< 2 Kings 18 >

1 Now it came to pass in the third year of Hoshea son of Elah king of Israel, [that] Hezekiah the son of Ahaz king of Judah began to reign.
Alò, li te vin rive nan twazyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la ke Ézéchias, fis Achaz la, wa Juda a, te devni wa a.
2 Twenty and five years old was he when he began to reign; and he reigned twenty and nine years in Jerusalem. His mother's name also [was] Abi, the daughter of Zachariah.
Li te gen venn-senkan lè l te devni wa e li te renye pandan vent-nèf ane Jérusalem. Non manman li se te Abi, fi a Zacharie a.
3 And he did [that which was] right in the sight of the LORD, according to all that David his father did.
Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a, selon tout sa ke zansèt li yo, David te konn fè.
4 He removed the high places, and broke the images, and cut down the groves, and broke in pieces the brazen serpent that Moses had made: for till those days the children of Israel burnt incense to it: and he called it Nehushtan.
Li te retire wo plas yo, li te kraze pilye sakre yo, e li te koupe desann Astarté la. Anplis, li te kraze an mòso sèpan an bwonz ke Moïse te fè a, paske jis rive nan jou sa yo, fis Israël yo te konn brile lansan pou li; epi li te rele Nehuschtan.
5 He trusted in the LORD God of Israel; so that after him was none like him among all the kings of Judah, nor [any] that were before him.
Li te mete konfyans li nan SENYÈ a, Bondye Israël la, jiskaske, apre li, pa t gen tankou li nan tout wa Juda yo, ni nan sila ki te avan l yo.
6 For he cleaved to the LORD, [and] departed not from following him, but kept his commandments, which the LORD commanded Moses.
Paske li te kenbe fèm a SENYÈ a. Li pa t varye nan swiv Li, men li te kenbe kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo.
7 And the LORD was with him; [and] he prospered whithersoever he went forth: and he rebelled against the king of Assyria, and served him not.
Epi SENYÈ a te avèk li. Nenpòt kote li te ale, li te reyisi. Li te fè rebèl kont wa a Assyrie a e li pa t sèvi li.
8 He smote the Philistines, [even] to Gaza, and its borders, from the tower of the watchmen to the fortified city.
Li te venk Filisten yo soti rive nan Gaza avèk teritwa li, soti nan tou kay gad yo, jis rive nan gwo vil fòtifye a.
9 And it came to pass in the fourth year of king Hezekiah, which [was] the seventh year of Hoshea son of Elah king of Israel, [that] Shalmaneser king of Assyria came up against Samaria, and besieged it.
Alò, nan katriyèm ane Wa Ézéchias la, ki te setyèm ane Osée, fis a Éla a, wa Israël la, Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont Samarie, e te fè syèj kont li.
10 And at the end of three years they took it: [even] in the sixth year of Hezekiah, that [is] the ninth year of Hoshea king of Israel, Samaria was taken.
Nan fen twazan, yo te kaptire li, epi nan sizyèm ane Ézéchias la, ki te nan nevyèm ane Osée a, wa Israël la, Samarie te vin kaptire.
11 And the king of Assyria carried away Israel to Assyria, and put them in Halah and in Habor [by] the river of Gozan, and in the cities of the Medes:
Konsa, wa Assyrie a te pote Israël ale an egzil nan Assyrie, e li te mete yo nan Chalach sou rivyè Gozan nan vil a Mèdes yo,
12 Because they obeyed not the voice of the LORD their God, but transgressed his covenant, [and] all that Moses the servant of the LORD commanded, and would not hear [them], nor do [them].
paske yo pa t obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye pa yo a, men yo te transgrese akò pa Li a, menm tout sa ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te kòmande yo. Yo pa t koute yo, ni fè yo.
13 Now in the fourteenth year of king Hezekiah Sennacherib king of Assyria came up against all the fortified cities of Judah, and took them.
Alò, nan katòzyèm ane a Wa Ézéchias, Sanchérib la, wa Assyrie a te vin monte kont tout vil fòtifye Juda yo, e li te sezi yo.
14 And Hezekiah king of Judah sent to the king of Assyria to Lachish, saying, I have offended; return from me: that which thou puttest on me I will bear. And the king of Assyria appointed to Hezekiah king of Judah three hundred talents of silver and thirty talents of gold.
Alò, Ézéchias, wa Juda a te voye kote wa Assyrie a nan Lakis. Li te di: “Mwen te fè mal. Rale bak sòti sou mwen; nenpòt sa ke ou mande m peye, m ap sipòte l.” Pou sa, wa Assyrie a te fè demand a Ézéchias pou peye twa san talan ajan avèk trant talan lò.
15 And Hezekiah gave [him] all the silver that was found in the house of the LORD, and in the treasures of the king's house.
Ézéchias te bay tout ajan ki te twouve nan kay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a.
16 At that time did Hezekiah cut off [the gold from] the doors of the temple of the LORD, and [from] the pillars which Hezekiah king of Judah had overlaid, and gave it to the king of Assyria.
Nan tan sa a, Ézéchias te koupe retire lò nan pòt tanp SENYÈ a, avèk chanbrann pòt ke Ézéchias, wa Juda a, te kouvri a e li te bay li a wa Assyrie a.
17 And the king of Assyria sent Tartan and Rab-saris and Rab-shakeh from Lachish to king Hezekiah with a great army against Jerusalem: and they went up, and came to Jerusalem: and when they had come up, they came and stood by the conduit of the upper pool, which [is] in the highway of the fuller's field.
Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.
18 And when they had called to the king, there came out to them Eliakim the son of Hilkiah, who [was] over the household, and Shebna the scribe, and Joah the son of Asaph the recorder.
Lè yo te rele wa a, Élikiam, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la ak Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te parèt kote yo.
19 And Rab-shakeh said to them, Speak ye now to Hezekiah, Thus saith the great king, the king of Assyria, What confidence [is] this in which thou trustest?
Epi Rabschaké te di yo: “Pale koulye a a Ézéchias: ‘Konsa pale gran wa a, wa Assyrie a: “Ki kalite konfyans sa ke ou genyen an?
20 Thou sayest, but [they are but] vain words, I [have] counsel and strength for the war. Now in whom dost thou trust, that thou rebellest against me?
Ou di nou (malgre se pawòl vid yo ye): ‘Mwen gen konsèy avèk pwisans pou fè lagè.’ Alò, sou kilès ou depann, pou ou vin fè rebèl kont mwen an?
21 Now behold, thou trustest upon the staff of this bruised reed, [even] upon Egypt, on which if a man leaneth, it will go into his hand, and pierce it: so [is] Pharaoh king of Egypt to all that trust on him.
Alò, veye byen, ou depann de baton a wozo kraze sa a, sou Égypte menm. Sou sila si yon nonm apiye, l ap fonse antre nan men l e pèse l nèt. Se konsa, Farawon va ye pou tout sila ki depann de li yo.
22 But if ye say to me, We trust in the LORD our God: [is] not that he whose high places and whose altars Hezekiah hath taken away, and hath said to Judah and Jerusalem, Ye shall worship before this altar in Jerusalem?
Men si ou di mwen: ‘Nou mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an’, se pa li menm pou sila Ézéchias te retire wo plas avèk lotèl yo, e ki te di a Juda avèk Jérusalem: ‘Nou va adore devan lotèl sa a Jérusalem?’
23 Now therefore, I pray thee, give pledges to my lord the king of Assyria, and I will deliver thee two thousand horses, if thou shalt be able on thy part to set riders upon them.
Pou sa, vini, fè yon antant avèk mèt mwen, wa a Assyrie a, e mwen va ba ou de mil cheval, si ou kab menm mete moun sou do yo.
24 How then wilt thou turn away the face of one captain of the least of my master's servants, and put thy trust on Egypt for chariots and for horsemen?
Kijan ou kab reziste a menm youn nan pi piti a sèvitè mèt mwen yo e depann de Égypte pou cha ak chevalye?
25 Have I now come up without the LORD against this place to destroy it? The LORD said to me, Go up against this land, and destroy it.
Èske se san soutyen SENYÈ a ke m vin monte kont plas sa a pou detwi li? SENYÈ a te di m ‘Monte kont plas sa a pou detwi l.’”’”
26 Then said Eliakim the son of Hilkiah, and Shebna and Joah, to Rab-shakeh, Speak, I pray thee, to thy servants in the Syrian language; for we understand [it]: and talk not with us in the Jews language in the ears of the people that [are] on the wall.
Alò Éliakim, fis a Hilkija a, avèk Schebna ak Joach te di a Rabschaké: “Pale koulye a a sèvitè ou yo an Arameyen, paske nou konprann li. Pa pale avèk nou an Jideyen nan zòrèy a moun ki sou mi yo.”
27 But Rab-shakeh said to them, Hath my master sent me to thy master, and to thee, to speak these words? [hath he] not [sent me] to the men who sit on the wall, that they may feed on their vilest excretions with you?
Men Rabschaké te di yo: “Èske mèt mwen an te voye m sèlman a mèt pa w la pou pale pawòl sila yo, pa pou mesye ki chita sou mi yo, ki va manje pwòp watè pa yo e bwè dlo pipi pa yo ansanm avè w?”
28 Then Rab-shakeh stood and cried with a loud voice in the Jews language, and spoke, saying, Hear the word of the great king, the king of Assyria:
Epi Rabschaké te kanpe, li te kriye avèk yon vwa fò an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl gran wa a, wa Assyrie a!
29 Thus saith the king, Let not Hezekiah deceive you: for he shall not be able to deliver you out of his hand:
Konsa pale wa a! ‘Pa kite Ézéchias twonpe nou, paske li p ap kab delivre nou pou sòti nan men m.
30 Neither let Hezekiah make you trust in the LORD, saying, The LORD will surely deliver us, and this city shall not be delivered into the hand of the king of Assyria.
Ni pa kite Ézéchias mennen nou pou mete konfyans nan SENYÈ a, pou l di: “SENYÈ a va anverite delivre nou, e vil sa a p ap livre nan men a gran wa a Assyrie a.”
31 Hearken not to Hezekiah: for thus saith the king of Assyria, Make [an agreement] with me by a present, and come out to me, and [then] eat ye every man of his own vine, and every one of his fig-tree, and drink ye every one the waters of his cistern:
Pa koute Ézéchias.’ Paske konsa pale wa Assyrie a: ‘Fè lapè nou avèk mwen e sòti vin kote mwen. Manje nou chak nan pwòp chan rezen pa nou, nou chak pye fig mi etranje pa nou e nou chak nan pwòp dlo sitèn pa nou,
32 Until I come and take you away to a land like your own land, a land of corn and wine, a land of bread and vineyards, a land of olive-oil and of honey, that ye may live, and not die: and hearken not to Hezekiah, when he persuadeth you, saying, The LORD will deliver us.
jiskaske mwen rive pou pran nou ale nan yon lòt peyi, yon peyi ak sereyal avèk diven nèf, yon peyi avèk bwa doliv ak siwo myèl, pou nou kapab viv e pa mouri.’ Men pa koute Ézéchias lè li mal dirije nou pou di: ‘SENYÈ a va delivre nou.’
33 Hath any of the gods of the nations delivered at all his land out of the hand of the king of Assyria?
Èske okenn nan dye a peyi sila yo te delivre peyi pa yo a devan men wa a Assyrie a?
34 Where [are] the gods of Hamath, and of Arpad? where [are] the gods of Sepharvaim, Hena, and Ivah? have they delivered Samaria out of my hand?
Kote dye a Hamath yo oswa Arpad yo? Kote dye a Sepharvaïm yo, oswa Héna avèk Ivva yo? Èske yo te delivre Samarie pou l sòti nan men m?
35 Who [are] they among all the gods of the countries, that have delivered their country out of my hand, that the LORD should deliver Jerusalem out of my hand?
Kilès pami tout dye a peyi yo ki te delivre peyi pa yo devan men m, pou SENYÈ a ta dwe delivre Jérusalem soti nan men m?”
36 But the people held their peace, and answered him not a word: for the king's commandment was, saying, Answer him not.
Men pèp la te rete an silans e pa t reponn menm yon mo; paske lòd a wa a se te “Pa reponn li”.
37 Then came Eliakim the son of Hilkiah, who [was] over the household, and Shebna the scribe, and Joah the son of Asaph the recorder, to Hezekiah with [their] clothes rent, and told him the words of Rab-shakeh.
Epi Éliakim, fis a Hilkija a, ki te sou tout kay la, Schebna, grefye a ak Joach, fis a Asaph la, achivist la, te vin kote Ézéchias avèk rad yo tou chire pou te pale li pawòl a Rabschaké yo.

< 2 Kings 18 >