of hosts; and I will remove thy skirts upon thy face, and I will show the nations thy nakedness, and the kingdoms thy shame.
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont.
6 And I will cast abominable filth upon thee, and make thee vile, and will set thee as a gazing-stock.
Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon.
7 And it shall come to pass, [that] all they that look upon thee shall flee from thee, and say, Nineveh is laid waste: who will bemoan her; whence shall I seek comforters for thee?
Tout moun ki va wè ou va kouri byen lwen. Y'a di: Lavil Niniv fini! Ki moun ki va gen pitye pou li? Pa gen pesonn ka vle vin kenbe rèl la avè l'.
8 Art thou better than populous No, that was situated among the rivers, [that had] the waters around it, whose rampart [was] the sea, [and] her wall [was] from the sea?
Ou menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l',
9 Cush and Egypt [were] her strength, and [it was] infinite; Put and Lubim were thy helpers.
atout li te anvayi peyi Letiopi ak peyi Lejip kifè pa t' gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l',
10 Yet [was] she carried away, she went into captivity: her young children also were dashed in pieces at the head of all the streets: and they cast lots for her honorable men, and all her great men were bound in chains.
yo fè moun li yo prizonye, yo depòte yo nan lòt peyi. Nan tout kalfou, yo kraze pitit li yo jouk yo mouri. Yo mare grannèg li yo nan chenn kou esklav. Yo separe yo, yo tire osò pou bay chak moun pa yo.
11 Thou also shalt be drunken: thou shalt be hid, thou also shalt seek strength because of the enemy.
Ou menm tou, lavil Niniv, ou pral sou. Tèt ou pral vire. Ou menm tou, ou pral chache kote pou ou kache pou lènmi ou yo.
12 All thy strong holds [shall be like] fig-trees with the first ripe figs: if they be shaken, they shall even fall into the mouth of the eater.
Fò ou yo tankou yon pye fig frans chaje fig mi: ou annik souke l', epi fig yo tonbe nan bouch k'ap tann pou manje yo.
13 Behold, thy people in the midst of thee [are] women: the gates of thy land shall be set wide open to thy enemies: the fire shall devour thy bars.
Sòlda ou yo, ou ta di yon bann fanm! Peyi a ap san defans devan lènmi ou yo, dife boule ba ki fèmen pòtay ou yo. Yo rete gran louvri.
14 Draw thee waters for the siege, fortify thy strong holds: go into clay, and tread the mortar, make strong the brick-kiln.
Al pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik.
15 There shall the fire devour thee; the sword shall cut thee off, it shall eat thee up like the canker-worm: make thyself many as the canker-worm, make thyself many as the locusts.
Ou te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou.
16 Thou hast multiplied thy merchants above the stars of heaven: the canker-worm spoileth, and flieth away.
Ou te gen plis moun k'ap fè kòmès pase gen zetwal nan syèl la. Koulye a, yo pati tankou krikèt ki louvri zèl yo vole ale.
17 Thy crowned [are] as the locusts, and thy captains as the great grasshoppers, which settle in the hedges in the cold day, [but] when the sun ariseth they flee away, and their place is not known where they [are].
Sòlda ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y' ale. Pesonn pa konnen kote yo fè.
18 Thy shepherds slumber, O king of Assyria: thy nobles shall dwell [in the dust]: thy people are scattered upon the mountains, and no man gathereth [them].
Ou menm wa peyi Lasiri a, faksyonnè ou yo ap dòmi. Chèf lame ou yo mouri. Moun ou yo gaye nan tout mòn. Pa gen pesonn pou fè yo tounen lakay yo ankò.
19 [There is] no healing of thy bruise; thy wound is grievous: all that hear the fame of thee shall clap the hands over thee: for upon whom hath not thy wickedness passed continually?
Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.

< Nahum 3 >