< Numbers 26 >
1 After the plague [ended], Yahweh said to Eleazar and Moses/me,
Konsa, li te vin rive apre gwo epidemi an ke SENYÈ a te pale avèk Moïse e avèk Éléazar, fis Aaron an, prèt la. Li te di:
2 “Count all the people of Israel [again]. Write down the names of all the men who are at least 20 years old who are able to fight [in battles], along with their family names.”
“Fè yon kontwòl sou tout kongregasyon a fis Israël la soti nan laj ventan oswa plis, pou lakay zansèt a papa yo, nenpòt moun ki kapab sòti pou fè lagè an Israël.
3 So while the Israelis were on the plains where the Moab people-group lived, Eleazar and Moses/I told this to the Israeli leaders:
Se konsa ke Moïse avèk Éléazar te pale avèk yo nan plèn Moab la, akote Jourdain an, anfas Jéricho. Di yo:
4 “Write down the names of all the Israeli men who are at least 20 years old, as Yahweh has commanded us.” [So they did that], and this is a record of all the descendants of Jacob who came out of Egypt [who were still alive].
Fè yon kontwòl a pèp la soti nan laj a ventan oswa plis, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.”
5 [They counted] 43,730 men from the tribe of Reuben, Jacob’s oldest son. They were in clans descended from Hanoch, Pallu, Hezron, and Carmi.
Ruben, premye ne an Israël la, fis a Ruben yo: a Hénoc, fanmi a Enokit yo; a Pallu, fanmi a Paliyit yo;
a Hetsron, fanmi a Estwonit yo; a Carmi, fanmi a Kamit yo.
Sila yo se fanmi a Ribenit yo: sila ki te konte nan yo a se te karann-twa-mil-sèt-san-trant.
9 and his grandsons were Nemuel, Dathan and Abiram. Dathan and Abiram were the leaders who joined with Korah to conspire against Aaron and Moses/me and rebelled against Yahweh.
Fis a Éliab yo: Nemeul, Dathan ak Abiram. Sila yo se te Dathan avèk Abiram ki te rele pa kongregasyon an, ki te kont Moïse ak Aaron nan konpanyen Koré yo lè yo te kont SENYÈ a,
10 But the earth opened up and swallowed them and Korah. Yahweh also sent a fire that burned up 250 men who supported those three men. That was a warning [to all the Israeli people] that they should respect and obey the leaders whom Yahweh had appointed.
epi tè a te vin ouvri bouch li e te vale yo ansanm avèk Koré, lè konpanyen sa yo te vin mouri, lè dife a te devore de-san-senkant mesye. Konsa, yo te devni yon egzanp.
11 But the descendants of Korah did not die [on that day].
Sepandan, fis a Koré yo pa t mouri.
12 The Israeli leaders counted 22,200 men from the tribe of Simeon. They were in clans descended from Nemuel, Jamin, Jakin, Zerah, and Shaul.
Fis a Siméon yo selon fanmi pa yo: a Nemeul, fanmi Nemilit yo, a Jamin, fanmi a Jaminit yo; a Jakin, fanmi a Jakinit yo;
a Zérach, fanmi a Zerakit yo; a Saül, fanmi a Saoulit yo.
Sila yo se fanmi a Simeyonit yo, venn-de-mil-de-san.
15 They counted 40,500 men from the tribe of Gad. They were in clans descended from Zephon, Haggi, Shuni, Ozni, Eri, Arod, and Areli.
Fis a Gad selon fanmi pa yo: a Tsephon, fanmi a Sefonit yo; a Haggi, fanmi a Agit yo; a Schuni, fanmi a Chounit yo;
a Ozni, fanmi a Oznit yo; a Éri, fanmi a Erit yo;
a Arod, fanmi a Awodit yo; a Areéli, fanmi a Areyelit yo.
Sila yo se fanmi a fis a Gad yo selon sila ki te konte nan yo, te karant-mil-senk-san.
19 They counted 76,500 men from the tribe of Judah. They were in clans descended from Shelah, Perez, Zerah, Hezron, and Hamul. Judah’s other two sons, Er and Onan, died in Canaan [without having had any children].
Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran.
Fis a Juda yo selon fanmi pa yo te: Schéla, fanmi a Chelanit yo; a Peret, fanmi a Peretit yo; a Zérach, fanmi a Zerakit yo.
Fis a Peret yo te: a Hetsron, fanmi a Etswonit yo; a Hamul, fanmi a Amilit yo.
Sila yo se fanmi a Juda selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-sèz-mil-senk-san.
23 They counted 64,300 men from the tribe of Issachar. They were in clans descended from Tola, Puvah, Jashub, and Shimron.
Fis a Issacar yo selon fanmi pa yo: a Thola, fanmi a Tolatit yo; a Puva, fanmi a Pivit yo;
a Jaschub, fanmi a Jachoubit yo; a Shimron, fanmi a Chimwonit yo.
Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-twa-san.
26 They counted 60,500 men from the tribe of Zebulun. They were in clans descended from Sered, Elon, and Jahleel.
Fis a Zabulon yo selon fanmi pa yo: a Séred, fanmi a Seredit yo; a Élon, fanmi a Elonit yo; a Jaheel, fanmi a Jayelit yo.
Sila yo se fanmi a Zabilonit yo selon sila yo ki te konte nan yo, se te swasant-mil-senk-san.
28 They counted 52,700 men from the tribe of Manasseh, who was one of the sons of Joseph. They were in clans descended from Machir, from his son Gilead, and from his six grandsons—Jezer, Helek, Asriel, Shechem, Shemida, and Hepher. Hepher’s son Zelophehad did not have any sons, but he had five daughters—Mahlah, Noah, Hoglah, Milcah, and Tirzah.
Fis a Joseph yo selon fanmi pa yo: Manassé ak Ephraïm.
Fis a Manassé yo: a Makir, fanmi a Makirit yo; epi Makir te devni papa a Galaad; a fanmi Galaadit yo;
Sila yo se fis a Galaad yo: a Jézer, fanmi a Jezerit yo; a Hélek, fanmi a Helekit yo,
epi a Asriel, fanmi a Asriyelit yo; epi Sichem, fanmi a Sichemit yo;
epi a Schemida, fanmi a Schemidayit yo; epi a Hépher, fanmi a Eferit yo.
Alò, Tselophchad, fis a Hépher a, pa t gen fis, men sèlman fi; epi non a fi a Tselophchad yo se te Machla, Noa, Hogla, Milca, ak Thirtsa.
Sila yo se fanmi a Manassé yo; epi sila ki te konte nan yo, se te senkann-de-mil-sèt-san.
35 They counted 32,500 men from the tribe of Ephraim, who was Joseph’s other son. They were in clans descended from Shuthelah, Becher, Tahan, and Shuthelah’s son Eran.
Sila yo se fis a Ephraïm yo selon fanmi pa yo: a Schutélach, fanmi a Chutelachit yo; a Béker, fanmi a Bekerit yo; a Thachan, fanmi a Tachanit yo.
Sila yo se fis a Schutélach yo: a Éran fanmi a Eranit yo.
Sila yo se fanmi a fis a Ephraïm yo selon sila ki konte nan yo, se te trann-de-mil-senk-san. Sila yo se fis a Joseph yo selon fanmi pa yo.
38 They counted 45,600 men from the tribe of Benjamin. They were in clans descended from Bela, Ashbel, Ahiram, Shephupham, and Hupham, and from Bela’s two sons—Ard and Naaman.
Fis a Benjamin yo selon fanmi pa yo: a Béla, fanmi a Belit yo; a Aschbel, fanmi a Achbelit yo; a Achiram, fanmi a Achiramit yo;
a Schupham, fanmi a Choufamit yo; a Hupham, fanmi a Oufamit yo.
Fis a Béla yo se te: Ard ak Naaman: nan Ard, fanmi a Adit yo; nan Naaman, fanmi a Naamanit yo.
Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te karann-senk-mil-sis-san.
42 They counted 64,400 men from the tribe of Dan. They were in one clan descended from Shuham.
Sila yo se fis a Dan yo selon fanmi pa yo: a Schucham, fanmi a Chouchamit yo. Sila yo se fanmi a Dan selon fanmi pa yo.
Tout fanmi a Chouchamit yo selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-kat-san.
44 They counted 53,400 men from the tribe of Asher. They were in clans descended from Imnah, Ishvi, and Beriah, and from Beriah’s two sons—Heber and Malkiel. Asher also had a daughter named Serah.
Fis a Aser yo, selon fanmi pa yo: a Jimna, fanmi a Jimnit yo; a Jischvi, fanmi a Jischvit yo; a Beria, fanmi a Berit yo.
A fis a Beria yo: Héber, fanmi a Eberit yo; a Malkiel, fanmi a Malkyelit yo.
Fi a Aser a te rele Sérach.
Sila yo se fanmi a fis Aser yo selon sila ki te konte nan yo, se te senkant-twa-mil-kat-san.
48 They counted 45,400 men from the tribe of Naphtali. They were in clans descended from Jahzeel, Guni, Jezer, and Shillem.
Fis a Nephtali yo, selon fanmi pa yo: a Jahtséel, fanmi a Jatseyelit yo; a Guni, fanmi a Gounit yo;
A Jetser, fanmi a Jetsrit yo; a Schillem, fanmi a Chilemit yo.
Sila yo se fanmi a Nephtali yo selon fanmi pa yo, epi sila ki te konte avèk yo, se te karann-senk-mil-kat-san.
51 The total of the Israeli men whom the leaders counted was 601,730.
Sila yo se sa yo ki te konte nan fis Israël yo, sis-san-en-mil-sèt-san-trant.
52 Then Yahweh said to Moses/me,
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
53 “Divide Canaan land among the tribes. Distribute the land according the number of people in each tribe that are on your lists.
Pami sila yo, peyi a va divize kòm yon eritaj selon fòs kantite pèp la.
54 Decide by (casting lots/throwing stones which are marked) to determine which group will get which area, but give the largest areas to the groups with the most people.”
Nan sila ki pi gran yo, ou va ogmante eritaj pa yo, e nan pi piti yo, ou va diminye eritaj yo. Chak va bay eritaj yo selon sila ki te konte nan yo.
Men peyi a va divize pa tiraj osò. Yo va resevwa eritaj yo selon fòs kantite ki te konte pami yo.
Selon tiraj osò a, eritaj pa yo a va divize antre sila ki pi gran ak sila ki pi piti yo.
57 The leaders also counted the male descendants of Levi. They were in clans descended from Gershon, Kohath, and Merari.
Sila yo se sa yo ki te konte pami Levit yo selon fanmi pa yo: a Guerschon, vin desann fanmi a Gèchonit yo; a Kehath, fanmi a Keyatit yo; a Merari, fanmi a Merarit yo.
58 These also included people from the clans of Libni, Hebron, Mahli, Mushi, and Korah. All of them were descendants of Levi. Kohath was the ancestor of Amram,
Sila yo se fanmi a Levi yo: fanmi a Libnit yo, fanmi a Ebwonit yo, fanmi a Machlit yo, fanmi a Mouchit yo, fanmi a Korit yo. Kehath te devni papa a Amram.
59 whose wife was Jochebed. She also was a descendant of Levi, but she was born in Egypt. She and Amram had two sons, Aaron and Moses/me, and their/our [older] sister Miriam.
Non a madanm Amram nan se te Jokébed, fi pou Levi a, ki te ne a Levi an Égypte; epi li te fè pou Amram: Aaron avèk Moïse avèk sè yo, Marie.
60 Aaron’s sons were Nadab, Abihu, Eleazar, and Ithamar.
Pou Aaron te ne Nadab avèk Abihu, Éléazar ak Ithamar.
61 But Nadab and Abihu died when they burned [incense for a sacrifice] to Yahweh in a way that disobeyed what Yahweh had commanded.
Men Nadab avèk Abihu te mouri lè yo te ofri dife etranje devan SENYÈ a.
62 The leaders counted 23,000 men from the descendants of Levi who were at least one month old. But these men were not counted when the rest of the Israeli people [were counted], because they were not given any land.
Sila ki te konte nan yo te venn-twa-mil, tout gason soti nan yon mwa oswa plis, paske yo pa t konte pami fis a Israël yo akoz pa t gen eritaj ki te bay a yo menm pami fis Israël yo.
63 Those were the men whom Eleazar and Moses/I said should be counted. They counted the Israeli people on the plains where the Moab people-group lived, on the [east] side of the Jordan River, across from Jericho [city].
Sila yo se sa ki te konte pa Moïse avèk Éléazar, prèt la, ki te konte fis a Israël yo, nan plèn a Moab bò kote Jourdain an, nan Jéricho.
64 None of the men whom they counted were on the lists that were made by Aaron and Moses/me when the Israelis were in the Sinai Desert,
Men pami sila yo, pa t gen yon mesye nan sa yo ki te konte pa Moïse avèk Aaron, prèt la, ki te konte fis a Israël yo nan dezè a Sinaï a.
65 because Yahweh had said about them, “They will all die in this desert,” [and that is what happened]. The only ones who were still alive were Jephunneh’s son Caleb and Nun’s son Joshua.
Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.